Skip to main content
Nannan Podcast

Nannan Podcast

By Emmanuelle Georges

Nannan with Emmy is a podcast created with the goal to combine the voices of women evolving in Haiti.

Emmy sits with the women who inspire her, discussing issues which impact women. They discuss many subjects ranging from productivity and creativity to personal care, managing relationships, love, body image, and much more.
From friends, family members, to people she's met for the first time, we will hear different viewpoints and personal experiences through these intimate conversations.
Available on
Apple Podcasts Logo
Castbox Logo
Google Podcasts Logo
Overcast Logo
Pocket Casts Logo
RadioPublic Logo
Spotify Logo
Currently playing episode

Ann manje byen an 2024

Nannan PodcastJan 17, 2024

00:00
01:12:21
Ann manje byen an 2024

Ann manje byen an 2024

Nan epizòd sa a, Emmy chita avèk Kristele Alerte pou yo pale de enpòtans fason nou manje genyen sou sante nou an jeneral. Emmy patatje aanpik sou ralsyon li ak manje. Kristele se yon "Coach sante ak byenèt" , li se yon "nutri-therapeute" tou. Li te pwofite bay anvil konsèy sou kijan nou sipoze aprann timoun nou yo manje tou. Al tande.

Jan 17, 202401:12:21
Ann fèmen 2023 avèk MAB

Ann fèmen 2023 avèk MAB

Nan epizòd sa a , Emmy chita avèk Marc Alain Boucicault. Pandan echanj sa a, Marc Alain pataje eksperyans pèsonel li , valè l . Yo te abode tou , yon seri faktè sansib nan sa ki gen pou wè ak konfyans nan tèt ou , relasyon ak moun ak jwenn ekilib an travay ak Lavi pèsonèl.

Al tande !

Dec 18, 202301:18:12
Jis fè sa w kapab !

Jis fè sa w kapab !

Nan epizòd sa, Emmy chita avèk David Lafond, yon “Personal Trainer “/ “Nutrition Coach “. David pataje anpil konsèy sou koman pou nou entegre aktivite fizik nan Lavi nou menm si nou okipe anpil. Li pale de enpòtans okipe tèt nou. Al tande .

Sep 12, 202301:06:26
Refijye

Refijye

Nan epizòd sa a, Emmy chita pale avèk Myriam Coppry ki se yon “coach” ki travay espesyalman avèk paran imigran. Myriam pote nou a reflechi anpil Epi Li pote konsèy pratik ! Al tande

Aug 30, 202301:15:19
Refijye

Refijye

Nan epizòd sa, Emmy chita avèk Emmanuelle pou you pataje eksperyans yo nan zafè demenajman yo nan peyi etranje. Emmanuelle gen yon pitit fi ki mande anpil atansyon poutèt li gen bezwen espesyal..
Jodi a fokis li se pou li kontinye avanse menm si li pa twò konnen kibò la vi a ap mennen l. Konvèsasyon sa a enspiran anpil..


Al tande!   

Aug 15, 202301:12:48
Refijye

Refijye

Nan epizòd sa, Emmy chita avèk Krisna ak Laetitia pou yo pataje eksperyans yo nan zafè demenajman yo nan peyi etranje. Yo kite peyi yo pou yo rekòmanse a zero.Tou letwa medam yo gen pitit... bagay yo pa fasil menm. Fòk yo wenn ekilib pou yo okipe tèt you, fanmi yo ak travay. Al tande.

Aug 08, 202301:11:13
Bòn ane 2023

Bòn ane 2023

Nan epizòd sa Emmy ap swete nou yon bòn ane . Li pwofite de okazyon sa pou li pataje 10 leson Li aprann nan ane ki fenk pase a ke li deside aplike an 2023.

Al tande !

Jan 01, 202341:47
Nannan ap resevwa Manbo Djemèsi-Part 3

Nannan ap resevwa Manbo Djemèsi-Part 3

Nan epizòd sa , Emmy chita avèk Fabiola Abelard , Manbo Djemèsi pou yon twazyèm epizòd.Fabiola pataje Koman li viv spirityalite li,Koman li inisye nan vodou. Pawòl yo anpil.

