Skip to main content
Framework Conversations

Framework Conversations

By Davidson Jules

Become a Paid Subscriber: https://podcasters.spotify.com/pod/show/davidson-jules/subscribe Join leader, optimist and change maker Davidson Jules as he sits down with some brilliant, inspiring and wonderful guests on their life stories and changes they are making to this world and people's lives. We talk about educational leadership, personal development and topics that matter for sustainable solution. Our goal is to Motivate, Encourage and Inspire! "If your goals don't influence your calendar, they aren't really your goals". Kent Ingle.
Available on
Apple Podcasts Logo
Google Podcasts Logo
Overcast Logo
Pocket Casts Logo
RadioPublic Logo
Spotify Logo
Kòmanw kapab gen yon konvèzasyon ki Difisil sanw pa kreye plis KONFLI!

Kòmanw kapab gen yon konvèzasyon ki Difisil sanw pa kreye plis KONFLI!

Nan epizod sa, nou wè 5 fason ke yon moun kapab gen yon konvèzasyon ki difisil swa avèk ekip li, manm fanmil oswa patwonl sanl pa rive kreye plis konfli.

  • Youn nan egzanp nou site nan epizod sa nan sa ki gen wè ap dirije avèk konpasyon se egzanp Jeff Weiner te pataje nan konvèzasyon li avèk Oprah; kote lap esplike move entèpretesayon anpil moun fè sou sa ki gen pou wè ak lè yon moun ap dirije avèk konpasyon ak kisa konpasyon pa ye.


  • Nou rete kwè gen plis fason toujou ke moun ki nan pozisyon pou dirije oswa moun yap dirije yo kapab rive diskiste sou sa ki pa fè yo byen oswa kap mal mache antouraj yo nan sousi pou jwenn solisyon san yo pa kreye plis konfli men pito rive pote chanjman radikal sa ke tout moun swete wè a anndan òganizasyon oswa kominote sa. Jan nou repete souvan nan podkas sa, "Lidèship se Disiplin" e tout moun ki nan pozisyon pou lid lòt moun si pa gen disiplin ap toujou gen konfli ki pa nesesè. Epitou Lidè yo sipoze ap fòme tèt yo san kanpe paske se youn nan pi meyè fason pouw pi byen oryante moun sa yo ke wap lid yo.
  • Sonje sa byen, se pa tout konfli kew paka evite men lesansyèl se koman ou abòde sityasyon an kap baw yon rezilta diferan. Nou swetew jwenn fason paw lan kap edew gen konvèzasyon difisil sa epi rive fè chanjman radikal sa nan kilti òganizasyon oswa kominote wap evolye.


Sonje pataje epizod ou sot koute a ak yon lot moun ou pa janm konnen ki diferan li ka fè nan lavi pal.




May 07, 202313:07
Kòman Pouw koupe Fache ak Move ABITID Yo.

Kòman Pouw koupe Fache ak Move ABITID Yo.

Nan epizod sa, nou pale sou kòman ou kapab koupe fache ak move ABITID yo epi pataje 2 aksyon siw aplike kap edew fini ak move abitid sa epi vini moun ke ou vle ye a. “Lespwa pa kapab chanje modèl lidèchip ou. Men abitid ou yo ka chanje modèl lidèchip oswa kalite moun ke ou ye a."
James Clear:
« Chanje konpòtman pi enpòtan epi lap dire pi lontan lèw pran tan ki nesesè a pouw rive fè chanjman sa, se konsistans kap baw rezilta sa parapò ak tan an».
Youn nan Bagay mwen vle atire atansyonw sou li, se move abitid yo ap koutew chè kanmenm. Siw toujou ap viv san rete nan lobedyzns move abitid ou yo, mod konpotman sa pral mennen lavi ak lidèchip wap ekzekite a egzakteman kote ou pat vle rive a.

Atansyon, veye byen 5 deklanchè komen sa yo:

• Andwa- ou pap manje twòp nan sant espò a, men ou kapab petèt fè sa devan gadmanje a.
• Tan - Ou santil nòmal pouw pa mezire tan lè wap repoze, men ou gen tandans jistifye retaw la nan semèn nan ak yon eskiz kew fatige anpil.
Wap ka koute lot yo nan epizod la. Pa bliye pataje epizod lan ak yon lot moun.
Feb 05, 202315:55
3 Aksyon kap edew rete FOKIS, malgre ou STRESE!

3 Aksyon kap edew rete FOKIS, malgre ou STRESE!

Nan epizod #27 la, ansanm avèk sikològ Natacha Desir nou pale sou kisa strès la ye, bagay sa yo ki ka lakoz nou strèse ak kouman nou pakap rive jere moman strès yo, pouw rete fokis epi rive atenn objektif nou yo oswa akonpli rezolisyon ke nou te fikse pou ane sa. Epizòd sa se youn pami anpil lòt nap gen pou nou fè sou Estrès epi enpòtans sante mantal nou si nou vle rete pwodiktif men sitou jwenn relasyon entim sa ak pwòp tèt nou. Sonje nou ka poze kesyon nou yo nan kòmantè yo oswa voye yon mesaj vokal pou nou nap twò kontan reponn nou nan pwòch en epizòd la. Pa bliye abòne ak podcast la sou platfòm ke moun Ka tande podcast pouw ka resevwa tout denye epizòd nou yo. Nou kontan genyenw kòm oditè, siw se youn nan moun kap tande nou depi 2019 fè nou konn sa nan yon kòmantè paske nou ta renmen salyew nan pwochen epizod la men kite yon ti kado pou ou 🤩
Mar 15, 202219:44
Pa pran ankenn rezolisyon anvanw reponn 3 kesyon sa yo!

Pa pran ankenn rezolisyon anvanw reponn 3 kesyon sa yo!

Pou ane 2022 sa kew jwenn pi bon fòmil kap pèmèt ou reyalize pwojè ou a, men sitou antanke lidè pou ou gon pi bon enpak pozitiv nan lavi sila yo wap dirije yo… Lidèship se enfliyans donk veye sou modèl enfliyans wap degaje nan antouraj ou.
Pandan tout ane sa, sonje ke konsistans ansanm ak pèsistans se yo ki pral pwodwi chanjman sa kew ta renmen wè nan ane kap vini yo. Pandan wap réfléchi ak objektif ou yo, sonje ke anpil fwa pwogrè a konn tèlman klè devan jew, sa konn koz ou bliye tout wout kew pase pouw rive kotew ye a, jiskaskew fon ti gade dèyè.
Youn nan bon prensip ke mwen swete pataje avèw pouw ane sa parapò ak objektif ou yo, se fè sur kew kapab mezire tout objektif sa yo, siw paka mezire yo, yo pa yon objektif. Se kapab petèt yon bon oswa bèl ide, li ka petèt yon bagay kew ta renmen reyalize, oubyen yon bagay kew swete fè meditasyon sou li.
Toutotan, se pa yon bagay kew kapab mezire, yon bagay kew ka kantifye, mete yon dat spesifik sou li epi revizel regilyèman, li poko yon objektif. Pou ane sa, Olye nap mete yon pakèt bèl rezolisyon nan lis nou, anpil fwa ki sèlman baze sou lafwa; paske gen anpil kondisyon ki reyni poun paka reyalize yo vre. Map envitew konsidere ansanm ak mwen 3 kesyon sa yo, ke mwen kwè kap pote yon diferans nan anviwonman travay ou ansanm avèk ekip ou pou nouvo ane sa.
1-Kijan ou ka kontinye envesti nan manm ekip ou yo?
2-Ki Bagay kew te fè oswa metod ke ou te aplike nan fasonw Travay ki fè moun sa yo toujou renmen Travay avèk ou?
3-Kisa moun ke wap sèvi yo te apresye pandan ane ki sot pase a nan modèl lidèchip wap aplike a? Se kesyon sa yo nou eseye gade nan epizod sa epi pataje refleksyon ak eksperyans pèsonèl nou ak ou. Si se pwemye fwa wap koute podcast sa, mwen envitew tape framework Conversations sou tout platfòm ke moun ka tande podcast pouw ka gen aksè ak tout ansyen épisode nou yo epi abonde pouw ka resevwa nouvo épisode nou yo chak fwa yo disponible.
Non Pam se Davidson Jules,
Jan 13, 202216:08
Ayiti - Lajenès - Sendomeng (E si tout sa yo te di nou yo, se te MANTI… 🤔).

Ayiti - Lajenès - Sendomeng (E si tout sa yo te di nou yo, se te MANTI… 🤔).

Epizòd sa son epizòd ki anrejistre nan yon kad espesyal. Envite nou pou epizòd sa se Jean Marley Steeve Cantave; ansanm ak Cantave nou pale sou pwosesis entegrasyonl antanke jèn Aysyen ki te debake nan Sendomeng sa pral gen 6 lane. Ansanm nou eseye konprann Jan 2 peyi vwazen sa yo fonksyone, opòtinite ak pwoblèm ke jèn nan 2 peyi a sa yo ap fè sa men tout fenomèn Aysyen ki ale Viv Sendomeng pa grap nan denye moman sa yo. Epizòd sa plis baze sou eksperyans envite a nan tout 2 peyi sa yo, pandan lap pataje opinyon pèsonèl li sou sal konprann epi pataje kèk konsèy parapò ak sal Viv pou sila sa yo ki fenk antre vin Viv Sendomeng ak tout lòt moun sa yo ki gen entansyon vin viv la. Son Epizòd ki anrejistre San pwotokòl se te jis yon chita pale ant 2 zanmi pou yon konvèzasyon kap itil. Sonje pataje epizod nou yo epi abone ak podcast nou an ki disponib sou tout platfòm kew ka tande podcast, pouw ka pa ankenn nan denye epizòd nou yo.
Aug 30, 202101:42:37
Poukisa yon Lidè sispann GRANDI?

Poukisa yon Lidè sispann GRANDI?

Sak pase! Non pam se Davidson Jules e byenvini nan Framework conversations. Majorite moun swete wè bagay yo chanje, yo plis ke motive pou yo chanje mond lan, men anpil nan nou pa konsyan ke li preske enposid pouw chanje anyen nan mond sa si tout fwa ou pa deside kòmanse chanje tèt ou anvan. Nan epizod jodia nou pral pale de 4 abitid pami anpil lot ki ka fè yon lidè oswa nenpòt moun Lan sispann grandi. 4 abitid ki ka fè yon lidè ou nenpòt moun sispann grandi, e tou depan de kisaw fè kòm aktivite oswa pozisyon GRANDI paw la kapab diferan de kòlèd ki kotew la. Gen anpil Rezon ki ka koz yon lidè sispann grandi, yon lidè ki sispann grandi kapab tounen yon andikap pou moun lap lid yo, antrepriz oswa kominote lap sèvi a. Sijè nap gade ansanm jodia son sijè ke anpil gran lidè ak chef antrepriz tankou: Kent Ingle president South Eastern university nan Florida, Pastè Greg Grochel youn nan inisyatè Somè modyal sou lideship ki fet chak ane, … pataje opinion pa yo sou sijè sa. “Poukisa yon lidè sispann grandi?” Se petet kesyon ke anpil nan nou souvan poze e petet ke jodia a anko wap tann yon repons. Egzanp yo anpil, senp antreprenè oswa lidè ke nan yon epòk nou te konn pran kòm modèl, moun kite enspire nou anpil bagay men a yon moman done nan kous la nou reyalize ke moun sa yo sispann grandi, yo sispann enspire nou e jodia tout pi gro reyalizasyon lidè sa yo se sa ke yo te fè pase. Nan kominote pa nou Ann pran yon istwa tankou istwa Mathias Pierre a kòm egzanp: A yon epòk Mathias Pierre reprezante yon bousòl pou anpil jèn nan peyi a, Fondation ETRE Haitian se youn nan pi bon sant oswa platfòm ki te ka janm egziste pou jèn nan peyi sa… Anpil nan nou kap tande epizod sa te petèt benefisye de modèl lidèship Mathias or vizyon antreprenaria li tap eseye mete nan fason nou panse kòm jèn (kòm moun) etc… Jounen jodia Mathias se youn nan pèsonalite piblik moun plis kritike San okenn respè nan radyo ak sou rezo yo… Men eske gon moun oswa eske Mathias rann li kont aki moman li sispann yon modèl pou jèn moun nan peyi a, ke model lideship li vin pa vle di anyen ankò pou anpil moun e menm pouse anpil moun a bliye sil te gon pase ki te itil… nou pap fon epizod sou lavi Mathias men mpanse egzanp Mathias la se youn pami anpil lòt egzanp de lidè sa yo ki sispann gandi a yon moman ou yon lòt… Parapò ak egzanp Mathias la, gen plizyè kesyon nou ta kapab poze: * Ki Sak koz lidè yo sispann grandi, aprè kek akonplisman? * Poukisa depi lidè yo sispann grandi yo tonbe nan yon nivo ki pi ba ke lè yo tap fenk komanse? Nap jwenn plizyè Egzanp sa yo de model lidè sa yo nan kominote nou an, refleksyon ki fèt sou sijè sa; pèmèt nou rive konprann ke wap jwenn omwen 2 a 3 karakteristik ke sa Lakay modèl lidè sa yo ki sispann grandi nap rele abitid nan epizod ke map gen poum pataje ansanm avèw nan pati 2 a. 4 Atitid ki ka non sèlman edew rekonèt modèl lidè sa yo men sitou evite ke ou menm ou tonbe nan menm pyèj sa pi devan, paske vle ou pa pandan pwosesis la wap gen pouw fè fas ak sityasyon parèy. 1- Moun sa yo panse ke yo rive kote yo vle swete rive a! Donk pa gen obligasyon pou yon kontinye Travay sou tèt yo nan sousi pou yo vin yon pi bon vèsyon de moun ke yo ye kounia. Anpil lidè konsidere ti pwemye siksè ke yo fè nan kous la kòmsi yo te atenn pik somè siksè yo. Donk yo akonpli yon bagay kèlkonk nan karyè yo epi yo sispann grandi. 2- Yo plis chita sou sa yo te akonpli nan yon epòk! Sa ka etonew ke anpil lidè toujou panse ke yo ka kontinye ap gide ekip yo nan yon pi bon demen baze sou prensip ak metòd ki te pèmèt yo fè siksè 10 - 15 lane avan. Anpil fwa nou pa konsyan ke bagay nap fè tout tan yo pap mennen nou ni bay okenn rezilta key pat janm gen avan e se youn nan pi gwo andikap lidè sa yo ki vle yon pi bon Fiti men ki rete kwense sou akonplisman pase yo. E chwa konsa ap pèmèt ou wè fitiw nan pasew selman! … 3&4. …. Paske alafen se swaw kontinye grandi nan pwosesis la, kreye chanjman oswa…
Jun 21, 202119:56
Marie Jenny Dorléan yon modèl Lidèship Feminin Poun Ankouraje (ansent a 16 zan daj...CEO Bèlpanyen)

