Skip to main content
Koze Kilti Vyòl

Koze Kilti Vyòl

By Koze Kilti Vyòl

Yon emisyon ki la pou ankouraje moun #Pafèsilans sou vyòl, tizonnay ak abi seksyèl ansanm ak langaj epi konpòtman ki pa gen plas yo nan #AyitiNouVleA.
Available on
Apple Podcasts Logo
Google Podcasts Logo
Overcast Logo
Pocket Casts Logo
RadioPublic Logo
Spotify Logo
Currently playing episode

Pawòl komedi ki banalize vyòl

Koze Kilti VyòlDec 12, 2020

00:00
47:26
Koze Kilti Vyòl - Epizod 18 - Let's talk about sex

Koze Kilti Vyòl - Epizod 18 - Let's talk about sex

Fè bagay...fè bagay...fè bagay..! Sa sonnen mal nan tèt ou oubyen li sonnen nòmal? Nou sonje Elder te di nou sa? Toujou pale de fè bagay: avan nou fè bagay, pandan n ap fè bagay, aprè nou fin fè bagay. Se konsa n ap konn sa n vle, sa n renmen,  sa patnè nou vle ak renmen tout bon vre. Se konsa tou n ap ka tabli yon bon kilti konsantman.

Poutan, nan peyi nou,  malgre entènèt la ba nou de twa ti zen dezantan, fè bagay toujou rete yon tabou. Nou toujou panse se yon bagay sal. Petèt se paske n pa pale de li ase, petèt paske l toujou tabou ki fè l fè zen konsa. Epitou,  nap remake mòd de zen sa yo toujou gen pou objektif degrade fanm paske yon iresponsab,  yon kriminèl, yon lach ( an n pa pè ba yo non yo merite) deside mete deyò yon zak ki te fèt an prive.

Mezanmi moun lib fè bagay jan yo vle: a de, a twa, pran pozisyon yo vle, elatrye. Depi gen konsantman pa gen pwoblèm ! Pou pratik seksyèl sòti nan stad zen pou l rive nan nivo kote tout moun wè l nòmal. Pou lawonte a chanje bò, pou lach ak kriminèl pa sèvi ak videyo, foto entim pou entimide fanm;pou sosyete a sispann jije moun fanm an patikilye sou pratik seksyèl yo, finalman pou n tabli yon konsantman ki RALEE tout bon vre : Ann toujou pale de fè bagay.  Avan nou fè bagay, pandan nap fè bagay,  apre nou fi fè bagay. Let's talk about !

***

Nan epizòd Koze Kilti Vyòl sa n ap resevwa James Tony Luc. Plis enfòmasyon nan kozeiltivyol.com/s02e08

***

Li pase tou nan 8 radyo lokal. Lis radyo a disponib nan kozekiltivyol.com/radyo.

Jun 12, 202140:09
Koze Kilti Vyòl - Epizod 17 - Ou gen dwa di wi

Koze Kilti Vyòl - Epizod 17 - Ou gen dwa di wi

Marie s on bèl tifi ki konn sa l vle. Pa sèlman pou lavi l men sou kaban n tou. Lè m di nou sa, li konn kò l, li konn sa k ap fè l plezi. Mezanmi, se pi bon bagay ki te ka rive yon moun men Marie pat konn sa. Dotanplis, ti kè l ba t pou David. David leve yon fason ki fè l konprann yon fi ki mande fè bagay oubyen ki di wi vit s on ti cholin. Marie vin blije paka epanouyi l vre. L ap mal viv. Pinga n bay tèt nou manti, depi pwoblèm fè bagay nou pa regle, li ka vin gwo pwoblèm. Epi tou fè bagay, mete sa nan tèt nou, se bèl bagay. Dènye kou ki pral touye koukou, Marie aprann David ak twonpe l ak yon fanm ki konn kò l menm jan avè l men ki pat pè di wi.

Sitiyasyon sa, nou te wè l ak Dorothy ak Yves-Marie Exumé, rele teyori oubyen konplèks de la vierge et de la putin. Teyori sa vle fè kwè, anpil fwa,  gason ap chache yon fi ki sent pou madanm yo pandan y ap pran plezi yo ak yon lòt ki pa pè asime seksyalite yo. Bon… n ap dakò tou se pa paske w asime seksyalite ki fè patnè w pa p twonpe w oubyen ap toujou rete avè w. Bagay yo pi konplike pase sa.

Men an n fon ti lojik: Si pa asime seksyalite w ka fè l twonpe w menm jan asime seksyalite w pap anpeche l twonpe w, eben chwazi tèt ou! Chwazi pou moman w ap pase a otantik. Finalman se paske w ap pran plezi ki fè w ap ka bay patnè w la plezi. Pou sa, fòk ou aprann di wi paske w gen dwa sa.

Se sou sa nou pral chita jodya nan disetyèm epizòd KozeKiltiVyol. Marina Mathieu ap rejwenn nou pita pou n apwofondi konvèsasyon.