Al tande an atandan pwochen epizòd la !

Jun 21, 202254:25
Nannan ap resevwa Manbo Djemèsi-Part 2

Nannan ap resevwa Manbo Djemèsi-Part 2

Nan epizòd sa , Emmy chita avèk Fabiola Abelard , Manbo Djemèsi pou yon dezyèm epizòd.Fabiola pataje Koman li viv spirityalite li,Koman li dekouvri vodou. Pawòl yo anpil.

Al tande an atandan pwochen epizòd la !

May 20, 202201:10:30
Nannan ap resevwa Manbo Djemèsi

Nannan ap resevwa Manbo Djemèsi

Nan epizòd sa , Emmy chita avèk Fabiola Abelard , Manbo Djemèsi . Fabiola pataje Koman li viv spirityalite li,Koman li dekouvri vodou. Medam yo te gen twòp pawòl pou yon sèl epizòd! Al tande an atandan pwochen epizòd la !

Apr 22, 202201:06:37
On ti koze sou zafè Feminis

On ti koze sou zafè Feminis

Nan epizòd sa , Emmy chita avèk Pascale Solage nan kad jounen entènasyonal dwa fanm! Al tande !!!

Mar 08, 202201:44:00
Selebre Lamou avèk Mann ak Mama

Selebre Lamou avèk Mann ak Mama

Nan epizòd sa a , Emmy chita vèk paran l ki marye depi 34 lane ! Yo pataje istwa yo ak eksperyans relasyon yo .Mezanmi moun yo damou toujou wi. Al tande !

Feb 14, 202247:39
Ou konn Carla Beauvais?

Ou konn Carla Beauvais?

Nan epizòd sa Emmy chita avèk Carla Beauvais. Carla pataje tout sa ki pilye Lavi Li jodi a. Medam yo pale de cheminman yo nan zafè renmen ak okipe tèt yo, de eksperyans yo kòm manman.

Al tande .

Jan 24, 202201:06:04
Tout sa mwen aprann ane sa a

Tout sa mwen aprann ane sa a

Nan epizòd sa Emmy ap pataje kèk leson li aprann pandan ane 2021 a ! Lap profite di nou Mèsi pou fidelite nou Epi li swete nou on bòn ane 2022.

Dec 31, 202128:42
Nannan Christèl sou relasyon l ak kò li

Nannan Christèl sou relasyon l ak kò li

Nan epizòd sa a, Emmy chita avèk Christèle Manigat Landais. Christèle fè vi l ap goumen pou pèdi pwa e rout la pa fasil menm . Li pase anpil

Moman difisil poutèt sa .Malgre tou sa, li aprann aksepte kò l pou l pa janm kite sa defini l . Al tande istwa li !

Oct 11, 202135:55
Sante mantal Ou esansyèl...

Sante mantal Ou esansyèl...

Nan epizòd sa a , Emmy chita avèk Béatrice D. Turnier. yon psikològ. Béatrice ensiste sou enpòtans ijyèn mantal, li pataje anpil siy ak konpòtman Ou ta sipoze veye lakay Ou pou konnen si w anfòm Ou pa. Medam yo pale tou de jan sitiyasyon n ap viv la afekte nou. Béatrice te profite pale de tout resous ki disponib si jamè on moun ta bezwen on asistans pwofesyonèl nan zafè sante mantal. Al tande !

Sep 27, 202139:33
Nannan tounen ak Regine Théodat!

Nannan tounen ak Regine Théodat!

Nan epizòd sa a, Emmy chita avèk Regine Théodat . Regine pale nou de kiyès li ye , de enpòtans Haiti genyen nan lavi l ,de transfòmasyon li antan ke moun , ke fanm … Al tande !

Sep 20, 202101:10:18
Apresye kò w ase pou ka pran swen’l

Apresye kò w ase pou ka pran swen’l

Nan epizòd sa a, Emmy chita avèk Béatrice Celestin pou yo pale sou relasyon spò avèk sante Mantal. Beatrice pataje kijan spò ede l jere depresyon Epi li envite tout moun jwenn on fason pou yo ka enplemante on aktivite fizik nan Lavi yo.