Marie Jenny Dorléan yon modèl Lidèship Feminin Poun Ankouraje (ansent a 16 zan daj...CEO Bèlpanyen)

Nan epizod sa nou prezantew Marie Jenny Dorléan, ki son lidè, yon jèn fanm angaje, inisyatèz diferan aktivite kominote yo e ki reprezante Kenscoff komin kotel soti avek anpil fyète. Jenny ap dirije Pwòp bisniz li kison statòp sou non “Bèl Panyen”. Bèl Panyen son biniz ki fasilite moun achte fri ak tout kalite legim frè pou nenpot okazyon. Wap ka visite oswa komande saw vle a sou Paj Facebook ak Instagram biznis lèw tape “Bèl Panyen”. Pandan tout konvèzasyon an, Marie Jenny Dorlean pale nou de Kèk lidè pami lidè fanm sa yo ki enflyanse aksyon ak desizyon kel pran pandan egzistans li. Li mansyone Listwa Oprah W. kòm youn nan istwa ki te enspirel epi edel soti nan yon period kite trè difisil nan lavil, nan moman kel te ansent a 16 zan daj el te nan klas reto alepok. Jus imajinew nan yon sitiasyon parèy! Se vre period sa te difisil pou li men li pat abandone lekol li nil pat abandone tou bebe sa kel tap pote a, kise youn nan sous lajwal jounen jodia. Atanke fanm kap fè biznis nan yon peyi osi difisil ke Ayiti, Marie Jenny D. pataje ak nou 3 atid ak 3 aksyon li kwè ke yon moun kap fè oswa ki pral lanse yon biznis dwe aplike nan woutin epi poze kòm aksyon nan lide poul sa rive wè rev sa vini yon reyalite. Menm Jan ak tout moun kap fè biznis Marie Jenny D. Konn kase danl tou parapò ak desizyon epi chwa ke lap fè nan biznis men sa pa anpechel kontinye avanse epi satisfè kliyantèl li a... Se pa toujou fasil poun jwen moun ki chwazi ofri sevis yo ak lot moun oswa a yon kominote jèn gratis e kòm moun ki deside dirije pandan lap sevi kom egzanp pou moun lap lid yo, Jenny abitye ofri sevis li kòm volontè a plizyè òganozasyon e nan epizod sa li pwofite pataje opinyonl ak nou sou nesesite epi enpotans pou yon jèn fè volontaria men tou li pataje kek benefis kel jwenn nan ofris sevis li gratis ak lot moun. Marie Jenny Dorlean son model lideship feminin ke anpil moun ta sipoze swiv pou kouran ak detèminasyonl nan lavi. Mwen envitew tande tout epizod pouw sa gen plis detay sou modèl lidèship feminin sa padan nap pwofite raple ke gen anpil lot fanm tankou Marie Jenny Dorléan anndan kominote yo kap fè anpil bagay ekstrawòdinè e ki merite ke nou ba yo kredi pou diferans yap fè nan vi moun sa yo ke yap lid yo pou yon pi bon sosyete. Pa bliye kite kesyon ak komantèw yo pou nou sou nenpot platfòm wap tande epizod sa e siw poko abòne ak chanel nou an pa ezite fè sa pouw ka rete konekte ak nou men sitou gen eksklizivite tout denye epizod nou yo. Sonje pataje epizod sa tou ak yon zanmi paskew pa janm konnen ki diferans li ka fè nan lavi pal. Framework conversations disponib sou tout platfòm kew kapab tande podcast 🎧
Mar 08, 202101:18:54
Yon pi bon lane 2021, depann de Aksyon-Chwa Ak Desizyonw yo...

Yon pi bon lane 2021, depann de Aksyon-Chwa Ak Desizyonw yo...

Epizod #22. Pwemye epizod nou pou ane 2021 an e pwemye epizod tou pou sezon 4 la. Nan epizod sa nou remesyew antanke moun ki fè de podcast sa youn nan preferel, moun ki pat sispann pataje epizod nou yo ak yon zanmi, fanmi etc... Ladanl nou ankourajew pran desizyon epi poze aksyon nan bon sans Lan kap pemet ou rive atenn objektif kew sikse pou ane 2021 sa, nou pataje 3 aksyon avew pami anpil lot aksyon wap gen pouw poze pandan tout pwosesis la pouw vini yon pi bon vèsyon de moun kew ye jodia, vini yon pi bon lidè, yon pi bon pwofesyonèl...

Nan epizod sa nou baw yon ide de kisa nap pote pou ou pandan sezon 4 la ak lot sezon kap gen pou pibliye pandan tout ane a, e sijè tankou enpotans sante mantal nou genyen, model lidèship ki santrel sou enpotans moun avan tou pou yon pi bon yon pi gwo enpak anndan kominote yo; kalite osinon karaktè sa yo kap edew vin yon pi bon lidè ansanm ak sijè sa yo ki gon enpotans kapital pou yon lot model sitwayen pou yon pi bon sosyete...

Nou profite ankouraje tout lidè Ak pwofesyonèl kap fon Travay enpotan anndan kominote yo pou pa neglije fè tande vwa yo paske nou bezwen tande plis pawol itil plis pawol ki sanse eki kapab enfliyense plis moun nan bon sans lan. Epizod sa fet nan lidè pou atire atansyonw sou enpotans poze aksyon genyen pouw sa rive atenn objektif nou yo epi rive wè chanjman sa ke nap pwone a depi anpil ane deja.... Se vre espwa fè Viv m’en Siw bezwen rezilta fow poze aksyon paske poze aksyon se bagay #1 kap mennenw vè rezilta kew swete yo.

Sonje kel enpotan pouw toujou pataje epizod yo ak yon zanmi, kite komantè pou di nou saw panse de Travay la, sijè nou trete yo ak sijè kew ta renmen tande plis nan epizod nou yo. Pa ezite voye kesyon pou nou e nap kontan reponn ou nan pwoche epizod la.
Pa janm bliye tinrapèl sa, ke siw bezwen nouvo rezilta wap bezwen komanse fè bagay kew potko fè avan!

Abone Ak chanèl nou an tout kote moun tande podcast jus tape « Framework Conversations » konsa wap rete konekte Ak nou epi gen enfòmasyon de tout denye epizod nou yo.
😁

Jan 11, 202121:22
Youn nan pi gwo Leson Mwen Aprann Pandan Ane 2020 an... Avèk Etzer Louis Charles

Youn nan pi gwo Leson Mwen Aprann Pandan Ane 2020 an... Avèk Etzer Louis Charles

Pandan yon kategori jwenn diferan eskiz pou justifye rezon kifè yo pòv nan pran initiativ, oswa pòv nan kapasite Kreyativ yo de manyè jeneral... An patikilye pandan ane sa kite yon ane ekstrèmeman difisil pou anpil rezon;
Gon lot kategori ki pa janm sispann Travay, ki pa sispann kreye e ki pa janm sispann inove.
Envite nou pou epizod sa, fè pati de kategori moun sa yo ki pa sispann kreye eki kwè ke li plis ke enpotan pou se nou ki gen kontrol sikonstans yo olye ke se sikonstans yo ki dikte nou sa pou nou fè. Nan epizod sa nou gade ansanm: -Rezime ane 2020 an bò kote pal
-Dekòtike denye initiative kel lanse nan mwa pase yo
-Komanl konprann oswa komanl dijere moman echek yo, or lew rive kase danl nan diferan aktivite ke lap mennen yo
-Ki parapòl devlope ak echek parapo ak diferan eksperiyans kel fè deja... Nou pale tou sou koman nan kiliti pa nou, nou wè Echèk, koman nou grandi avek santiman ke echek se pi move bagay kite ka rive nou, e depi lekol paran nou fè nou konprann ke se bèl rezilta selman ki konte e se anenpot ki pri, nou pran plezi sou kamarad nou yo lè yo pa reysi... paske reysit son bèl bagay. Se pata yon move bagay ke yo te lève nou konsa men kite nou grandi ak santiman ke se sèl siksè ki posib pouw fè nan lavi e ke echek se pi yon move bagay ki ka rive yon moun nan lavi fè nou pè echek pase tout lòt bagay e nan anpil ka lè nou echwe nou panse ke lavi fini e ke pa gen Okenn mwayen ke nou ka pase nou de echek sa poun ta rive akonpli rev ak misyon nou... Mesaj Pam pou ou, pou fin ane a se:
Siw panse kew pa Janm fè erè konnen wap fèl mal, sa wap fè a. Siw pa jwenn anyen pouw korije konnen wap fèl trè mal.
E Siw pa konsyan kew ap fèl mal konnen wap fèl ekstrèmeman mal.

Men! pa enkyetew trop, ou pa pwemye moun ki nan enpas sa el posib pouw soti ladanl siw gen volonte pou sa e pwemye aksyon ou sipoze fè se padone tèt ou.

Mwen vle diw jodia ke li lè li tan pouw padone tèt ou pou tout erè kew te fè, mwen vle ankourajew padone tet ou pou tout echèk kew eksperimante nan pasew e menm pou sa kita gen pou vini yo epi kwè kel posib pouw komanse jodia siw swete vin meyè demen Pa ezite rekomanse siw te deja komanse ew konprann ke sa pap tro byen mâche, mwen diw kontinye avanse malgre difikilte ak echek kew kapab rankontre sou wout ou paske ou vo plis ke sa.

Konprann ke Okenn echèk pa fatal men sa ki pi enpotan an se ki reyaksyonw fas a moman echek yo, ki atitid ou, ki strateji kew aplike Paske reyaksyonw pandan ak apre yon moman chek osinon aprew fin kase danw detèminan pou kantite posiblite kew genyen pouw fè siksè ak atenn objektif ou yo.
Sonje pouw jwenn rezilta kew potko janm jwenn oparavan malgtrew pa sispann eseye wap bezwen fè bagay, poze yon aksyon, pran desizyon kew potko janm pran avan Donk rete fokis, ou dwe konsistan epi konnen kew pa poukòw nan kous la! Nap swete nou chak la yon bon lane 2021!
Dec 29, 202053:17
Okenn echèk pa fatal!

Okenn echèk pa fatal!