***

Li pase tou nan 8 radyo lokal. Lis radyo a disponib nan kozekiltivyol.com/radyo.

Jun 05, 202144:11
Koze Kilti Vyòl - Epizod 16 - Ou gen dwa di non

Koze Kilti Vyòl - Epizod 16 - Ou gen dwa di non

Eske w te konen w gen dwa di non? Bon.. anpil nan nou ka mande tèt nou ki mòd kesyon sa. Men eske w konnen anpil moun paka di non? Yo pè fwase oubyen desevwa moun. Di non s on bagay ki tèlman enpòtan. Se paske w konn di non ki fè wi w ap gen valè. La n ap pale yon fason jeneral. Men nan sa ki kòsène nou, nan lit n ap mennen kont kilti vyòl, nou te wè tout wi pa gen valè, tout wi pa valab. Nou te mete aksan sou moun k ap mande konsantman an. Jodya,  n ap pale avè w, wi ou menm menm k ap bay konsantman w.

Si lè yon moun mande w yon sèvis, li konn difisil pou w di l non, alewè pou yon moun ou abitye gen relasyon avè l. Mikwotwotwa ekip KozeKiltiVyol la te reyalize avan Senvalanten la montre aklè jan l difisil pou nou di non lè nou asanm ak yon moun,  lè nou fin kase randevou. Anpil moun te reponn: bon...nou deja la…. Nou te gentan planifye pou sa. Nou te jwenn menm repons sa yo ni bò kote fi ni bò kote gason.

Anpil bagay ka esplike sak fè n pè di non. Nou pè pèdi moun lan, nou pa vle al nan diskisyon, nou bezwen moun renmen nou. Men tou, anpil fwa nou regret aprè. Alòs, li enpòtan pou n mande tèt si wi fòse nou te bay la, lanmoun moun n ap chache a, diskisyon nou vle evite a vo plis pase lanmou n gen pou tèt nou.

Nou konnen aprann di non pa fasil. Men lè w aprann di lòt moun non, w ap aprann fè sa ki fè w plezi. W aprann renmen tèt ou. Epi tou, kijan w ap ka renmen yon lòt moun si w paka renmen pwòp tèt ou? Eske yon moun ki renmen w vre pap koute epi konprann lè w di l non?

Eben mezanmi nan sèzyèm epizòd KozeKiltiVyol,  nou vin di w ou gen dwa di non.

Pita, pou apwofondi konvèsasyon an, n ap akeyi Charlot Edler. Avèk li nou pral pale de enpòtans pou nou di non paske se sèl mwayen pou konsantman nap bay la RALEE tout bon jan n renmen di l nan KozeKiltiVyol.

May 29, 202137:25
Koze Kilti Vyòl - Epizod 15 - Wi pa toujou wi

Koze Kilti Vyòl - Epizod 15 - Wi pa toujou wi

Anpil fwa nou konn wè de moun ansanm, yo nan yon relasyon, nou sipoze a yon moman nan relasyon an se yon « WI » ki te ini yo, yon wi ki fè yo ansanm. Men eske se nan tout ka sa yo « WI » an te vrèman yon « WI », eske yon « WI » pa ka vle di « NON » tou ?

 

Souvan de moun ka  ansanm, Men « WI » ki lye yo an, konn gen anpil bagay ki ka enfliyansye l , konn gen yon dinamik pouvwa ki lye a konsantman sa a. Yon granmoun ki renmen ak yon timoun, yon moun ki gen yon andikap fizik oswa entelektyèl, lajan, oryantasyon seksyèl, elatrye

 

Nan kelkeswa relasyon yon moun ta ye, yon bagay pou n toujou sonje an plis de konsantman, se kapasite fizik ak moral lan. Se pa paske yon moun di « WI » sa vle di « Wi » li an se yon « WI » tout bon.

 

Kilti dominasyon ki ekziste an, totalman diferan de kilti konsantman an. Li ale odela de relasyon ki ekziste nan mitan 2 moun. Li vin yon kesyon politik: enperyalism, kapitalism, klasism, patriyaka, etewonòmativite …

 

Twò souvan nou eseye jistifye modèl relasyon sa yo, nou akspete yo, e rann yo nòmal, sou baz moun ki anba dominasyon an se yon sitiyasyon l ap defann, moun k ap domine l lan w byen pou li. Gen yon jan sosyete an enpoze sa nan pawòl li ak aksyon l li, li  fè kilti dominasyon sa fè moun “aksepte” san yo pa dakò vre.

 

Men sa n dwe konprann, « WI » ka pa toujou « WI », e nan kezyyèm epizòd nou pral pale de nosyon enkapasite a, kote se yon abi lè yon moun pwofite de pozisyon l ak sitiasyon l  pou l fè yon lòt yon seri de bagay.