Jun 28, 202154:37
Ou gen on sèl kò; Aksepte fay Li renmen l épi travay avèl !

Ou gen on sèl kò; Aksepte fay Li renmen l épi travay avèl !

Jodia Emmy chita avèk Caroline Louis . Caroline pataje relasyon entim li te gen pou l devlope avèk kò li . Kò nou gen Fay menm jan ak tout bagay men li mérite Lanmou enkondityonèl! Caroline ap konseye nou sou kòman pou n rive fè sa! Al tande

May 10, 202155:47
Santi w byen nan po w se premye pa pou w kapab gen konfyans nan tèt Ou

Santi w byen nan po w se premye pa pou w kapab gen konfyans nan tèt Ou

Nan Epizòd sa a, Emmy chita avèk Iris Duhamel, yon “coach de Style”. Medam yo pale de enpòtans kwè nan tèt Ou, kwè nan rèv Ou , kwè nan Kisa ou vle akonpli. Iris pataje istwa Lanmou pa l avèk kò li, malgré tout peripesi, gra , mens... Li te toujou santi l byen nan po l. A travè metye li, li swete enspire kliantèl Li . Al tande !

Apr 28, 202157:52
Ann komemore Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn

Ann komemore Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn

Nan Epizòd sa, Emmy chita avèk Pascale Solages. Pascale se yon militan, aktivist nan mouvman feminis an Haiti. Medam yo pataje lide, pasyon yo , tristès yo ak kòlè yo sou zafè diskriminasyon sou fanm. Konvèsayon sa ka louvri je w sou kestyon tankou “Kisa ki feminis “ ? Eske m se on feminis” ?  Al tande !

Apr 03, 202101:04:47
Mica pa pè anyen!

Mica pa pè anyen!

Nan epizòd sa , Emmy chita avèk Michaëlle de Verteuil , Mica. Mica gen 84 lane men Mika gen pou travay sou kèk projè toujou , li gen rèv , li pAp kanpe ... Mica pa konn sa ki rele la perèz , li pa renmen tande pale de de kourajman... Depi plis pase 40 an, l ap viv nan komin Abricot kote Li bay edikasyon, fòmasyon profesyonèl, travay, ankourajman ak Lanmou. Si ou te kontan tande Mica e ou ta renmen ede Fondation Paradis Des Indiens, fèm konnen! 

Al tande !

Mar 24, 202101:00:24
Ann dekouvri Magalie Dresse

Ann dekouvri Magalie Dresse

Nan epizòd sa, Emmy chita avèk Magalie Dresse. Magalie se yon kokennchenn antreprenè, yon profesyonèl pasyone men ki reyalize kijan renmen, okipe, ak pran swen tèt li chanje lavi l pou l vin pi epanoui. Medam yo pale tou de enpòtans retire laperèz nan lespri nou pou nou kapab avanse... konvèsayon sa chaje ak  bon bèt, Al tande!

Mar 15, 202101:10:56
Ann selebre Jounen Entènasyonal Dwa Fanm !

Ann selebre Jounen Entènasyonal Dwa Fanm !

Nan epizòd sa , Emmy chita avèk Emmanuelle Elie ak Elizabeth Nicoleau. Emmanuelle ak Elizabeth , se de avoka antreprenè , de manman , de fanm vanyan kap evolye nan sosyete a. Medam yo pale de tout kalite discriminasyon fanm sibi nan Lavi chak jou épi yo te pataje kèk lwa nan peyi a kap kraze  fanm e ki ta dwe chanje.

Konvèsasyon sa a ap enspire nou poun pa selman panse a dwa fanm nan sans legal la, men nan jan nou panse , nan jan nou konpòte nou, nan jan nou elve pitit nou , nan jan nou sipòte fanm parèy nou.

Mar 08, 202101:07:12
On pòt fèmen...anpil lòt ap louvri gras a Lanmou pou tèt ou!

On pòt fèmen...anpil lòt ap louvri gras a Lanmou pou tèt ou!