Pou anpil nan nou mwa desanm se mwa pou nou evalye rezolisyon ke nou te pran pou ane sa, gade kiyes ladan yo, nou rive reyalize, kiyès ki pa lwen reyalize ak ki lòt pami yo ou pap gentan reyalize pou rès ane a.

Majorite nan nou Toujou gon eksplikasyon pou chak sak rive nan lavi, pou chak desizyon ke nou pran, chak pawòl ak aksyon ke nou poze etc...
Pou kèk moun, pa rive reyalize yon rezolisyon kel te pran son echèk, e tout moun pa dijere yon moman echek menm Jan e se pa tout moun tout ki ka rive kenbe tout Bon sans ak Bon konprann li pendan period echek yo e pou ta menm rive fè siksè. Lidè Ki pratike yon modèl lidèship ki santrel sou moun gen ase kapasite poul konprann ke li nòmal siw echwe, paske pa gen okenn echek ki son fatalite!

Anpil moun konsidere echek kòm yon fatalite, e son mo ke anpil moun evite prononse Paske pou yo echek pa gen anyen pou wè ak siksè donk yo deside rete lwen mo sa.
Kitem diw jodia ke, echek pa yon fatalite, ni chek pa ka anpechew fè siskè lèw trè detèmine, lew konsistans ak lew ouvri pouw resevwa bon jan feedback ki objektif... Piyès moun pata sipoze gon etikek dechwe jus paskel eksperimante echek youn ak plizyè fwa nan aktivite ke lap mennen.
Mwen menm, ou menm ak anpil lot moun ankò; a yon moman nan lavi oswa nan aktivite ke nap mennen te eksperimante echek; se vre gen nan nou ki fè eksperyans Lan yon sel fwa e konsa tou gen moun kifèl plizyè fwa deja.
E pou anpil nan nou, moman echek yo konn afekte vi pèsonèl oswa profesyonèl nou e mwen pa yon eksepsyon nan reg la.
Souvan echek nou yo vini aprè chwa ke nou fè epi desizyon ke nou pran men anpil fwa tou nou echwe se parapò ak risk ke nou pran, e se youn pami anpil lot rezon ki fè kek moun Pè pran risk jus pou yo pa echwe.
Refleksyonm nan epizod sa se poum diw ke: siw Pè pran risk sa vle di kew poko prè pouw grandi e siw poko prè pouw grandi sa vle di gon pakèt domèn nan laviw kew pa prè pouw amelyore....

Souvan nou pa deside bay tet nou yon Chans pou nou vin moun ke nou swete ye a jus paske nou Pè echwe or nou panse lap pranw plis tan si rekomanse olye ke nou wè kantite posiblite pouw pi byen fè sa wap fè a siw ta rekomanse.
Majorite nan nou celebre epi pran kom modèl anpil lidè, selbrite ak antreprenè ki rive fè gro siksè nan lavi yo ak lavi biznis yo, e pi souvan se siksè a yo prezante nou, yo pa Toujou rezime tout peripesi ke moun sa yo pase avan ke yo rive kote ke yo a jus paske anpil moun toujou vle disosye difiklte ak echek de rezilta ke nou rele siksè a.
Mwen vle raplew ke narativ yo change parapò ak epok epi sikonstans yo,
sa ki konn rann li trè difisil pou anpil nan nou di tet nou ke mwen pa bezwen pafè poum komanse men pito mwen dwe komanse jodia poum vin pafè demen. Mwen pataje avew 6 aksyon kew ka pratike lew fè fas ak situation echèk. 1- Pran yon tan pouw raple tet ou poukisaw te komanse.
Rezon sa ki te fèw chwazi komanse sa wap fe a; Esiw vle kontinye ou pa sipoze pedi koneksyon sa.
2- Pran tan pouw fon yon rezime tout move desizyon kew te pran pandan prosesis la, pa pouw ka jije tet ou ni aksyonw yo men pito pouw sa gon pi Bon konpreyansyon de poukisaw te fè de chwa konsa. Men kitem diw: toujou sonje sa; pa gon moun, pa menm yon sel ; ki rive akonpli gro Bagay sanl pa charye deyel: moman difisil, santiman dekourajman, youn oswa plizyè echek, yon kantite fwa preske endefini kel te oblige rekomanse ak chanje estratejil pandan tout prosesis la...
Donk lew ap fè fas ak Moman sa yo nan kous paw la, sonje ke gen moun ki pase etap sa yo deja eki prè pou tandew epi baw konsèy, sonje ke Lew echwe pa vle di kew pap rive fè siksè Nan sa wap fè a men pito son okazyon pouw konprann ak preparew pi byen pou siksè kap gen pou vini an. Les Brown: “Anything is worth doing is worth doing badly.
Anything is worth doing right if you know how to do it but otherwise you have to do it badly until you get it right”. Sonje abone ak chanèl nou an pouw ka rete konekte ak nou epi gen tout denye epizod yo.
Dec 24, 202013:46
Kisa Depandans Afektif ye? Avèk Germinie Saintelve ,ki rive geri de patoloji sa apre plizyè ane.

Kisa Depandans Afektif ye? Avèk Germinie Saintelve ,ki rive geri de patoloji sa apre plizyè ane.

Nan epizod sa Germinie pale nou de eksperiyans li Ak maladi (patoloji) sa pandan plizyè ane, yon eksperiyans ki rive koze divòs li avanl te geri de maladi a. Germinie eksplike nou tou rezon ki pousel kreye Vlog ki rele « @Liberekèw » ki disponib sou pifò media an liy yo sou non: @liberekew ! Liberekèw son platfòm tou ki bay asistans Ak moun kap Viv ak patoloji sa, platfòm Liberekew ofri ankadremanl Ak moun sa yo nan lide pou ede yo konprann kisa maladi aye epi ede yo venk depandans Afektif la. Nan menm epizod sa Germinie pataje ak nou kek endis ki ka edew konprann byen bonè Siw nan eta depandans Afektif ou pa. Pandan tout Epizod la nou pataje kek astis avèw kap edew fè diferans ant lè se estim deswaw ki ba Ak lè wap fè fas reyalman Ak yon Depandans Afektif. Nan epizod sa nou pataje 5 sou 8 endis kap edew konprann byen rapid siw nan yon Depandans Afektif, men wap ka li res 3 yo sou paj @liberekew la sou platfòm tankou: Instagram, Twitter, Facebook Ak YouTube. Sonje pataje epizod sa Ak yon zanmi paske ou pa janm konnen ki diferans li ka fè nan lavil. Ou ka voye kesyon pou nou, ou ka kite komantè pou nou sou platfòm ke wap tande epizod epi sonje abone Ak chanel « Framework Conversations » sou nenpot platfòm kew Renmen tande podcast pouw ka gen tout denye epizod nou yo. Pa janm bliye sa : « Fasonw jere tanw se mod lavi wap genyen, donk reflechi Ak janw jere tanw ni Ak kiyes wap pase tanw ».
Dec 21, 202030:31
Kisa Ki ka lakoz yon moun manke gen konfiyans nan tet li? Konsekans - Solisyon!!!

Kisa Ki ka lakoz yon moun manke gen konfiyans nan tet li? Konsekans - Solisyon!!!

Nan epizod Davidson ak sikològ Natacha, gade koz sa yo Ki ka rann yon moun pa gen konfiyans nan tet li, kisa konsekans yo ye lew pratike yon atitid konsa epi Koman yon moun ka aprann devlope konfiyans kel gen nan tet li. Gen konfiyans nan tet Ou oswa nan model moun kew ye a son konstwi, li pa vini otomatik paske pouw aprann oswa reyaprann gen konfiyans nan tet, dabò fòw konsyans de pwoblem lan, aksepte mande èd ak moun Ki ka edew epi gen volonte pouw swiv tout etap yo. Pran abitid di tet Ou pawol Ki pozitiv, felisite tet Ou pou chak efò kew fè, dakò kew egziste pouw akonpli anpil gro bagay ,ke laviw ka sèvi a yon pi gro eritaj ke viv epi mouri... Lèw renmen tet Ou, Ou konsyan de feblès ou, pandan wap travay pouw amelyore saw genyen kòm kapasite Sa ap eveitew tonbe nan piyèj lòt moun ki ta ka vle fèw santi kew pa vo anyen , lè yo ta vle diminyew oswa diminye travay ou. Anpil fwa kòm lidè, responsab etc... ou konn gen enpresyon ke wap mennen yon lit ki Preske enposib nan fason moun wap lid yo reyaji parapò ak enèji, pasyon epi volonte kew genyen pou koz komum sa e souvan li difisil pou nou poze tet nou kesyon Koman moun Sa yo ke nap lid la la wè tet yo? Eske yo gen konfiyans nan tet yo? Eske yo konprann ak konnen ke yo vo plis ke pawol mechan oswa move tretman ke yo te konn ap sibi? Si group moun Sa yo pa rive nan nivo konsyans sa epi aksepte verite sa yo lap toujou trè difisil pou nou kòm lidè, responsab etc... Rive fè yo chanje lavi epi Patisipe nan yon chanjman global. Sonje ke lew manke gen konfiyans nan tet Ou nan kalite moun kew ye a sa ap gen gro konsekans negativ sou karyè pwofesyonèl Ou nan milye travay Ou... Sonje toujou pataje epizod wap tande a ak yon zanmi paske li ka fè yon gro diferans nan lavil e pa bliye Ou ka abòne ak chanel podcast la sou nenpot platfòm kew renmen tande podcast 🙌🏽🎧.
Sep 22, 202050:45
Kisa Ou vle nan lavi? Kesyon mitik tout akonpaniatè,z. Poukisa? Avèk kotch espirityèl Guersye Beine.

Kisa Ou vle nan lavi? Kesyon mitik tout akonpaniatè,z. Poukisa? Avèk kotch espirityèl Guersye Beine.

Avèk Guersye Beine, kotch espirityèl nap chèche konprann kisa travay yon kotch de vi or kotch espirityèl ye? Aki moman nan lavi, yon moun ap konnen kel bezwen èd yon akonpaniatè? Diferan espesyalite ki genyen nan mond kotchin lan? Enpòtans yon kotch nan lavil? Se tout kesyon sa yo nou pral eseye eklèsi ak kotch espirityèl Guersye nan epizod sa. Nou pale tou de misyon Guersye kise rive touche 15 Milyon moun nan travay li ak pos li yo sou medya sosyal yo kotel ap pwone Pozitivite, chanjman, yon vi ekstraòdinè ak lanmou nan tout esans li... Nou pale de lidè sa yo ak moun Ki gen enflyanse yo sou Guersye epi enspirel poul kontinye vanse ak misyonl. Nou sitou raple nan epizod sa ke slogan ale nan lot nivo a pa sinifi kew ap sot nan nivo 1 pou ale nan nivo 2 etc... Ale nan lot nivo a pou nou, se edew travay sou tet ou chak jou pou moun kew te ye yè a, diferan de moun ou ye jodia, moun kew ye jodia pa menm ak moun wap ye Demen an. Ale nan lot nivo a se tout yon pwosesis kote ke chak jou wap travay pouw vin yon pi bon vèsyon de moun kew ye jodia. Kitem diw ke lojik ale nan lot nivo a pa gen pran daso paske se tout yon pwosesis donk pouw grandi epi vin moun kew vle ye a pandan tout pwosesis la wap bezwen swiv tout etap yo. Objektif sezon 3 sa se pou atire atansyonw sou enpotans sante mantal Ou, pou yon bon jan senkwonizasyon ak sante fizik ou paske nan ka kontrè lap difisil pouw rive atenn ak akonpli objektif ou yo.... gen kontrol sante mantal Ou se admèt pouw aksepte mande èd lè Sa nesesè pandan kous la, paske menm jan li vini natirèl pouw gon bon zanmi Ebyen gen angajman ou pran nan lavi li plis ke konseye pouw gen yon mentò, yon akonpaniatè, yon moun kew ka vire vè li lè moman konplike sa yo rive e mwen ka garantiw ke moman sa yo ap rive. Menvitew tande tout epizod la pouw ka aprann plis sou Kiyes envite a ak kisa lap regle, san bliye gid de 3 etap kel pataje avèk nou pou edew konprann kilè Ou dwe fè apèl ak yon akonpaniatè nan laviw. Pa bliye pataje saw sot tande a ak yon zanmi ou pa janm konnen ki diferans li ka fè nan vil! E sonje abòne ak Framework conversations sou tout platfòm kew renmen tande podcast. Mèsi!
Aug 07, 202052:23
Poukisa Sante Mantal Ou Osi Enpòtan... avèk Sikològ Natacha Desir!