 

Pita pou apwofondi sijè n ap resevwa Yves-Marie Exumé ki gen yon bakaloreya nan sikoloji. Avèk li nou pral abòde sijè konsantman kay timoun, malad mantal, defwa tou menm manm yon sèl fanmi. N ap ka wè avè l pi byen ki lè Wi pa toujou wiAnpil fwa nou konn wè de moun ansanm, yo nan yon relasyon, nou sipoze a yon moman nan relasyon an se yon « WI » ki te ini yo, yon wi ki fè yo ansanm. Men eske se nan tout ka sa yo « WI » an te vrèman yon « WI », eske yon « WI » pa ka vle di « NON » tou ?

 

Souvan de moun ka  ansanm, Men « WI » ki lye yo an, konn gen anpil bagay ki ka enfliyansye l , konn gen yon dinamik pouvwa ki lye a konsantman sa a. Yon granmoun ki renmen ak yon timoun, yon moun ki gen yon andikap fizik oswa entelektyèl, lajan, oryantasyon seksyèl, elatrye

 

Nan kelkeswa relasyon yon moun ta ye, yon bagay pou n toujou sonje an plis de konsantman, se kapasite fizik ak moral lan. Se pa paske yon moun di « WI » sa vle di « Wi » li an se yon « WI » tout bon.

 

Kilti dominasyon ki ekziste an, totalman diferan de kilti konsantman an. Li ale odela de relasyon ki ekziste nan mitan 2 moun. Li vin yon kesyon politik: enperyalism, kapitalism, klasism, patriyaka, etewonòmativite …

 

Twò souvan nou eseye jistifye modèl relasyon sa yo, nou akspete yo, e rann yo nòmal, sou baz moun ki anba dominasyon an se yon sitiyasyon l ap defann, moun k ap domine l lan w byen pou li. Gen yon jan sosyete an enpoze sa nan pawòl li ak aksyon l li, li  fè kilti dominasyon sa fè moun “aksepte” san yo pa dakò vre.

 

Men sa n dwe konprann, « WI » ka pa toujou « WI », e nan kezyyèm epizòd nou pral pale de nosyon enkapasite a, kote se yon abi lè yon moun pwofite de pozisyon l ak sitiasyon l  pou l fè yon lòt yon seri de bagay.

 

***

Nan epizòd Koze Kilti Vyòl sa n ap resevwa Yves-Marie Exumé @aymexume. Plis enfòmasyon nan kozeiltivyol.com/s02e05


***

Li pase tou nan 8 radyo lokal. Lis radyo a disponib nan kozekiltivyol.com/radyo.

May 15, 202126:57
Koze Kilti Vyòl - Epizod 14 - Renmen moun ki renmen w
May 08, 202126:19
Koze Kilti Vyòl - Epizòd 13 - Ret nan wòl ou
May 01, 202126:50
Koze Kilti Vyòl - Epizòd 12 - Prizon pa dous
Apr 24, 202147:41
Koze Kilti Vyòl - Epizòd 11 - Fò l di wi anvan

Koze Kilti Vyòl - Epizòd 11 - Fò l di wi anvan

Souvan, konsantman prezante tankou yon bagay ki gen anpil zòn gri, men pa gen fwontyè flou nan konsantman: Si pa gen yon wi san kontrent, se non.

Antanke sosyete, nou souvan pè pale de sèks e sa debouche tou sou koze konsantman an. Fi sitou gen difikilte pale de sa yo vle, sa yo pa vle nan sèks. Yon sèten moral piritèn ki prezante fanm tankou yon moun ki sibi ak seksyèl la fè yo pè eksprime sa ki ka fè yo plezi pou moun pa al panse se paske yo san moral, yo nan gason lontan, yo pase anpil nèg.

Gen yon lide tou kòmkwa gason dwe batay pou kouche ak yon fi ki fè fi tankou gason panse yon bon fi s on fi ki rann sèks difisil pou w jwenn; sa ki mennen itilizasyon “kapris” reyèl ou pa kòm yon eskiz pou abi seksyèl sou fi.

Nan dezyèm sezon Koze Kilti Vyòl, nou pral pale de aspè sa yo nan kilti vyòl la ansanm ak  kijan li kontribiye nan minimize kontwòl moun genyen sou kò yo, sou tèt yo.

Pou nou ka byen abòde kesyon an, nou deside adopte definisyon ONU Femmes - yon òganizasyon nan NaysonZini ki okipe l de kesyon dwa fanm - bay pou konsantman. Genyen 5 karakteristik nou dwe chèche nan konsantman. Li dwe

  • antouzyas: konsantman sa menm lè yo pa di l “non”, se yon “wi” toutbon l ap chèche
  • lib: konsantman se pa twonpe, fòse, menase moun pou l di wi
  • enfòme: moun nan dwe konnen sa l ap antre ladann pou l bay konsantman l; timoun pa ka bay granmoun konsantman; konsantman ak kapòt pa valab san kapòt, elt …
  • espesifik: konsantman pou yon ak seksyèl nan yon moman done pa vle di konsantman pou tout ak sekyèl toutan.
  • revèsib: konsantman pa la pou toutan, moun gen dwa chanje davi.