Nan epizòd sa Emmy chita avèk Vanessa Philogène. Medam yo gen preske menm istwa... se gras a on relasyon ki kraze ,kote yo te santi yo pèdi ki pèmèt yo dekouvri lanmou pou tèt yo avèk pratik self-care ! Sa rive anpil fanm , e si sa wap viv on sitiyasyon difisil apre ou fin kite ak on moun , nou espere w ap enspire. Al tande!

Jan 28, 202155:28
Bòn Ane 2021

Bòn Ane 2021

Nan epizòd sa Emmy ap swete on bòn ane 2021. Li tou profite bay kek konsèy sou kijan pou kenbe on espri pozitif avèk pi bon fason pou bay tèt Ou objektif pou ane a . Al tande !

Jan 18, 202132:36
Ou vo plis ke sa !

Ou vo plis ke sa !

Nan epizòd sa, Emmy chita avèk Myrlande Johnson pou yo pale de vyonlans sou fanm. Konvèsasyon sa louvri je nou sou diferan fòm vyolans yon fanm ka sibi nan yon relasyon. Al tande

Nov 27, 202048:36
Kisa ki Devlopman pèsonèl avèk Emmy ?

Kisa ki Devlopman pèsonèl avèk Emmy ?

Nan epizòd sa Emmy ap eksplike nou Kisa ki devlopman pèsonèl ak ki diferan etap ki genyen nan pratik esantyèl sa. Al tande

Nov 12, 202023:43
Kisa ki seksyalite ?

Kisa ki seksyalite ?

Nan epizòd sa, Emmy chita pale avèk Laetitia Dégraff, yon seksyològ. Laetitia fè nou dekourvri metye sa a paske anpil moun pa konnen Kisa Li ye . Medam yo te tou pwofite pale de tabou ki genyen otou seksyalite fanm an patikilye. Al tande 

Oct 22, 202044:02
Psikoloji, kisa l ye? ki sa l pa ye?

Psikoloji, kisa l ye? ki sa l pa ye?

Nan epizòd sa, Emmy chita avec Phaidra Laraque, yon psikològ k ap evolye an Haiti depi 2003. Phaidra pran tan li pou li eksplike kisa yon psikològ fè, kilè ou bezwen yon psykològ, men pi plis toujou li kalrifye pou nou kisa yon psikolòk pa ye ou byen pa fè. Li te profite tou pou li ankouraje tout moun okipe yo de sante mantal yo.Al tande!

Oct 15, 202051:50
Yon ti chita pale ak Regine Coicou sou Disiplin.

Yon ti chita pale ak Regine Coicou sou Disiplin.

Nan epizod sa, Emmy chita avèk Regine Coicou. Regine se yon Life Coach menm jan avèk Emmy, kap evolye Canada. Medam yo pale de pasyon ak eksperyans yo nan metye sa. Yo te pwofite tou pale de disiplin, yon konsèp yo tou lè de kwè ladann. Al tande!

Oct 08, 202049:08
Steven ap di nou Kiyes li ye

Steven ap di nou Kiyes li ye

Nan epizod sa Emmy sa, Emmy chita avèl Steven Baboun . Yo pale de enpòtans pou on moun konprann, aksepte ak selebre identite l. Yo te ensiste tou sou enpòtans tolerans nan yon kominote. Al tande!

May 21, 202044:56
Mwen fèt pou sa ... Kòm fèt pou sa

Mwen fèt pou sa ... Kòm fèt pou sa

Nan epizod sa Emmy chita avèk Naike St Pierre pou yo pale sou zafè grosès avèk akouchman. Naike pataje lide pal, ak konviktyon pa l sou sijè sa yo, li ensiste  tou sou enpòtans edike tèt nou . Medam yo pat ezite pataje eksperyans akouchman pa yo. Al tande!

May 14, 202046:25
Yon Ti moman Majik avèk Wilnise

Yon Ti moman Majik avèk Wilnise

Nan epizod sa, Emmy chita pale avèk Wilnise François, yon enfimyè, yon "herbalist". Wilnise pataje esans li avèk nou, li pale de kijan li fè pou li kiltive lanmou pou tèt li, rityèl li fè pou li jwenn enèji…Wilnise fyè anpil de eritaj li, se sa ki te enspire l kreye "Well Fed" ki se business li . Al tande pou ka enspire!