Poukisa Sante Mantal Ou Osi Enpòtan... avèk Sikològ Natacha Desir!

“Lè Sitwayen yo rive jwenn ekilib mantal yo, sa pèmèt nou gon sosyete ekilibre lè sa nou rive pi byen fonksyone youn ak lòt”. Nan epizod ansanm ak Sikològ Natacha Desir nou eseye defini kisa Sikoloji a ye antanke siyans, enpotans li nan sosyete a, kisa ki travay yon Sikològ ak diferan espesiyalite ki liye ak domèn Sikoloji. Nou wè ansanm kek nan rezon kifè yon moun ka bezwen wè yon Sikològ men sitou eseye etabli diferans ki genyen ant yon Sikològ ak yon Sikiyat. Nou pale tou de travay Natacha kòm ankadrè Timoun depi 5 lane pou yon òganizasyon kap travay nan sa ki gen pou wè ak edikasyon epi lit kont Restavèk Timoun nan peyi a... Men Nou pale de lidè sa yo ki gen gwo enpak nan lavil eki kontribye nan moun li ye jounen jodia. Natacha pa selman Sikològ, li se manman yon ti gason 1 lane, e pandan kelke minit Natacha te pataje avek nou, komanl pare poul enstwi ak enkilke pitit gason sa valè familiyal-edikativ ak moral depi nan pi jèn aj li. Kitem raplew’ sa, Ou Ka Gen Tout Konesans Ak Konpetans Posib Men Si santé Mantal ou pa Anfom, Siw Pa Ka Jere Ekilib Laviw Lap Trè Difisil Pouw’ Inisye Chanjman sa Kew’ Vle Komanse a Ak Rive Enpakte Lavi Lot Moun. Se Sak fè Nan Epizod sa, nou vle atire atansyonw’ sou enpotans santé mantal ou nan pwosesis pouw’ ale nan lot nivo a; enpotans pouw’ gon bon senkwonizasyon ant sante Fizik ak Mantal Ou. Nou vle ankourajew’ priyorize sante mantal Ou osibyen kew’ priyorize yon anpratisaj San kanpe pandan tout pwosesis la, paske ofinal youn pap byen fonksyone San lòt! Menvitew pataje epizod sa ak yon zanmi oswa yon group zanmi paske ou pa janm konnen ki diferans sa ka pote nan lavil, raplel ke li enpotan pou ou etc... Sonje abòne ak Chanel podcast sa sou nenpot platform kew renmen tande podcast pouw ka pa janm rate okenn nan denye epizod nou yo! Kitem raplew sa, Santé Mantal Ou osi enpotan ke tout lot bagay kew trouve ki enpotan pou ou; al wè yon Sikolog pa gen anyen mal nan sa, okontrè Siw gen ti dout se pi bon chwa kew’ te ka fè pou yon byennèt total...
Jul 17, 202043:06
Li posib pou se ou ki gen kontwòl evenman yo nan laviw olye ke se evenman yo kap kotwole laviw!

Li posib pou se ou ki gen kontwòl evenman yo nan laviw olye ke se evenman yo kap kotwole laviw!

Epizod sa son rezime de tout Sak pase nan sezon 2 a , ki pale de diferan gès nou te resevwa ak diferan sijè nou te trete nan diferan epizod nou yo epi pataje omwen yon konsèy avew ke nou kwè kap itil ou nan pwosesis ou ye a. Li posib pou se ou ki gen kontwòl evenman yo nan laviw olye ke se evenman yo kap kotwole laviw! Anpil fwa sikonstans yo konn vle ba nou enpresyon kel mye poun kite ke se evenman yo ki gen kontwòl lavi nou olye ke se nou ki gen kontwòl evenman yo nan lavi nou. Nan yon situation parèy sel mwayen pouw chanje sa se mete tout pwaw nan balans lan pouw reprann kontwòl pansew, bay laviw yon lòt direksyon pandan wap rete fokis sou sa kise objektif ou nan kous la. Sonje poukisaw te komanse chak fwa ke evenman yo vle pran kontwòl laviw, toujou raplew ke siw son spektatè nan laviw posibilite pouw rive atenn pwojèw yo ap Preske enposib men kòm aktè nan sèn laviw pwojèw yo gentan reyalize a mwatye....
Jul 07, 202011:14
Yon lidèship ki santrel sou enpotans ak valè moun dabò, toujou bay rezilta!

Yon lidèship ki santrel sou enpotans ak valè moun dabò, toujou bay rezilta!

Li paret fasil pouw pale oswa ekri sou sa ki gen rapò ak lidèship men Sè pa yon bagay Ki toujou fasil pouw asime kapasitew antanke lidè.... Mrenmen repete souvan ke Lidèship nan limenm son bagay ki kontekstyèl, e pakou nou nan pwosesesis la kom lidè gon fom sinizoyidal e poutèt sa lidè yo dwe toujou ap evalye tet yo parapò a moun yo te ye avan e moun yo vin ye jodia.
Menm Jan laviw gen enfliyans sou antouraj ou, se menm Jan an vi paw ap rive enfliyanse pa tout sa kew bay pèmisyon pou antre nan laviw; e yo kapab se moun kew pase anpil tan ak yo; mizik ke wap koute; liv kew li etc....
Eksperiyans aprann mwen ke chak etap, chak sezon nan pakou yon lidè vini ak nouvo défi e nouvo défi sa yo pral revele model lidèship Ou epi metew faskare a fos epi febles ou; donk antanke lidè, li plis ke enpotan pouw toujou ap evalye moun ou ye epi kontinye grandi nan bon sans lan... Mwen vle pataje 3 valè ke lidè sa yo aplike nan model lidèship ke yo devlope ak antouraj yo:
1-Lidè sa yo, kwè nan fome lòt moun, ede yo devlope talan ak kapasite yo nan pi wo nivo a. Yo plis konsidere tet yo kom yon kotch pou moun sa yo, olye de yon bouro.
2-Lide sa yo, rekonet ke strateji son kantite ide kew genyen san resouzimèn, rive ekzekite bèl ide sa yo se sèl diferans ki egziste ant posibilite ak reyalite.
Lidè sa yo, konprann ke tout gro akonplisman yo rive fè pa selman rive jus paske yo te gen bèl ide; men sa rive paske yon moun te pran bèl ide sa yo epi enspire lot moun ak yo.
3-Lidè sa yo, envesti nan siksè chak grenn manb ekip yo, Yo pa janm rate yon okazyon pou yo pale, ak selebre lavi epi mentore manb ekip yo.

Daprè anpil gro ikón nan mond lidèship la, lidè ki rive atenn plis objektif, lidè ki champyon nan kous la, rete grave nan memwa kom lidè ki envesti plis nan moun; paske statisk montre ke 80-90 % fwa lidè yo pa janm aji pou pwop entere yo m’en pito nan enterè majorite a.
E Pou chak objektif atenn , lidè Sa yo toujou préféré atribye siksè rezilta sa yo nan kad yon aksyon kolektif, yon travay dekip olye de yon reysit pèsonèl. Pemet mwen pataje avew 3 karakteristik kap edew konprann epi rekonet lidè sa yo, ki aplike yon model lidèship kote ke nwayo lidèship li se enpotans li bay moun de fason jeneral.
1-Lidè sa yo pa janm abandonné kous la, esperans yo toujou high level; yo toujou rete focus sou sa kise objektif yo e nenpot Jan situation an oswa sikonstans lan ta difisil road map la pap chanje.
Mwen sur kew konn yon moun konsa nan antouraj ou!
2-Lidè sa yo gen bon jan kapasite pou yo fè diferans ant sa ki son angajman ak yon senp desizyon. Yo gen kapasite pou yo li ak defini chak green manb ekip yo parapò ak aksyon ke moun sa yo poze epi pawol ke yap pale.
3-Lidè sa yo gen kapasite pou yo wè talan kache lakay lòt moun; epi pemet moun sa yo akonpli anpil gro bagay ke yo pat menm panse ke yo te gen talan pou sa. Mpa vle diw ke lidèship son bagay Ki senp e vi yon lidè son bagay Ki fasil paske lidèship menm jan ak anpil lot domèn mande anpil disiplin, imilite, onètete... Sonje sa, lidèship son domèn Ki frajil anpil, paske antanke lidè ou gen kapasite pouw konvenk epi pouse moun aji nan bon ou nan move sans lan , e anpil lidè chwazi itilize kapasite sa pou yo manipile lot moun, tire pwop avantaj yo epi abandone yo nan kous la.
Yon pratik konsa pap janm mennenw a yon viktwa définitiv m’en pito a yon viktwa pasajè pandan kous la, e onètman antre nou Mpa kwe ke se mod eritaj sa yo ou swete kite kom lidè. Mwen ankourajew rewè enpotans kew te bay moun nan model lidèship ke wap aplike, paske swivan eksperyans mwen, gen kek moman nan pwosesis la dout pral gen poul vle pran kontrol aksyon ou yo e lè moman sa yo prezante mwen surrrr ke siw te byen envesti nan moun, siw te pran pouw t yon kotch pou manb Ekip ou olye de yon bouro, mwen garantiw ke envestiman sa yo kew t fè ap tounen vin jwenn Ou; vin jwenn kominote a sou plizyè fòm, men sitou wap franchi etap difisil sa wolamen jan pawol la repete a.
Jun 20, 202012:08
Komanw kapab rete fokis sou Rèv ou! Yon konvèzasyon Davidson avèk Dieuvela Bien Aimé pou FC podcast

Komanw kapab rete fokis sou Rèv ou! Yon konvèzasyon Davidson avèk Dieuvela Bien Aimé pou FC podcast

Semèn sa nan Framework conversations, nou te gen chans chita pale ak jounalis / antreprenè Dieuvela Bien Aimé kise CEO Dieuvela Store. Chita pale sa de fokis sou eksperiyans li kòm antreprenè; sou diferan difikilte ke li rankontre nan fè biznis, men sitou gade kisa ki edel simonte difikilte sa yo , rete fokis epi pèmèt ke li kontinye avanse.

Nan epizod sa, Dieuvela pataje ak nou 6 pami anpil lòt valè ke li panse ke moun kap fè biznis dwe entegre (enkòpore) nan fason yap jere biznis de fason jeneral e 5 nan 6 valè sa yo se :
1- Yon Bon kapasite lidèship
2- Fok ou son moun ki kreyatif
3- Kapasite pouw byen kominike
4- Fok ou pa pè travay
5- Fè bagay ke ou renmen

Selon eksperiyans pal nan zafè fè biznis Dieuvela pataje kek konsey ak nou spesyalman pou jèn fi kap fè biznis sou Koman yo kapab apresye epi selebre tout sa yo gentan akonpli nan endistri yap evolye a men tou li kite yon konsèy pou jèn fi ki vle antre nan fè biznis...

Dieuvela pataje ansanm ak nou apresyasyonl pou lidè Nelson Mandela, ki vreman gen anpil enfliyanse sou moun ke li ye...

Fim tankou: Les mains en or ; A la Recherche du Bonheur epi La Création de Dieu fè anpil enpak sou fason Dieuvela te wè epi konprann kek bagay avan e li konseye oditwa a gade fim sa yo tou. Liv kòm : Le Pouvoir du Rêve epi L’autoroute du Millionnaire se 2 pami anpil lot liv ke li ankouranje oditwa li.

Nou te gen chans pale tou de patisipasyon biznis li kise: Dieuvela Store nan yon konkou ke Academy Women Entrepreneur Haïti ap òganize e li envite nou kilke sou lyen sa epi layk videyo prezantasyon biznis li an poul ka genyen chans genyen konkou sa.
www.facebook.com/groups/portauprinceawe/?ref=share


Pa bliye ou ka rete konekte ak Dieuvela Bien Aimé sou Facebook pouw sa gen plis enfomasyon sou konkou sa epi sou lot aktivite ke lap mennen.

Yon lot fwa nou dezole pou ti reta ki genyen nan plizyè sekans entèviyou a, e nou vle raplew tou ke pa bliye pataje epizod sa ak yon zanmi ou pa janm konnen ki diferans li ka fè pou li.

Pa bliye tou voye kesyon ak sijesyon ou yo pou nou nan yon mesaj vokal nan ti ikon mesaj ki anba a goch nan paj epizod ke wap koute a nap tro kontan repon ou.