Nan Koze Kilti Vyòl, pou fasilite n sonje chak karakteristik sa yo, nou kreye yon akwonim: RALEE. Nou di fòk konsantman an RALEE w sou moun lan. Kou epizòd sa fini, n ap poste sou sit entènet nou, nan kozekiltivyol.com, ansanm ak sou rezo sosyal yo, yon planch band desine ki ilistre sa pou nou. Nou envite nou sovgade l sou telefòn nou, oubyen lòt aparèy nou, pou pataje ak yon maksimòm moun. Nou ka agrandi l, enprime l, dekore lakay ak biwo nou tou. Nou pa janm konnen kilès enfòmasyon sa ka ede.

Annatandan, ann fè yon ti rale sou RALEE a - R, A, L, E, E; kote nou pran chak premye lèt mo yo pou n ka sonje 5 karakteristik konsantman yo pi fasil; R pou revèsib; A pou antouzyas; L pou lib;  yon E pou enfòme; lòt E a pou espesifik. Li enpòtan pou n remake nou di konsantman dwe RALEE nou sou lòt la. Se pa nou k ralee lòt la sou nou; moun ki fè premye mouvman an; moun ki mande a; se li k toujou gen pou asire l lòt la, toujou sou sa; pandan tout dire relasyon an. Se moun ki mande asire l, relasyon an antouzyas, lib, enfòme. Se moun ki mande a ki pou asire l li pa depase limit espesifik akò li jwenn lan. Moun ki mande a pa dwe janm bliye, akò sa revèsib, moun lan gen dwa chanje lide.

Pou lanse konvèsasyon, n ap akeyi Stéphanie Lamarre pou nou pale de enpòtans pozitivite nan sèks pou rive nan konsantman antouzyas n ap chèche a. Annatandan, nou pral wè ansanm diferan zouti n ap itilize pandan dezyèm sezon pòdkas la pou n ka fè konvèsasyon an vanse.


Plis nan kozekiltivyol.com/s02e01

***

Li pase tou nan 8 radyo lokal. Lis radyo a disponib nan kozekiltivyol.com/radyo.

Apr 17, 202129:40
Pawòl anndan kay ki ankouraje kilti vyòl

Pawòl anndan kay ki ankouraje kilti vyòl

Robert-Joseph Pothier se te yon moniman nan doktrin dwa Lafrans. Travay li te enspire anpil jiris nan lòt peyi tankou Etazini menm jan ak nan peyi pa li, Lafrans. Moun ki te ekri Kòd Napoleyon yo - ki te baz kòd sivil pa nou an Ayiti - te baze yo anpil sou travay li. Nan travay sa te genyen yon Traité du contrat de mariage et des droits respectifs des époux - pibliye an 1771 - ki eksplike kijan moun marye dwe aji youn ak lòt:

Se pou fanm pran pasyans devan movèz mannyè mari li, menm si l ap maltrete l, se yon kwa Bondye voye ba li pou ekspedye peche l.

Nan senkyèm epizòd la sou pawòl labib ki ankouraje kilti vyòl nou te wè kijan efektivman, nan Lajenèz Bondye te kondane fanm pou soufri anba men mari l e kòm nou te wè tou kijan relijyon enfliyanse tout lòt kalte domèn sa pa etone n. Jiskounye, nan Legliz yo, nan kominote nou yo, nou kontinye ap ankouraje madanm fè pwofil ba, rete ak mari yo, nan nenpòt ki kondisyon.

Lakay yon moun ta dwe yon espas kote l ka viv an pè ak fanmi l, ak moun ki renmen l. Yon espas kote tèt li ta dwe repoze men, souvan, pou medam ak tifi yo sitou, se yon espas kote soufrans lan dotanplis di, li kache dèyè mi. Dapre yon ankèt Haïti Priorise sou vyolans konjigal, chak ane, gen anviwon 273 200 fanm ki soufri vyolans fizik oubyen seksyèl grav, an Ayiti. Pami fanm sa yo, gen madanm, gen pitit fi, men tou gen sèvant ak restavèk.

Vyolans anndan kay se yon bagay ki andemik, nou tout konnen li la men nou souvan fèmen je sou li. Youn nan fason nou fè sa se nan langaj nou, fason nou banalize sa ki fèt la:

  • yon mari gen relasyon ak madanm li san konsantman madanm nan, se pa kadejak, se devwa madanm lan.
  • mèt kay gen relasyon ak yon sèvant sou menas pèdi dyòb li, se pa kadejak, se sèvant ki pa bon; madan marye yo dwe fè atansyon pou chwazi sèvant ki pa “bèl” pou mari yo pa tante.
  • pitit kay gen relasyon ak yon tifi restavèk li menase fè voye ale, se paske s on ti chòrèt pou n ta voye tounen al pase mizè kay manman l an pwovens

Nou gen tout kalte jistifikasyon pou refize mete blam sou do moun ki komèt enjistis la, moun ki fè kadejak la, pandan nou pa ezite blame viktim lan jouk li konprann aklè li non sèlman pa gen dwa men li sitou pa gen enterè plenyen.