May 07, 202001:09:53
Renmen tèt ou JODI A, KOUNYA !

Renmen tèt ou JODI A, KOUNYA !

Nan epizod sa a, Emmy chita pale avèk Karoll-Ann Fanfan. Medam yo pale de koze renmen tèt ou ak kwè nan tèt ou. Karoll-Ann pataje anpil nan istwa li avèk nou tank nan lavi pèsonèl li sou koze "troub alimatasyon" avèk pakou profesyonèl li. Al Tande

Apr 30, 202035:53
Pa kite tenèb ki nan ou kenbe w an otaj.

Pa kite tenèb ki nan ou kenbe w an otaj.

Nan epizòd sa Emmy chita avèk Clara Luce pou yo pale de kisa ki "Shadow Work". Kisa li vle di, ki byenfè li et kisa ki pase lè ou refize fè sa. Ou se limyè men ou se tenèb tou ...jou ou va konprann sa , se jou sa w ap komanse viv tout bon. Al tande!

Mar 19, 202046:27
Meditasyon ka edew Gueri, Grandi, jwenn la pè

Meditasyon ka edew Gueri, Grandi, jwenn la pè

Nan epizod sa, Emmy chita avèk Judith Joseph. Judith se yon edikatris, yon coach spirityèl;, yon fanm ki kwè nan panse pozitif. Medam yo pale de enpòtans konekte ak tèt nou, enpòtans konekte ak Sous lavi a. Judith explike nou kisa meditasyon ye epi tou li pataje tout byenfè li ka pote pou nou.

Jan 15, 202046:10
An n akeyi 2020 avèk Phaidra Laraque.

An n akeyi 2020 avèk Phaidra Laraque.

Nan episod sa, Emmy chita avèk psychologue Phaidra Laraque. Medam yo pataje jan yo santi yo avèk nouvèl ane a. Phaidra te profite pale de enpòtans gen konpasyon pou tèt nou, de byenèt mantal nou, ak kijan konnen sa ou vreman vle nan laviw esantyèl. Al tande!

Jan 08, 202054:05
Viv Lib Se Filozofi Zazou

Viv Lib Se Filozofi Zazou

Nan epizod sa, Emmy chita avèk Lisa Pierre. Medam yo kontre Pou premye fwa mè yo te alèz Pou yo pale tout pawòl. Zazou pa gen twòp tan li tounen Haiti; yo pale de eksperyans sa. Yo diskite de plizyè sijè tankou elvé pitit ou , de enpòtans viv libreman nan tout sa wap fè epi tou , envite a te prezante bizniss li Lakou Zazou.

Nov 28, 201943:39
Ann Pale Lajan Ak Christine Coupet Jacques #MadanJacques

Ann Pale Lajan Ak Christine Coupet Jacques #MadanJacques

Nan epizod sa Emmy chita avec Christine Coupet Jacques pou yo pale de on sijè ki ta vle parèt tabou nan sosyete nou à. Medam yo pale de Lajan, de relatyon yo ak lajan ak de Koman pou fè lajan, de entreprenarya an jeneral. Christine te profite de moman sa pou li bay kèk ti konsèy sou jestyon finans pèsonèl ki ka itil chak grenn nan nou ! Al tande!

Nov 13, 201901:02:00
On ti Limyè Sou Clara

On ti Limyè Sou Clara

Nan epizod sa , Emmy chita avec Clara Luce Lafond, yon jèn fanm ki Deside pataje pakou spirityel Li avèk nou. Clara ki inisye nan vodou, demistifye anpil move lide moun genyen sou relijyon sa. Nap ankouraje w louvri kè w ak lespri w pou tande !

Sep 11, 201950:54
Fyète yon fanm Okap pou peyi l

Fyète yon fanm Okap pou peyi l

Nan epizod sa, Emmy chita avèk Angie Bell , yon jèn fanm ki deside tounen viv nan peyi l. Medam yo pale de enpòtans itilize 100% potansyèl ou , yo pale de tout projè Angie ki pa janm pa gen pou wè avèk Haïti. Sin pat konnen, moun okap gen anpil fyète ak Lanmou pou lakay yo. Ann ki te Sa inspire nou pou nou ka fe pati pa nou pou avni peyi a.