Mèsi paskew rete konekte ak framework conversations the podcast.
Jun 04, 202050:23
Konvèzasyon Davidson Jules ak Etzer Louis Charles jèn Antreprenè, Lidè epi Toastmaster. Liv-li

Konvèzasyon Davidson Jules ak Etzer Louis Charles jèn Antreprenè, Lidè epi Toastmaster. Liv-li

Nan konvezasyon mwen ak Etzer, nou te gen chans pale de antreprenaria, lidèship epi eksperiyans li antanke toastmaster.

Nan menm epizod sa Etzer pale nou de youn pami diferan otè preferel yo; li pale de Alibaba (Jack Ma) kise Se youn nan antreprenè Ki son sous motivasyon pou li. E nan yon lis de 5 lidè ki gen gro enfliyans sou li ak sou desizyon ke lap pran nan kad aktivite ke lap lid yo
Yon non tankou Stanley Baptsite se youn ladan yo...
3 pami tout lot karakteristik ke yon lidè dwe metrize alabaz pou li ka yon bon lidè selon Etzer: 1-Kapasite pouw koute antouraj ou 2-Kapasite pouw rann Sak konpleks yo senp 3-kapasite pouw enfliyanse moun

3 konsèy pou ou menm kap koute podcast sa: 1-Pa pè fè erè 2-Pa sispann aprann 3-Pratike pouw sa vin meyè

Inisyativ tankou Étudiants et entrepreneur Haïti son modèl ekzamplè ke anpil lot group jèn ta sipoze imite, son inisyativ gayan-gayan pou ou menm ki se antreprè . Propulseur group Se youn nan bel initiativ ak youn nan pi bon opsyon kew genyen pouw rete konekte ak liv kap pemet ou fè devlopman pèsonèl la pi byen... Reveye lespriw, yon liv chak mwa!

Nan moman an nap viv yon situation ki pa òdinè, sa ki kreye plis stress lakay kek moun, gon kategori de moun Ki panse ke situation sa ofri yo plis tan swa pou yo travay sou kek pwojè ki enpotan pou yo oswa aprann yon Konterans anplis, nan menm konteks sa Etzer deside lanse yon challenge Kotel ankouraje nou gade 1 dokimantè chak jou pandan 30 jou.


Mesiii déskew chwazi koute Framework conversations, e si saw sot koute a fon diferans pou ou pa ezite patajel ak yon zanmi espere kel swaf koute yon pawol konsa.

Mwen ankouraje nou rete konekte ak Etzer Louis Charles sou Facebook, epi swiv paj propulseur Group ak Étudiant et entrepreneur Haïti Facebook.

Pa bliye ou ka koute podcast sa sou plateforme tankou: Spotify, Apple podcast, Google podcast, Anchor fm, Breaker, Overcast, PocketCasts, RadioPublic. Epi Episode sa ap disponib tou sou paj Facebook Davidson Jules
Pa bliye se afcollection ki sipòte podcast sa ale sou
afcollection.shop pouw ka pran pwodwi paw.
Ale, Pwochen epizod la Sè pou byento!
May 24, 202034:14
Enpotans liv ak lekti genyen sou kalite moun nou ye jodia ak moun nap ye demen!

Enpotans liv ak lekti genyen sou kalite moun nou ye jodia ak moun nap ye demen!

Nan epizod sa Gaetan pale de pwemye rankont li ak liv e poukisa daprè li, li kwè ke liv nou li gen anpil enfliyans sou modèl moun ke nou ye. Ansanm Nou pale de diferan lidè kite enfliyansel nan anfans li men tou lidè ki fasone modèl lidè ke li ye jounen jodia. Nou gade ansanm anpil bèl inisyativ kel ap fè nan kominote kòm lidè san nou pa bliye blog kel ekri etc... Jan nou toujou fè sa nan epizod avan nou yo, Gaetan pataje kek konsey lidèship ke daprè li nou ta sipoze aplike poun amélyore kapasite nou antanke lidè epi vin meyè nan kelkeswa domèn nap evolye a. Nou envitew tande epizod sa epi patajel ak yon zanmi e siw poko abone ak Chanel podcast la pa bliye kew ka fè sa sou: Apple podcast, Google podcast, Spotify ak sou paj Facebook David.SON Jules la Wap jwenn tout epizod avan yo disponib. Pa bliye al swiv paj Facebook Gaetan Caseus la tou. Pwochen epizod la Se pou byento! Mèsi
Apr 24, 202025:58
Koman Ou kapab transfome satiman perez ki nan ou a kom yon sous motivasyon pouw kontinye avanse!

Koman Ou kapab transfome satiman perez ki nan ou a kom yon sous motivasyon pouw kontinye avanse!

Amezi ke chak jou nap aprann bagay nouvo sou pandémi an, situation enprevizib sa yo egzije nou anpill nouvo strateji. Se responsablite pa nou kom lidè poun pwoteje moun ke nap lid yo oswa ekip nap dirije fas ak situation enprevizib parapò ak desizyon ke nap pran. Pandan moman kriz yo li fasil pou santiman perez anvayi nou e son bagay nomal ke santiman sa vini, sof ke nou sipoze tranfome perez sa kom yon sous motivation pou ou menm kom lidè epi pou manb ekip ou. Paske Nan ka kontrè pè sa ka koze anpil dega pou òganizasyon wap dirije koz pè sa wap grandi anndanw lan pral anpechew reflechi epi anmezi pouw vini ak nouvel ide, tankou pran inisyativ kap ede organizationw lan siviv pandan ak aprè pandemi an.

Lojik pam lan parapò ak tout Sam diw la,Se pa ni few konprann kew pa gen dwa pè, ni son bagay mal siw santiw enpwisan fas ak situation kriz yo, janm renmen repete souvan: nou tout bezwen konprann epi akspte ke nou paka fè tout bagay e nou pap janm gen tout repons yo menm Jan ke nou pa konn tout bagay... donk nan moman kriz fas ak kek situation, santiman enpwisans sa ki pral mennen perez lakay ou an ap toujou vini... Lojik pam se atire atansyonw parapò ak reyaksyon Ou sipoze genyen fas ak santiman perez sa lel vle anvayiw kom lidè!!!!
Lojik pam se ankourajew wè santiman Perez ou nan moman kriz kom yon endikatè detèminan nan kous paw lan, e kap diw reveyew paske se moman pouw aji, se okazyon pouw chanje situation aktyèl Ou a! Mwen konnen Se pa yon bagay Ki fasil men mvle diw tou ke se pa yon bagay Ki enposib. konprann ke mwen menm kap diw sa jodi an , Mpa yon sipè ewo, mson moun menm Jan avew sof ke mt fon chwa kew poko fè e jodia non selman ou tande kel posib pouw itilize nivo perez sa ki lakay ou kom lwil pouw grese motè motivasyonw pou simonte moman difisil yo men tou ou bezwen kwè ke sil posib poum fè li osi posib pou ou tou siw dakò swiv tout pwosesis la. E pousa mvle pataje ansanm avew kek konsèy ke anpil moun ka wè kom kek presip kew ka aplike nan laviw e kem surrr kap itil ou nan pwosesis pouw transfome santiman perez lakay ou an kom yon sous motivation pouw kontinye avanse nan moman kriz yo:

1. Gade situation aktyel lan yon fason jeneral, eseye konprann situation kriz yo sou yon ang ki pi laj.
Aprann jere yon situation kriz aktyel pandan ke wap eseye gade situation an yon fason jeneral pa yon bagay Ki fasil. Nan moman kriz, li toujou bon pouw pran rekil, epi odite situation aktyel la. ... Fasonw dirije ekip Ou sitou nan moman kriz yo ap gon enpak direk sou yo, pwofite pote koreksyon ak chanje saw kwè ki mérite chanje nan fonksyonman Organaization wap dirije; e apre kriz la, nouvèl mezi sa yo ap rete epi sèvi kom nouvel baz dekselans pou bon jan fonksyonman organization ke wap dirije a. Konbat enfomasyon ki pa verifyab yo, enfomasyon kise manti parapò ak situation kriz la.... kom dirijan ou dwe fè surr ke enfomasyon wap pataje yo vini de yon sous Ki fyab; sa ap pemet ou rete koyeran nan sa wap di; e menm si enfomasyon kew genyen an verifye epi korek pa janm panse ke se ou sel ki genyenl donk toujou bay manb ekip ou yo posibilite pou yo fon komantè epi pataje opinion yo, ou dwe montre ak ekip ou ke opinyon oswa sijesyon ke yo kapab fè konte pou ou. E mta renmen ke pandan pwosesis sa, nan fason wap jere kriz la pa janm bliye kew sipoze kiltive pasyans epi rete Saj fas ak yon reyaksyon ke manb ekip ou ka genyen. Pasyans ak sajes se 2konpotman kap itil ou anpil nan konba kont move enfomasyon yo. 3. Temwanye anpatiw nan aksyon ke wap poze pou manb ekip ou oswa pou kominote a... Pa bay manb ekip ou yo enpresyon ke yo anba espyinaj. 5. Toujou gon plan!
Fasonw jere yon kriz ap detemine ki rezilta wap genyen fas ak kriz la. E youn nan pi bon fasonw ka jere yon kriz Se lew pa panike men Ou preparew pito. Kom lidè perez pa sipoze anpechew kontinye anvanse epi mennen òganizasyon oswa moun wap lid yo nan lot nivo a, kom lidè fas ak situation kriz yo ou sipoze gon attitude ki pozitif. Pa kite perez few rate okazyon pouw dirije!
Apr 09, 202018:55
Dirije avèk klèvwayans pandan moman kriz yo!

Dirije avèk klèvwayans pandan moman kriz yo!

Mpa rete kwè ke gen yon pi gro défi ke ensètitid! E Ensetitid se youn nan défi ke anpill dirijan rankontre souvan.
Nenpòt defi ke nou abitye rankontre nan aktivite ke nap mennen yo, Mpa kwè ke nou te janm rankontre yon situation ki osi enprevizib ke pandemi sa ke mond lan ap fe fas jounen jodia.
Nouvel nap tande chak jou sou Koman pandemi sa ap vale teren nan mond lan, ba nou ase rezon pou nou pedi kontwol panse ak refleksyon nou yo, fè nou aji tankou moun Ki pèdi bon sans yo, e nan yon moman parey kapasite poun rete tet fret, epi wè a klè kote nou vle ale a diminye fas ak tansyon ki egziste otou pandemi an ki pa sispann kreye situation ki pat previzib pou okenn nou nan, bon oswa lidè medyok onetman okenn nan nou pat prevwa ke se konsa 2020 an tap komanse; Kote ke ensetitid ta pral sel sipesta!

Eksperyans pam kom lidè, m’en sitou kom moun ki gen kom travay jere moun epi planifye pou fiti se pwemye fwa mtrouvem nan yon situation kote moblije fè plis ke 2-3 plan jus paske démen yo vin ensèten donk planifikation yo vin pa garanti e situation yo vin pi enprevizib.

M’en tou, Sitiyasyon sa pemet Mwen konprann ke li nomal ke planification oswa desizyon nou yo rive afekte pa sitiyasyon aktyel yo nan moman kriz, sitou lè ensetitid ak sikonstans enprevizib yo vle Fè pâti de sa ke majorité nan nou te pran pou nòm lan.

Chak jou nouvel yo pa sispann anpire e santiman ensetitid pa sispann grandi Lakay nou. Gen Anpil tansyon, presyon, alantou nou e gouvènman yo pa sispann deplwaye resous ak eneji pou kontrekare pandémie an ki kontinye kap vanse, sa ki vin diminye pi plis kapasite nou poun rete kalm epi wè a klè ki direksyon nou sipoze pran nan moman kriz la, E anpil nan nou preske pedi kapasite sa.
Kom lidè kapasite ke nou genyen poun rete tet fret, rete lisid, kapasite poun rete kalm avek tout bonsans nou nan objektif pou nou wè a klè epi fè chwa ki rezonab yo se pi bon chwa ou kapab fè oswa pi bon konpotmàn ke ou kapab genyen nan moman kriz. Fas ak a situation pandemi sa li klè pou nou tout ke vizyon nou se rive anpeche ke virus sa kontinye pwopaje epi jwenn fomil sa poun rive konbat virus la, e msur ke fason nap rive konbat virus lan ap diferan parapò ak endividwalite nou chak kom lidè e se pa yon problème paske nou bezwen konprann ke lidèship nan limenm son konsèp ki kontextyel; e anpil fwa moman kriz yo konn lakoz nou reconsidère fasôn nou wè lidè nou yo...
Men sam surrr de li, seke volonté nou genyen poun sa wè a klè desizyon nap pran chak jou epi jwenn fomil sa poun kwape viris lan pap chanje.