Se sou aspè sa kote fason nou pale, ankouraje vyolans k ap fèt anndan kay, envite nou, Donia Luc pral pale ak nou. Nan peryòd fen dane sa kote fanmi yo pral retwouve yo ansanm, kote tonton ki te konn ap manyen nyès li lè l te piti, mari k ap bat madanm, bòpè ki fè kadejak sou bofis, pral retwouve yo tout sou menm tab la, nan peryòd fen dane sa, se moman pou n deside #PaFèSilans.

***

Patisipe nan konvèsasyon an nan kozekiltivyol.com/s01e10

***

Li pase tou nan 8 radyo lokal. Lis radyo a disponib nan kozekiltivyol.com/radyo.

Dec 19, 202037:27
Pawòl komedi ki banalize vyòl

Pawòl komedi ki banalize vyòl

Vyolans sou fanm pa yon bagay ki nouvo. Diferan epizòd Koze Kilti Vyòl yo montre akipwen se yon bagay ki byen enstale nan kilti nou, a diferan nivo. Nou wè kijan fason nou pale nòmalize, banalize vyolans ki fèt sou fanm, lè l pa lejitime l. Youn nan kote sa fèt anpil se nan blag, nan jan nou itilize yo pou n fè kadejak, tizonnay ak lòt abi seksyèl pase pou jwèt.

Blag kreye lyen sosyal. Li pèmèt dedramatize yon sitiyasyon, detann yon atmosfè, kreye yon espas pataj. Lè nou ri se tout nou menm ki fè bèl eksperyans; fizikman nan kò nou; emosyonèlman nan santiman nou; mantalman nan panse nou. Nou viv chak blag an crescendo. Nou suiv dewoulman istwa a, komedyen prepare n pou n ri, epi nan fen an, s on eksplozyon lajwa. An klè, g on rityèl la; yon rityèl tout moun ki la patisipe ladann, ansanm. Se sa ki rann blag yo puisan, se sa ki fè komedyen ka itilize yo pou edike nou. Castigat ridendo mores jan powèt la te di l la.

Menm jan komedi ka korije mès, li ka ankouraje vye mès tou. Nou tout konn wè vye blag sou kadejak ak lòt agresyon seksyèl. Petèt menm nou konn ri yo. Apre tou, lè apre yon match nou di Baselòn sot fè yon kadejak sou Real Madrid, se blag n ap fè, pa gen anyen la.

Poutan genyen anpil bagay la.

  • Premyeman, kadejak pa yon bagay komik. Kadejak detwi yon moun fizikman, emosyonèlman, mantalman; pa gen anyen pou moun fè blag la.
  • Dezyèmman mòd pawòl sa yo banalize kadejak. De ekip k ap jwe youn konn lòt, s on bagay yo tou de konsanti, genyen règ ki tabli, yo sipoze respekte; s on jwèt ant de antite ki dakò jwe l. Kadejak pa jwèt, pa gen akò, pa gen respè.
  • Twazyèmman, kadejak pa yon bagay pou n pran alalejè, s on krim li ye. Lè nou trete l konsa, nou reyisi konfòte predatè seksyèl yo nan lide se pa anyen la.

Nan lane 2015, yon etid montre koute blag k ap denigre moun fè moun k ap koute l la pi fasil pou fè moun y ap denigre a mal. Se sa k fè dayè, si w pa ri mòd blag sa yo, lòt moun yo ka vire kont ou, paske yo vin sispèk ou. Konsta sa pa nouvo. Nan lane 1660, Thomas Hobbes - ki se yon referans klasik sou kesyon pouvwa - te premye moun ki te pale de sa nou rele teyori siperyorite jodi a. Pou teyori sa, lè piblik la panse li siperyè a moun y ap fè blag sou li a, tout sa k ap denigre sib la parèt li ekstrèmman komik. Se yon teyori ki fokis sou aspè agresif ki genyen nan “humour”. Se de sa nou pral pale avèk Myria Charles, pandan n ap mete fokis nou sou mòd blag ki ankouraje kilti vyòl.

Rejwenn konvèsasyon an nan kozekiltivyol.com/s01e09

***

Li pase tou nan 8 radyo lokal. Lis radyo a disponib nan kozekiltivyol.com/radyo.

Dec 12, 202047:26
Pawòl nan sinema ki ankouraje kilti vyòl

Pawòl nan sinema ki ankouraje kilti vyòl

Si w se yon gason ki gen difikilte pou w jwenn yon fanm, pa gen pwoblèm, kidnape youn epi, pita, apre l fin pase yon bon tan ap batay avè w, l ap fini pa tonbe amourez epi n ap viv ansanm, pou toujou, nan yon bonè san fen. Nan monn reyèl la, kidnape jenn fanm vle di plas ou se nan prizon; Clifford Brandt ka konfime. Nan sinema, kidnaping jenn fanm, se souvan kòmansman wòmans. 