Jul 31, 201939:47
Se pa kote ou prale a ki enpòtan, se chimen an.

Se pa kote ou prale a ki enpòtan, se chimen an.

Nan epizod sa, Emmy chita avèk Guel Rochelin, yon fanm entreprenè ayisyen. Guel te gen pi bèl job , ak pi bèl pozisyon ou te ka imajine o Zetazini men li tounen lakay e li la, lap travay malgre tout defi ak difikilte. Al dekouvri bèl istwa Sa!

Jul 17, 201956:17
Use your Super Power

Use your Super Power

Nan epizod sa Emmy chita pale avèk Shaina Silva yon kokennchenn FANM! Yon ayisyenn ki fyè de rasin li, de kilti li mè sitou ki gen anpil visyon pou peyi li. Yo pale de enspiratyon li , de enpòtans tèt ansanm sitou pou fanm.  Shaina se fondatris She Build Initiative ki se yon platfòm ki konekte fanm ayisyenn a travè le mond! Ala yon bèl bagay. Konvesayon sa a touche anpil bagay enpòtan... Al koute !

Jul 04, 201946:22
Yon ti moman avèk Emmy

Yon ti moman avèk Emmy

Nan lokazyon premye anivèsè Nannan Podcast , Emmy te ankouraje oditè yo poze l kestyon sou lavi l , sou konfyans nan tèt ou , sou coaching .... ti moman sa ap fè w dekouvri Li on ti kal pi plis.

Jun 15, 201952:24
Lavi a 2

Lavi a 2

Nan epizod sa Emmy chita avek David Ak Dayana ! Moun sa yo gen 10 lane depi yo marye. Yo pataje difikilte ki ka genyen nan viv avek yon moun ak tout kalite lot experyans yo fe nan vi a 2. Lanmou bel mrn konvèsasyon sa demontre kijan menm jan ak tout bagay, fok ou travay pou fè on relasyon mache !

Apr 16, 201955:07
Gason gen Nannan tou!

Gason gen Nannan tou!

Nan epizod sa, Emmy chita pale avek Olivier Day , ki se yon podscaster tou ! Olivier se yon nèg ki saj anpil, ki pa pè pale de feblès li, ki pa pè pataje Nannan’l. Li se yon papa, yon mari , yon moun ki konprann empòtans , aksepte, renmen ak pran swen tèt li . Kite konvesasyon sa enspirew !

Apr 04, 201958:53
Riva Nan Kay la!!!

Riva Nan Kay la!!!

Nan epizod sa, Emmy chita avek Riva Precil. Riva se yon fanm chaje ak talan ak kreyativite, ki renmen kiltil, onore l epi pataje l tout jan Li kapab. Medam yo pale de enèji, de Lanmou pou tèt ou ak on pakèt lòt bagay enteresan! Konvesayon sa raple tout fanm pou yo pa bliye pouvwa ak maji ki nan Nannan yo!

Mar 28, 201901:03:21
I am NOT Superwoman

I am NOT Superwoman

Nan epizod sa Emmy chita avec Naed Jasmin. Yo pale de feminist , de Kisa Li vle di ak kijan Yo viv Li chak jou. Naed senyon famn ki pasyone nan tout sa lap fe mè Li pataje koman sa pa toujou fasil pou jwenn balans nan lavi li. Medam yo te fini konvesayon an avèk on ti rapèl sou enpotans renmen ak okupe tèt ou !

Mar 08, 201952:07
Ou pa poukont ou

Ou pa poukont ou

Nan epizod sa , Emmy chita avek Vanessa Bastien pou yo pale de pwoblèm enfètilite. Anpil fanm ki gen difikilte pou yo fè pitit ap soufri an silans. Konvesayon sa , kote Vanessa pataje experyans li, ka bay yo kouraj ak fos, pou yo konnen yo pa poukont yo. Medam yo te pwofite sansibilise tout oditris yo pou yo pa neglije al kay jinekolog.

Feb 28, 201933:43