Anpill moun wè moman kriz yo tankou yon malekdisyon e yo gen tout kalite rezon pou pwouvew sa, petet yo gen rezon. Men kitem diw janm wè moman kriz yo, nan je pam moman kriz yo se moman kote bon lidè yo toujou fè diferans lan ant lidè medyok yo m’en tou se moman ki edew grandi, moman ki edew dekouvri talanw ak kapasite kap domi nan ou e kew pat janm imajine kel te la. Pou mwen moman kriz yo se opotinite pouw kontinye konfime kapasitew kom bon lidè nan fason wap itil lot moun. Se pousa li enpotan pouw Fè sur ke pendan moman kriz sa, ou aprann yon nouvo konpetans, fe sur kew aprann ak dekouvri kiyes ou ye reyelman, fe sur ke ou jwenn omwen yon fason anplis kap pemet ou itil kominitèw pi byen.
Paske chwa wap fe jodia an la ap gen konsekans sou demenw e siw pa trouvel nesesè pouw aprann anyen ki bon nan moman kriz sa, konnen pwoblem ou pat janm yon pwoblem tan kifew pat reyalize okenn nan pwojèw yo m’en pito yon pwoblem disiplin... pran yon titan pouw réfléchit ak sa. antanke lidè aksepte kew pa gen tout répons yo ni kew paka fe tout bagay pou kow donk li plis ke enpotan pouw jwenn konplisite sa ki kapab egziste ant ou menm ak ekip ou, e konsa nan moman kriz yo kominikasyon ou menm ak ekip ou oswa moun wap lid yo ap fasil paske vizyon epi diresyon an kle pou tout moun.
Pwochen epizod la se pou byento e pa bliye Non pam se Davidson Jules. Mèsi paske chwazi pataje epizod sa ak yon zanmi!
Apr 07, 202010:58
Koman talan ak pasyon Ralph pou foutbòl pèmèt li jwenn yon bous etid pou antre nan inivèsite...

Koman talan ak pasyon Ralph pou foutbòl pèmèt li jwenn yon bous etid pou antre nan inivèsite...

Mwen te gen chans chita pale ak Ralph Nathanael André, owsa Natty pou sila yo Ki son pwoch. Ralph son jeune Aysyen-ameriken kap evolye kom soccer player nan peyi etazini, jwet ke anpill ansyen renmen e ke nou rele Foutbol nan langaaj pa nou.
Ralph komanse devlope lanmoul pou jwet sa Depil te tou piti men se te avek anpill kontrent nan period sa... paske se pa toujou yon chwa Ki fasil, le manmanw ak papaw Se Aysyen natif natal🤣😂, nou konn pawol la deja! Tout paran swete ke pitit pa yo a vini yon enjinyè, avoka, medsen oswa agronòm etc... Ebyen nan epizod sa nou gade gade ansanm ak Ralph pakoul nan zafè foutbol la:
Nan lane 2014-2015, avanti Ralph avek jwet sa ta pral komanse ositol te jwenn opotinite poul te komanse jwe pou yon ekip lokal nan high school li.
Konsa nan lane 2016-2017, li te jwenn yon lòt opotinite poul te jwe pou yon club ki rele: “East Meadow Soccer Club” EMSC.
Pasyon Ralph pou foutbol melanje ak talanl, pral pemet li jwenn yon bous etid poul al kontinye etid li nan inivèsite ki rele “Bryant and Stratton college” e de 2018 a jodia Ralph ap jwen nan USCAA Division I pou kolej sa.
Ansanm avek Natty, nou pral wè ki souvnil de pwemye jou lekol li nan USA,
diferans ki genyen nan fason anseyman yo fet nan state la men sitou gade pakoul kom soccer player, jiskaske talan sa pemet li jwenn yon scholarship poul antre nan kolej.

Lidèship se kapasite ke nou chak genyen pou nou enfliyanse omwen pou pi piti yon moun, e natirelman nou chak Se yon lidè paske nou tout fet ak kapasite sa a.
Moun pral konsiderew kom yon bon lidè oswa yon move lidè, Se parapò ak rezilta aksyonw yo men tou parapò ak aksyon moun kew enfliyanse oswa wap lid yo.
E konsey pam pou ou, avanw komanse lid lot moun, Ou bezwen aprann koman pouw lid têt paw dabò.
Aprann Koman pouw lid tet ou se dabò bay priyorite ak santéw, santé mantal ou ak relasyon kew devlope ak moun. Li enpotan pouw we santé mantal ak santé fizik ou kòm moso blok pouw konstri model lidè kew swete a. Problem tankou, tress Ki pa janm fini (kronik) oswa lew pa domi ase ka petet paret pou ou yon bagay ki senp, men sonje ke, yon mod pratik konsa ap gen lot konsekans sou mantal ou, men sitou sou kapasite oswa abilite kew genyen pouw pran desizyon nan desiziv yo antanke lidè. Se vre lidèship mande anpilll sakrifis m’en lidèship tou pap janm egjijew abime sante fizik ou, sante mantal ou ak santé spirityèl ou, paske lew chwazi pa bay santew anjeneral regle anyen pou ou. Ou pap selman fe mal ak pwop tet ou, men Wap koze pèt moun sa yo ke wap lid yo tou.
Se Sak fel enpotan pouw aprann koman pouw lid tet ou dabò avanw kew chwazi al lid lot moun, ositow konn koman pouw lid tet Ou, fem konfyans lid, lot moun ap vin yon bagay natirel pou ou.
Mvle kitew ak pawol sa: Antanke lidè kek fwa wap bezwen fe silans pouw sa jwenn chans tande moun ke wap lid yo, e youn nan bagay ke eksperiyans montrem parapo ak fe silans poum tande moun ke map lid yo, sa pemet ke aksyon map poze chak jou kontinye ap amelyore nan enterè majorite a epi fe plis enpak. E nan fen epizod sa, jan nou toujou fe sa nan tout epizod avan yo, nou pataje kek kondey lideship avew ke nou surrrr kap edew mennen kapasite lideship ou nan lot nivo a.
Sonje kew ka tande podcast sa sou platfom tankou: Anker, Apple podcast, Google podcast, Spotify ak tout lot platfòm ki permèt ou koute fichye odio. Nou kontan genyenw kom oditè e nou paka tann poun prezantew pwochen epizod la, pandan nap raplew ke Framework Conversation son podcast ke Davidson pote pou ou ansanm ak envitel yo. Sonje kew ka voye komantè, kesyon oswa sigjesyonw yo pou nou paske nap tro kontan few repons. Mesi ankò paskew fe pati de oditè nou yo


Jan 31, 202043:05
Rezime sezon 1 an

Rezime sezon 1 an

Epizod sa se epizod ki boukle pwemye sezon nou, ladanl nou fè yon rapel jeneral de tout sa ki te pale nan 6 pwemye epizod nou plibliye pou sezon 1 an. Nan pwemye epizod la nou te prezantew podcast la, diw ki kote ide poun kreye podcast la soti, kisa ki motive nou epi ki objektif ak vizyon ki anime chak grenn epizod ke nou pibliye yo.
E nan epizod 2 a nou te prezantew 7 karaktè ke yon moun dwe kiltive.
Nan epizod 3 la nou te pale de enpotans relasyon, kise aspè ke nou konsidere kom bagay ki pi enpotan pou yon lidè, bagay ki ap pèmèt li non selman jere moun lap lid yo men tou pemet li fè enpak nan lavi plis moun epi agrandi rezol.
Nan epizod 4 la nou t we ansanm 4 fason oswa mwayen ke lidè yo ka kreye relasyon ki dirab, ak moun ke yap fonksyone m’en sitou ak moun anjeneral.
Nan epizod 5 lan nou t pale de karakteristik Ki pi enpotan pou yon lidè kise rive kreye epi mentni konfyans lakay moun kap swiv li yo. Epi nou t kitew ak kek konsey kap edew nan pwosesis sa.
Epi nan epizod 6 la nou t pale de Koman ou ka byen fikse objektif ou yo pou ane sa ki fenk komanse a, men sitou nou t pataje 4 konsey avew kap edew sou kijan ou ka fe sa.
Pou sezon 1an, Depi sou pwemye epizod ke nou t pibliye, nou t resevwa anpill komantè, de moun kite swete ke nou t défini kisa ki lidèship epi poun te site diferan tip lidè Ki genyen, moun sa yo ap jwenn repons nan sezon 2 a.
Anpil moun konprann epi défini konsep lidèship la anpil fason donk ansanm ak envite nap gen poum resevwa nan cho a, wap gen chans aprann plis ke yon sel definisyon sou Kiyes ki se lidè ak kisa konsep lidèship la ye nan li menm. Sof ke sam ka garantiw literati yo ka chanje nan mo nap itilize poun défini kiyes ki son lidè oswa kisa konsep yo rele lidèship la ye nan li menm, men kapasite ki fè de ou yon lidè kote wap viv la se Preske m’en kapasite sa yo kife yo rele yon lòt moun lidè nan nenpot kote lap viv la. Depiw ka enfliyanse yon moun, ou ka fè yon kantite pou pi Piti yon moun swiv ou oswa aksepte poul enplikel nan inisyativ oswa kwazad wap mennem an san fose, lot moun ka relew lidè, epi tout res yo Se detay.... E Nap gen poun pale de sa pi plis ak envite nou yo pandan sezon 2a.

tout remak sa yo te byenvini pou pwogrè cho a, e de lè nou t komanse rive jodia san remak sa yo patap gen tout amelyorasyon sa yo. Donk mesiii pou tout remak nou yo, e nou toujou nan pwosesis pou nou amelyore Sak merite amelyore yo, men gen bagay kap pran tan donk wap bezwen pasyan avanw rive jwenn tout satisfaksyon kew swete jwenn yo.
Nou te jwenn anpilll reyaksyon kote oditè yo; Ki swete ke sho a videoklipe, yo panse ke sa taka pemet nou rive touche plis moun e fe plis enpak.
Nou vreman apresye lide a m’en nou pa ka pwomet ou sa pou demen sof ke se pa yon bagay Ki enposib tou.Kite nou travay sou sa epi jwenn yon fomil kap pemet nou pote yon kalte imaj Ki gon nivo standard e kap fè onè cho a ansanm ak odyans nou an.
Nou vreman vle pran yon titan poun di mèsi a chak grenn nan nou pou sipo ak apresyason ke nou bay chak grenn epizod yo sou diferan platform yo e sa vle di anpil pou nou e montre ke gen nesesite poun kontinye pibliye nouvo epizod e nou fenk Kare pote nouvo epizod pou ou.
Mesi ak chak grenn nan nou kite pataje epizod yo ak yon pwoch, yon zanmi, nan yon group watsap, nan group legliz etc...
Nou vreman swete ke konesans ki pataje nan epizod yo edew mennen pwojew yo nan lot nivo a ane a e siw poko abone pa bliye fe sa pouw ka rete konekte ak nou epi tande tout denye epizod ke nap gen poun pibliye yo.
Antanke lidè ki aple poul akonpli anpil gro bagay, pran anpli prekosyon ak moun wap mete nan epkip ou epi moun ou bay dwa sou laviw. Sonje ke li enpotan pouw fè ekip Ou ak moun Fou menm Jan avew, moun ki gen lespri kreyativ, moun kap challenge reyalite ke wap viv jounen jodia, moun ki kwè nan kwazad sa ke wap mennen an e pa kite pèson ni anyen few vire do bay objektif ak vizyonw nan kwazad sa.
Nom pam se Davidson Jules
Jan 07, 202010:10
Moman fen ane, period kote nap pran rezolisyon / fikse objektif pou ane kap antre a.

Moman fen ane, period kote nap pran rezolisyon / fikse objektif pou ane kap antre a.