Lè se pa kidnaping, nou jwenn lòt fòm predasyon. Nan N’oublie jamais, youn nan fim womantik ki pi popilè nan syèk sa, pèsonaj Ryan Reynolds jwe a, menase touye tèt li si ti dam nan pa akepte soti ak li, malèrèz la panike li dakò pou mouche pa touye tèt li, yo prezante nou sa tankou yon gwo jès lanmou. Nan La Guerre des étoiles, yon gran klasik sinema mondyal la, Han Solo antre nan espas Prensès Leia; prensès la pouse l, di l non, di l sispann, rekile, di li pa renmen l … antou Prensès Leia di non nan 8 fason diferan; Han Solo anbrase l kanmenm nan yon lòt gwo jès lanmou. Nou pa ka bliye chèf predasyon dènye ane sa yo: Stalker Edward nan Twilight; Abizè emosyonèl Christian Grey nan 50 nuances de gris oubyen, ane sa, kidnapè Massimo nan DNI. 


Nan fim ayisyen yo tou. Nan premye 10 minit Nathalie gen yon sèn kadejak. Dam nan nan kabann li, yon moun frape, l al ouvri, moun nan fè kadejak sou li. Se tout. Pèsonn pa janm tounen sou sa. Apre da, kadejakè sa eseye fè kadejak sou youn nan aktris prensipal yo. Nan Journée de couleur, se pedofili ki banalize. Bandi an se yon jenn fi twazyèm segondè ki gen plizyè granmoun k ap tekè l. Li s on move moun nan fim nan paske l pran kòb yo epi li pa fè sèks ak yo. Li menm mande bondye padon pou sa l fè a. Nan yon lòt pati nan fim nan, yo trete yon timoun de bouzen paske yo panse li kouche ak papa yon zanmi kote l fè ladesant. 


Nan majorite film ak seri televizyon popilè yo, nou rejwenn menm imaj banalizasyon agresyon seksyèl sa yo. Imaj ki aprann gason depi yo renmen yon fi, tout est permis, si l di w non sa senpman vle di fòk ou pèsiste jiskaske l di wi. Imaj ki aprann jenn fi yon gason ki aji konsa se paske l damou epi yo menm yo dwe pran pòz pa dakò pou gason ka batay pou yo, konkeri yo. Se youn nan pi bèl ilistrasyon kilti vyòl la, kote zak ki, nòmalman kriminèl, vini womantik, depi yon moun amoure. Konsa, kadejakè, tizonnè ak lòt predatè seksyèl gen tout yon endistri k ap ede chita dominasyon yo sou viktim yo.


Pou pran pouvwa epi chita dominasyon w, ou bezwen opinyon piblik la avèk ou. Se pou sa gwoup dominan an enstale pratik kotidyèn ak kwayans kolektiv ki pou pèmèt li kontinye domine. Se ipotèz Anntonio Gramsci – yon teyorisyen maxis italyen – devlope nan konsèp ejemoni kiltirèl la. Dapre li, se sa ki eskplike, malgre tout pwoblèm li, sistèm kapitalis la kontinye egziste. Anpil nan valè li yo, ki pèmèt eksplwatasyon mas travayè a, se valè sosyete a fini pa aksepte tankou bagay ki natirèl, ki nòmal. Gwoup dominan an itilize lekòl, medya, kilti popilè pou enstale valè sa yo epi asire yo kontinye egziste. 


Sinema se youn nan zouti ki pi efikas pou fè sa. Etid sou to notoryete nan piblisite montre 75% piblik la sonje piblisite ki fèt nan sinema. Pa konparezon, lòt medya yo tankou jounal, radyo, oubyen menm televizyon, raman depase 40%. Se nòmal, lè yon moun ap gade yon fim, l ap gade yon istwa, li pi dispoze pou resevwa mesaj la. Se pou sa, sinema se yon medya ki gen anpil puisans; se pou sa li itilize anpil nan pwopagann; se pou sa li enpòtan pou n enterese n a enpak film genyen sou nou antanke sosyete.


Se sou aspè sa kote pawòl sinema banalize kadejak, ankouraje kilti vyòl, envite nou, Jeff Emmanuel Fleuridort, pral pale avèk nou.


***

Pataje enpresyon w sou sit pòdkas la nan kozekiltivyol.com/so1e08

***


Dec 05, 202001:07:06
Pawòl nan mizik ki banalize vyòl

Pawòl nan mizik ki banalize vyòl

Entèsibjektivite se yon konsèp sosyolojik ki defini relasyon ant moun nan sa yo pataje ansanm, kit li konsyan, kit li pa konsyan. Lè n ap kominike youn ak lòt, se sa ki pèmèt nou konprann youn lòt, ajiste nou youn ak lòt, pou kontinye konvèsasyon an. Konsa, ansanm, nou konstwi sans sa n ap pale a, nou konstwi reyalite nou.

Lè n ap koute yon mizik - menm jan ak lè n ap apresye zèv nenpòt atis - se menm fenomèn lan. Jan nou resevwa mizik la depann anpil de sa nou pataje ak atis la. Nou bezwen retwouve n nan sa ki di a, pou kominikasyon an pase. An gwo, si son an, pawòl yo, sijè ki abòde a pa di nou anyen, mizik la pa rive sou nou.