Period kote yon ane ap fini pou yon lot antre, tradiksyon yo fè ke nou toujou pran rezolisyon ak fikse kisa objektif nou yo ye pou ane kap antre a. E anpil moun toujou renmen antisipe sou kisa ane sa pral pote pou yo, anpil moun toujou kwè ane sa pral miyò ke sa kap fini an m’en anpil nan nou pa rann kont ke pou ane a pi bon ke sak prale fok dabò nou dakò chanje abitid nou yo epi aksepte fe efo Ki nesesè pou ane a ka pi bon vre. Etid ak statistik ke Harvard Business fè, montre ke moun ki ekri objektif yo gen plis ke 10% chans pou yo rive atenn objektif sa yo ke sila yo ki pa ekri anyen yo. Lidè kom nenpot lot moun anjeneral son nesite pou yo gen fikse kisa Ki objektif yo nan lavi epi defini yon plan ki ap pemet yo rive akonpli misyon yo, gen objektif Se byen men chwazi respekte objektif sa yo pi enpotan toujou. Pouw sa rive atenn objektif ou yo, nou rete kwè ke li plis ke enpotan pouw ekri apre chak objektif POUKISA li enpotan pou ou pouw rive atenn objektif sa. Menm Jan yon bousòl kapital poul edew sitye tet ou epi rejwenn rout ou se konsa objektif oui yo kapital pouw sa rive fè sikse nan lavi. Paske nenpot lew ta vle abandone oswa fon lòt koub Se POUKISA sa kew t ekri apre objektif sa yo kap edew rete fokis sou sa ki se priyoritew nan lavi. Anndan epizod sa nou pataje 4 konsey avew ke nou kwè kap edew fikse bon objektif epi respekte yo. Kat konsey sa yo se: Konn ki Kote ou vle ale; avan tout bagay defini kisa sikse vle di pou ou; Ekri objektif ou yo epi swiv pwogrèw; Aprann mande konsey.
Ane sa kap antre pap pi bon ke ane sa ki prale a si tout fwa ou kontinye ap fe menm bagay ke wap fe yo, ane kap fini pap miyo ke ane sa siw pa deside chanje abitid Ou yo, ane kap vini an pap pi bon siw pa défini kisa prioritéw yo ye nan lavi, ane kap vini an pap pi bon sil pa pran tan pouw fikse objektif ou yo epi di poukisa li enpotan pouw respekte epi atenn chak grenn objektif sa yo.
Ane kap vini ap vreman pi bon ke ane sa kap fini sof siw dakò pou fe efo ki nesesè poul sa pi bon, epi fe ke objektif ou yo vin priorité pou ou epi swete ke fason wap panse ak Jan wap mennen viw baze oswa annamoni ak objektif ou yo.

sonje ke siksè pa yon bagay Ki rive pa aksidan m’en pito se chwa ak desisyon wap pran chak jou kap pemet ou fe sikse. Mwen konnen li pa fasil pouw chanje abitid nan yon bat je m’en mwen konnen tou ke tout chanjman posib m’en wap bezwen: volonté, deteminasyon epi pasyans pouw rive fè. Karen Lamb di: “Yon ane ankò, wap swete kew tè komanse jodia”.

Kidonk fikse kisa Ki objektif Ou, son egzesis kew sipoze fe jodia menm, pa lot ane, pa lot mwa, pa Demen men Se jodia menm. E pi gro manti nou renmen bay tet nou, lè nou pa vle komanse yon inisyativ ke nou genyen, se di tet nou ke nap tann bon moman an, sann pa rann nou kont ke koze nap tann bon moman an son mit ke nou kreye nan tet nou Ki pou kenbe-n nan kras eke nan vi reyèl la pa gen bagay Ki rele bon Moman.
Nenpot saw komanse jodia nan 5 lane aprè wap rann ou kont ke koze bon Moman an pat janm egziste e pa janm neglije komanse fè yon bagay jus paske ou jije kew pa gen ase eksperyans pou sa, se pa yon krim kew komanse yon bagay kew pat gen okenn eksperyans ladanl e verite a sèke ekspeyans vini parapò ak kantite tanw genyen depi wap fe sa. Donk jodia a se pi bon Moman an pouw komanse initiative kew swete a, pa pè echwe paske echek sa yo ap seviw kom leson pou pwoche etap la.
Sonje defini kisa siksè vle di pou ou
Siw pa konn ki rezilta wap cheche oswa ki rezilta Ou sipoze genyen, lap difisil pouw fikse objektif ki ka pemet Ou rive fè siksè men sitou jwenn rezilta sa kew te swete a. Mèsi #DJ.
Dec 29, 201918:50
Karakteristik ki pi enpotan pou yon lidè!

Karakteristik ki pi enpotan pou yon lidè!

Pa gen anyen kom karakteristik ki pi enpotan pou yon lidè, ke kreye epi mentni konfyans moun ke lap lid yo.
Youn nan rezon kifè lidè yo kapab enfliyanse lot moun se paske moun sa yo fè lidè sa yo konfyans. Moun ka gen respè pou ou, yo admire kantite bagay kew konnen, yo ka gen senpati pou ou, yo renmen travay ou, men sa pap fè ke yo pa poze kesyone sou aksyonw yo, esi tout fwa yo pa few konfyan chak aksyonw oswa desizyon kew pran ap toujou yon sijè diskisyon pou moun sa yo.
Map redil, Pa gen oken lot karakterristik ki gen plis enpotans pou yon lidè ke karakteristik poul kreye ak mentni konfyans moun lap lid yo, e son bagay kem rive aprann avèk eksperyans. Nou pale de 5 atitid pami anpil lot ki ka ede lidè yo kreye epi mentni konfyans lakay moun ke yap lid yo. 5 abitid Nou wè nan epizod sa se: Ou dwe yon moun Ki koyeran; yon moun Ki enb(imilite), yon moun Ki ouvè; yon vizyonè; yon moun Ki Otantik. 5 atitid sa yo ka edew kreye ak mentni konfyans lakay moun ke wap lid yo men kitem diw ke Kreye konfyans kay lot moun pa yon bagay ke yap few kado antanke lidè m’en son bagay wap bezwen travay pou li Epi lap vini otomatik paskew meritel. E se tout yon pwosesis li ye, wap bezwen gen pasyans m’en sitou wap bezwen entegre epi itilize 5 abitid sa yo ke msot pataje avew la nan fasonw jere kapasite lidèship ou ak moun wap lid yo pouw ka jwenn rezilta wap cheche a. 5 abitid sa yo pa sel bagay wap gen bezwen pouw kreye konfyans lakay moun ke wap lid yo men se 5 pami anpil lot ke wap gen bezwen ke siw chwazi entegre nan fasonw jere relasyonw ak moun ke wap fonksyone ki ap pemet ou bati yon relasyon dirab ak moun sa yo m’en sitou yo relasyon kap baze sou konfyans.
3bagay kew sipoze toujou sonje
1- moun swiv lidè ke yo panse ki pataje menm valè ak yo
2- moun swiv lidè ke yo panse ki gon istwa oswa eksperyans ki sanble ak eksperyans ke yo te fe
3- moun swiv lidè ke yo panse ke yo ka fè konfyans, lidè ki kite travay yo pale pou yo.
E nan ka paw la gade pouw we si moun wap fonksyone ak yo a fe kapasite lidèship Ou konfyans pouw mennen yo nan lot nivo a. Si wi kontinye travay pouw amelyore epi mentnil sinon travay sou tet ou dabò jwenn saw dwe chanje oswa amelyore pouw ka ogmante kapasite lidèship Ou.
Dec 24, 201913:32
4 Fason lidè yo ka kreye relasyon ki dirab!

4 Fason lidè yo ka kreye relasyon ki dirab!

Epizod sa de 4 fason lidè yo ka kreye yon relasyon ki dirab nan fason yo jere relasyon yo ak moun ke yap fonksyone. Nou eseye eksplike ak montre poukisa li enpotan pou lidè yo de kreye kontinyelman youn nan pi gro priyorite ke yo sipoze genyen. Nou pale sou etid ke konpayi ki rele Bluesource fè sou sa ki gen pou wè ak pwodwiktivite anndan òganizasyon ki ogmante de 25% lè ke moun kap travay anndan òganizasyon yo rete konekte youn ak lot epi ak lot òganizasyon. Nou prezantew sa ki fè diferans ant òganizasyon kap byen mache ak sa ki medyòk yo, e tout òganizasyon kap byen mache se gras ak moun Ki ladanl yo paske potansyel yon òganizasyon chita nan moun kap evolye anndan òganizasyon sa ak kapasite moun sa yo genyen pou yo travay annekip olye ke yo mize sou kapasite endividyèl. Nou pale de benefik ki genyen nan lew kreye relasyon dirab swa ak moun wap fonksyone oswa ak lot òganizasyon kap evolye nan menm domèn avew sa fasilitew jwenn plizyè ide sou yon problem kelkonk kew ta kapab rankontre epi jwenn yon solisyon kap dire pou tout moun kap evolye nan sektè sa a olye de yon solisyon pesonel. Menm Jan ak Alexander Graham Bell di: “Tout gro dekouvèt oswa amelyorasyon enplike inevitableman koperasyon plizyè Sèvo kap pwodwi ide”. Nou prezantew 4 abitid pèsonèl kise: friendly, kominikasyon, pasyans epi lwazi ke mwen itilize poum sa kontinye bati relasyon kap dire. Ou sipoze yon moun Ki amikal paske sa pemet ke lot moun pa pè abodew. Biolojikman etid yo montre ke nou fèt ak kapasite poun janti epi konpatisan youn ak lot men son kapasite ke nap kapab devlope selman nan repetisyon. Pa ezite ofri sevis Ou bay lot moun otan kew kapab, yon ti moman jantiyess kew pataje ak yon moun kapab chanje konplètman jounen moun sa, men sitou Jan lap gen poul aji ansanm ak lot moun. Kominikasyon, nan kominikasyon wap gen ak moun ke wap fonksyone ou dwe fè surr ke nou youn konprann lot, paske sa pral evitew tande fraz tankou se pa fot mwen Se paske Mpat byen konprann saw te dim yo. Ou sipoze gen pasyans, li pa fasil pouw gen anpil pasyans m’en li posib pouw aprann kiltive pasyans. Gon sitasyon sa ki di: “ Pasyans son vèti” sa ta sipoze vle di ke lew gen pasyans epiw pratike pasyans nan sa wap fe li kapab amelyore vi moun kap fonksyone nan antouraj ou men lap gon enpak pozitiv sou vi paw. Gon mesye ki rele Stan Floresco, kise pwofesè nan inivèsite Colombie-Britannique ki di: “ Lew kiltive pasyans anpill epiw vin genyenl an kantite, sa kapab reyangaje fonksyon lob fwontal ou, lew gen anpill pasyans sa pemet ou kalkile epi pran desizyon ki reflechi ak ogmante satisfaksyon global ou nan vi a”. Lew pratike pasyans kom dirijan sa pemet ou bay moun kap fonksyone avew espas ak tan nesesè pou yo evolye e anpil fwa rezilta travay moun sa yo ka enpresyonew. Lwazi, li enpotan pouw sou moun ki travay anpil m’en li osi enpotan pouw rezève yon ti moman pouw divètiw, wè moman lwazi sa yo tankou yon okazyon pouw amelyore kominikasyonw ak fasonw kolabore ak moun kap fonksyone avew epi sonje ke ti moman lwazi sa yo anpill fwa konn stimile, reveye kreyativite kap domi anndan kolaboratew yo. Se responsablite paw pouw travay sou tet ou epi jwenn Sak dwe chanje oswa amelyore nan fasonw jere relasyonw ak moun Ki nan antouraj Ou oswa kap fonksyone avew, epi jwenn konbinezon kap mache pou ou a. Travay sou tet ou vle di gon konvezasyon ki onèt ak pwop tet ou, youn nan pi bon moman ou ka gen konvezasyon sa se lew demakew de foul la epiw retrouvew sèl ak pwop tet Ou. Bati yon relasyon ki dirab se yon pwosis ni pou ou ni pou moun ki anfas la donk pa prese, e fe surrr ke ou swiv tout étap yo nan pwosesis la e ou pran tan ki nesesè pou sa. Kom lidè sonje ke lew pemet moun kap fonksyone avew yo evolye nan yon anvironman ki pluzoumwen detandu sa kontribye direkteman nan sante global moun sa yo epi pemet ke yo pi konfotab nan relasyon yo youn ak lot. E sonje ke li posib pouw son bon lidè San kew pa oblije yon bouwo pou moun sa yo. Mèsi
Dec 21, 201912:42
Relasyon, aspè ki pi enpotan nan lidèship!

Relasyon, aspè ki pi enpotan nan lidèship!