Yon atis, yon mizisyèn, yon rapè… pa detache de sosyete l ap viv la. Li pale ak li, li pale pou li. Sosyete a enfliyanse l, menm jan li menm li enfliyanse sosyete a. Se nan konsa, atizay vin tounen miwa yon sosyete, yon kote pou l gade tèt li, pou l konprann tèt li tou. Li souvan pèmèt konprann kijan sosyete a wè yon kesyon, kijan l viv li.

Nan Koupab, lè Baky ap eksplike n pouki li fè zak li fè a, nou konprann li, nou senpatize ak li, nou dakò ak li. Nan yon sans, se pitit nou tout, bòpè a te vle agrese, e nou tout dakò pou fè tout posib nou pou pwoteje viktim lan.

Se sou aspè sa, kote pawòl ki di nan mizik ka enfliyanse jan nou wè agresyon seksyèl  nan peyi a, envite nou Baky Popilè, pral pale ak nou.

Patisipe nan konvèsasyon an nan kozekiltivyol.com/s01e07

***

Li pase tou nan 8 radyo lokal. Lis radyo a disponib nan kozekiltivyol.com/radyo.

Nov 28, 202036:38
Kèk pawòl nou konn tande nan medya e ki patisipe nan kilti vyòl

Kèk pawòl nou konn tande nan medya e ki patisipe nan kilti vyòl

Nan lane 1974, Erving Goffman, yon kokennchenn sosyològ ameriken ki te travay anpil sou entèraksyon moun ak moun, pibliye Frame Analysis: An essay on the organization of experience. Ladan, Goffman - ki te lengwis tou - montre kijan moun entèprete sa k ap pase nan monn lan atravè kadraj yo genyen. Kadraj la se jan yon sous enfòmasyon defini, konstwi, enfòmasyon sa a. Jan li deside prezante l la tou pral enfliyanse jan moun ki resevwa enfòmasyon an reyaji. 

Youn nan pi gwo aplikasyon teyori sa se nan maketing. Maketing itilize kominikasyon pou kreye lakay kliyan an sèten konpòtman ak aksyon espesifik. Kadraj pèmèt li pwovoke konpòtman sa yo. Si m vle w achte alkòl, m pa gen enterè montre w imaj moun ki sou k ap sal kò yo, m ap montre w foto moun k ap fete anvan etap ki pi lèd la. Menm jan tou, si m ap fè kanpay kont alkòl, m ap montre imaj moun k ap vomi, imaj aksidan machin, ak lòt imaj ki pou dekouraje w bwè. Se pou sa maketing se yon biznis 1.7 trilyon dola pa ane; anviwon 176 fwa lajan peyi dAyiti fè nan yon ane. Jan kadraj sa yo vin ankadre kominikasyon nou enfliyanse anpil jan nou entèprete done nou resevwa, jan nou trete yo e sitou jan nou kominike sou yo. 

An 1995, yon etid montre nouvèl kadejak ak vyolans domestik ki ekri nan vwa pasiv - kidonk, istwa ki, jan nou te wè l nan premye epizòd la, efase moun ki fè zak la -  fè lektè ak lektris yo plis aksepte vyolans sou fanm sa yo. Menm etid la montre nan jounal yo t ap analize a - ki te Boston Globe - vwa pasiv la itilize defwa pi souvan pase vwa aktiv pou pale de zak sa yo. Nan yon fason pi ekstwòdinè ankò, an 2009, yon lòt etid montre lè se fanm ki fè zak sa yo sou gason, jounalis yo mwens itilize vwa pasiv. Nou konstate menm tandans sa yo nan laprès Ayiti. 

Vwa pasiv la se jis youn nan zouti kadraj medya yo itilize pou minime vyolans ki fèt sou fanm. Istwa kadejak tounen eskandal seksyèl, adiltè, gason fanbre … Mo prezime lage tout kote ki kreye dout nan tèt moun k ap tande nouvèl la … Detay grafik ki ranfòse aspè eskandal la olye krim ki komèt la … kadraj senpatik sou sa akize a fè pou kominote a, siksè li nan lavi l, elt…tout bay pwoblèm. Se sou aspè sa, kote fason medya yo pale de viktim yo ankouraje kilti vyòl, envite nou, Widlore Mérancourt pral pale avèk nou. Patisipe nan konvèsasyon an, li epi kòmante biyè nou pibliye sou emisyon an sou kozekiltivyol.com/s01e06.

Li pase tou nan 8 radyo lokal. Lis radyo a disponib nan kozekiltivyol.com/radyo.