Epizod sa pale de aspè ki pi enpotan nan sa ki gen pou wè ak lidèship ki pa lot ke RELASYON. Nou prezantew 3 aksyon ke yon lidè dwe toujou fè, pataje eksperyans pèsonèl mwen avew parapò ak sijè a epi kitew avek kek konsey kap itil ou. Pataje kek Komantè ke nou te resevwa de oditè yo.... Pou mwen aspè ki pi enpòtan nan lidèship se relasyon. Relasyon ou devlope ak moun Ki nan antouraj ou oswa ak moun ke Wap fonksyone, E malerezman anpil moun oswa anpill lidè poko ka vreman metrize aspè sa. Relasyon ou devlope ak moun di anpill sou ki kalite lidè ke ou ye.
Souvan, Anpill moun panse ke se gras ak sa yo reyalize ki pemèt ke yo enfliyan, tankou opòtinite ke yo genyen pou yo pale an piblik, ou jus paske yon gon tit kelkonk, rad chè ke yo mete, mak machin ke yap woule oswa pozisyon yo okipe nan kominote yap evolye a etc...
Laverite, anpill fwa enpotans ou attribué ak tout bagay sa yo mwen sot site la enpeche nou konprann ke bagay sa yo pa vo trop bagay nan balans lan parapò ak kapasitew genyen pouw enfliyanse moun ak fè moun swiv ou; E sitout fwa kapasite kew genyen an pa pèmèt ou konvenk moun nan yon pwen pou yo swiv ou, fèm konfyans ou poko yon lidè. Map repete John Maxwells poum diw: Yon kantite fwa ke nou pa menm ka konte, dirijan yo toujou chaje ak sevitè m’en si omwen youn nan sèvitè sa yo pa yon patizan pou ou, konnenw pa yon lidè. Mwen ta renmen pataje ak nou 3 Aksyon selon mwen menm ke yon lidè dwe fè: 1-Fè tout sak depann de ou pouw konekte ak lot moun pouw sa agrandi rezow. 2-Envesti nan lot moun 3-kreye lot talan, kontwi moun.
Fè tout Sak depann de ou pouw konekte ak lot moun paske se youn nan mwayen kap edew jwenn bon Jan fidbak sou sa wap fe a, pa ezite konekte ak moun kew jije ki pataje menm valè avew e kap fon travay itil nan kominote a. Li enpotan pouw agrandi rezow patikilyèman ak moun ki temwanye yon entere nan sa wap fe a. Yon bon rezo ak moun ki bay sa wap fe a enpotans ap pemèt ke travay wap fe a rive touche plis moun e enpak la ap pi gran.... Sonje ke premye kote pouw komanse agrandi rezow Se ak moun Ki bo kotew, pa janm neglije anvironman emidyaw nan nenpot sa wap fe a.
Envesti nan lot moun, Se sasèdòs tout lidè. Paske lidè a se moun ki angajel epi dakò poul envesti tanl nan pwogrè lot moun. Envesti nan lot moun Se youn nan pi meyè mwayen kew t ka genyen pouw bay anretou tout saw t jwenn nan yon moman done. Sa fem tris anpill Lem tande yon moun di kel pè pataje moso lespri ak lot moun jus paskel pa vle moun sa depasel oswa rive menm nivo kapasite avel. Lew envesti nan lot moun sa vle di, ou rive konprann ke sel ou menm papka rive fe chanjman sa ke nou tout moun swete a, men ak yon group moun Ki pataje menm vizyon li posib. Envesti nan lot moun pa selman yon koze lajan m’en pito fason w entegre moun sa yo nan janw jere tanw chak jou, nan chak segond ou pase ou moun sa yo pandan ke wap pataje moso lespri ak yo. Raplew ke ou nan pozisyon kew ye jodia Se paske, a yon moman nan laviw t gen moun Kite chwazi envesti nan ou, donk kounia se tou paw pouw envesti nan lot moun. E pwemye kote pouw komanse Se nan antouraj ou.
Nan menm epizod sa mwen pataje kek teknik ke mwen itilize ki pemet mwen rete konekte ak moun epi agrandi rezom. Few tande komantè yon oditris epi konkli ak kek konsey ke siw pratike nan relasyon ke wap kiltive ak lot moun ki ka gen enpak pozitiv sou menm kew vle enfliyanse yo. Nou raplew ke li enpotan pouw rete yon moun Ki imen, Ki renmen moun, ki otantik m’en tou yon moun Ki bay moun yon rezon pou yo renmenml. Nou raplew Koman li enpotan pouw bay moun kap fonksyone avew enpotans epi montre yo ke sikse yo konte pou ou. Nou raplew tou ke tout saw vle fè nan lide pouw pote yon chanjman li plis ke enpotan pouw komansel ak moun Ki nan antouraj ou. John Maxwells di: Lidè yo toujou gon kantite sevitè ki anpil m’en si nan montan tout sevitè sa yo li pa gen omwen youn ki se patizanl, konnen li pa yon lidè. Gen anpil sevitè se byen m’en gen moun Ki aki ak koz ke wap mennen an se pi byen toujou!
Dec 18, 201913:14
7 karaktè ke yon moun dwe kiltive

7 karaktè ke yon moun dwe kiltive

Nan epizod sa nou prezantew 7 karaktè ke mwen konsidere kom 7 aksyon ke yon moun ta dwe kiltive e kap pemet vi pèsonèl ak Òganizasyon ke wap dirije ale nan lòt nivo a. 7 karaktè sa yo se: 1- Ou dwe fè de tèt ou yon moun ke lot moun ka fè konfyans. 2- Ou sipoze kwè nan tèt ou. 3- Ou sipoze yon moun ki sousye de lot moun. 4- Ou sipoze yon moun ki fòme epi enfòme. 5- Ou sipoze yon moun ki angaje. 6- Ou dwe Otantik, yon moun ki vrè. 7- Ou dwe pèswazif, konvenkan. Nan epizod nou prezantew 7 karaktè sa yo kom 7 aksyon ke yon moun sipoze kiltive nan lavi yo avek sel objektif pouw ale nan lòt nivo a. Nou eksplikew enpotans epi poukisa ou dwe: yon moun ke lot moun ka fè konfyans, paske se moun ki enfliyanse moun donk pouw enfliyanse yon moun fok moun sa ka fè yon minimòm konfyans. Ou dwe kwè nan tet ou paske janw prezante tet ou bay lot moun gen enpak sou reyaksyon moun sa vizavi de ou menm, esi moun ki anfas ou a gen santiman kew pa kwè nan tet ou, li pap trouve okenn rezon poul few konfyans tou. Li enpotan pouw sousye de lot moun, oswa li enpotan pou moun ki nan antouraj ou wè nan ou yon ki sousye de lot moun. Yon moun ki prè poul fè enterè lot moun pase sou enterè pal, e gon pawol ki di « Moun pa vreman enterese ak ki valè bagay ou konnen juskaske yon rive konnen kijanw son moun ki sousye de lot moun ». Li enpotan pouw son moun ki fòme epi enfòme lew vle enfliyanse lot moun oswa pale de yon domèn kèlkonk. Fòme tet ou kontinyèlman se youn nan pi meyè fason pouw enfliyanse ak pale de yon domèn kew vle ede lot moun grandi ladanl. Li bon pouw pran tan pouw fome tet ou paske moun ki entelijan pa janm sispann aprann paske nan ka kontrè wap pran gro risk e ou ka menm pedi kredibilite ajamè. Ou sipoze yon moun ki angaje, yon lidè son moun ki angajel poul ede lot Moun dekouvri potansyèl kap domi anndan yo epi pemet ke moun sa yo atenn objektif yo nan lavi. Anpil li konn paret plis ke difisil pou yon moun respekte yon angajman kel te pran paske obstak yo konn telman anpil sou wout li epi yon paret destriktiv sa konn fè ke moun sa anvi fè bak epi abandone men lew son moun ki angaje, angajmanw ap pemet ou fè fas ak tout obstak sa yo epi kontinye avanse juskaskew atenn objektif ou. Ou dwe Otantik, ou sipoze reyèl, ou sipoze vrè, ou pa sipoze fek. Ou pa sipoze gen 2 vizaj e moun kap fonksyone ak ou sipoze konn kiyes ou ye reyèlman. Ou pa sipoze ap bay tet ou pwoblem pouw paret nan po yon moun kew pa ye, ou dwe ap esye viv vi pa yon lot moun. Li enpotan pouw pap defann valè ki pa antre nan liy prensip ou yo ni bagay kew pa kwè ladan y. Paske ofinal verite ki nan ou an ap briye de tout fason. Ou dwe yon moun ki konvenkan, gen kapasite pouw konvenk moun son gro bagay men son kapasite ki frajil anpil lew chwazi itilizel de fason negativ, kapasite pouw konvenk lot moun anpil fwa konn mal itilize nan milye lidèship la. Son kapasite ki pata dwe itilize pou manipile moun nan enterè mesken m’en pito kom yon zouti ki pemet moun dekouvri kiyes yo ye epi akoupli vizyon ak pwojè yo nan lavi. Enfliyanse menm jan ak lidèship nan li menm Se 2 vèb, sa vle di nou chak kap viv gen kapasite poun enfliyanse omwen yon moun men jan lot moun ka enfliyanse nou tou. E tout lidè konnen ke si travay ou, aksyonw yo ak konpotman pa itilize pou enfliyanse lot moun konnen ke travay la poko fèt, paske wol yon lidè se dirije, sèvi ak enfliyanse. Siw son enfliyansè e moun Wap enfliyanse yo pa grandi sou okenn pwen ou mèt repanse karyè enfliyansèw... Fè chwa pouw aplike oswa kiltive 7 karaktè osinon 7 aksyon sa yo nan laviw se chwazi miltiplye kapasite lidèship ou pa yon kantite fwa anplis de kantite ou te gen avan an. 7 karaktè sa yo se 7 angajman kap pemet ou mennen vi pèsonèl ou ak òganizasyon ke wap dirije nan yon lòt nivo. Sonje siw bezwen wè chanjman demen se jodia menm pouw komanse travay pou chajman reyèl sa rive vre. Mwen vle fini ak pawol sa « Si pwojèw yo pa enfliyanse janw jere tanw, konnen ke ou kondane pouw viv nan rèv selman » Mèsi, Davidson Jules.
Dec 12, 201915:26
Prezantasyon Framework Konvèzasyon podcast

Prezantasyon Framework Konvèzasyon podcast

Sa se pwemye epizod Framework Konvèzasyon, ki se yon podcast esansyèlman baze sou lidèship òganizasyonèl ak devlopman pèsonèl nan objektif pou pèmèt Ou mennen projè pèsonèl ak òganizasyon ke wap dirije nan yon lòt nivo. Nan epizod sa mwen prezante tèt mwen Davidson Jules bay odyans lan kòm inisyatè podcast sa, pale de kisa ki motivem kreye podcast sa ak objetif yon podcast konsa. Mwen eseye eksplike tou koman epizod nou yo pral prezante... Youn nan objektif podcast la se gade Koman nou kapab rekadre diskou nou yo, chanje fason nou diskite youn ak lot pandan ke nou ka toujou pa pataje menm opinyon san ke sa pa anpeche nou aprann youn de lòt men sitou alafen trouve yon atant poun kontinye fonksyone/avanse. Anpil fwa nou diskite poun pwouve ke se nou ki gen rezon epi lòt moun lan gen kò men nou pa diskite ak lide poun konprann kisa ki baz diskisyon an etc... Nan menm epizod sa mwen fon pase tou Piti sou enpotans bon Jan kapasite lidèship yon lidè Oswa yon dirijan anndan yon òganizasyon men tou mwen pale sou kek bagay ki ka pèmèt yon profesyonèl grandi profesyonèlman anndan yon òganizasyon parapò ak eksperiyans mwen fè pandan plis pase 5 lane kòm lidè ki gen gro responsablite anndan òganizasyon. Mwen eksplike ke Framework Konvèzasyon se yon espas kote moun ap gen Chans pou pale pawol lespri, sa kap pèmèt oditè nou yo aprann omwen yon bagay anplis nan chak epizod yo. Paske envite nou yo ap gen chans pataje sa yo konnen ak lòt moun. Chak envite ke map gen pou fon ti chita pale ak li, ap gen posiblite poul pataje ak Ou menm kòm oditè eksperiyans li parapò ak domèn Lap evolye a nan lide poul evitew fe menm erè kel te fè lè ke li tap fenk Kòmanse dirije yon òganizasyon oubyen projè pèsonèl li yo. E mwen t fini poum di ke mwen vrèman ke Ou fè chwa pouw tande ak abòne ak chanèl Framework Konvèzasyon sou tou platfòm miltimedia ki pèmet Ou tande yon podcast tankou: anchor, ITunes podcasts, Spotify ak anpil lòt . Framework Konvèzasyon se yon podcast kap fèt esansyèlman an kreyol, men sa ka rive nou gen epizod ki fèt an anglè si tout fwa envite nap resevwa nan jou sa se anglè selman li pale. Mwen paka tann poum prezantew pwochen epizod nou yo chak semèn! Davidson Jules
Dec 09, 201913:42