Nov 21, 202001:07:16
 Pawòl bondye ki patisipe nan kilti vyòl
Nov 14, 202046:24
Pawòl otorite yo konn di ki banalize vyòl

Pawòl otorite yo konn di ki banalize vyòl

Apre yon seri akizasyon grav kadejak, tizonnay ak lòt abi seksyèl kont Direktè Bibliyotèk Nasyonal la, Dangelo Néard, Minis Kilti a, Pradel Henriquez fè yon nòt sou Facebook pou denonse yon laboratwa fanm ak gwo lajan nan men yo k ap travay pou detwi gason ak fo akizasyon. Li menm mande DCPJ entèvni prese prese pou mare yo. Moun kouri dèyè l, petisyon siyen, li mande yon eskiz ki pa fin eskiz epi sa rete la. Poutan, yon minis nan Leta pa yon  sitwayen lanbda; lefèt l ap travay nan sektè kilti peyi a pi grav toujou. Malis popilè rele l Minis Kilti Vyòl; yon non li sètènman merite, sitou lè nou konnen pawòl otorite dwe moral, itil, efikas. Lè yon moun se otorite, nou dwe ka kwè nan sa l di, fè l konnfyans paske ni lonè l ni sekirite n depann de sa.

Youn nan pi gwo egzanp otorite lapawòl se lapawòl divin. Jan chapit 1, vèsè 1 di nou “nan kòmansman te gen lapawòl, lapawòl te avèk Bondye, lapawòl te Bondye”. Pawòl sa s on pawòl ki kreye. Nan lajenèz Bondye kreye monn lan ak lapawòl; chak fwa anaphore “Bondye di” parèt, yon nouvo bagay kreye. Nou te wè fenomèn sa deja, nan premye epizòd la kote n te pale de actes de langage John Austin yo. Pawòl nou aji sou reyalite a. Pawòl otorite yo konn menm rive kreye reyalite a. Lè Minis Henriquez di DCPJ mete l anbranl pou arete fi ki deside #PaFèSilans, li kreye yon reyalite kote fanm ki viktim anba men otorite yo ap pè pale, pè denonse, pou yo pa fini nan prizon oubyen pi mal ankò.

Se sou aspè sa kote pawòl otorite yo banalize kadejak, ankouraje kilti vyòl, envite nou, Hervia Dorsinville, pral pale avèk nou.

Patisipe nan konvèsasyon an, li epi kòmante biyè nou pibliye sou emisyon an sou kozekiltivyol.com/s01e04

Li pase tou nan 8 radyo lokal. Lis radyo a disponib nan kozekiltivyol.com/radyo.

Nov 07, 202031:02
Pawòl ki aksepte nan kad pwofesyonèl ki ankouraje kilti vyòl
Oct 31, 202043:46
Kèk pawòl nou di chak jou lè n ap pale ak pwòch nou (zanmi, fanmi) ki ankouraje kilti vyòl

Kèk pawòl nou di chak jou lè n ap pale ak pwòch nou (zanmi, fanmi) ki ankouraje kilti vyòl

Langaj nou enfliyanse kijan nou wè mond n ap viv ladann nan. Enfòmasyon nou fè pase depann anpil de lang nou itilize. Se ipotèz Sapir-Whorf, 2 lengwis Ameriken te fòmile nan lane 1930. Sa te pran yon titan men lasyans montre, non sèlman jan nou panse enfliyanse jan nou pale, men jan nou pale enfliyanse tou jan nou konprann mond lan. Yo montre lè nou reyisi chanje jan moun pale, li chanje jan yo panse. Pa egzanp, lè moun aprann nouvo mo pou koulè, yo gen plis kapasite disène koulè.

Petèt nou deja tande pale de kijan nan Lagrès antik, lanmè te gen koulè diven, paske pa t gen mo pou koulè ble; s on egzanp klasik. Men, nou pa bezwen ale lwen konsa. Nan peyi nou, koulè nou rele vèt la, se ble anpil nan nou rele l; kòm yo pa gen mo pou koulè nou rele ble a, kit se ble, kit se vèt, se menm bagay. Se menm jan, yon fwa w fin aprann lavand, vyolè, lila, ou sispann rele tout bagay mov.

Nan premye epizòd pòdkas la nou te poze tèt nou kesyon sou kijan nou te konn kalifye zak kadejak anvan mo kadejakè a vin egziste. Nou toujou san repons men nou konnen nou te blije tann 2005 pou kadejak resi konsidere kòm yon krim nan peyi d Ayiti.  Kidonk, li posib pou gen yon relasyon ant jan nou pale de kadejak nan sosyete a ak jan nou trete kadejak.

Se sou aspè sa kote pawòl nou itilize chak jou konn banalize kadejak, envite nou, Emmanuelle Georges, pral pale avèk nou.

Patisipe nan konvèsasyon an, li epi kòmante biyè nou pibliye sou emisyon an sou kozekiltivyol.com/s01e02

Li pase tou nan 8 radyo lokal. Lis radyo a disponib nan kozekiltivyol.com/radyo.

Oct 24, 202038:09
Kijan fason nou pale de kadejak efase wòl agresè a jwe ladann
Oct 17, 202039:54
October 16, 2020

October 16, 2020

Oct 16, 202000:59