Odela de tout sa w ka kritike yo, moun tankou Nicolas Fabre Geffrard, Lysius Salomon Jeune, Dumarsais Estimé, se de Chef Leta ki rive met peyi a sou yon ray. Yo fè erè wi, men reyalizasyon politik yo odela de tout bagay pale pou yo. Men se pa sèlman moun ki prezidan, paske pandan chef Leta yo konn ap kalbende, betize sou pouvwa konn gen minis kap travay. Se leka pou Antenor Firmin.
Wòl yon dirijan politik la se rezoud poblèm yo. E sa a depann de ki tip de dirijan ke l ye, an fonksyon kijan l deside adrese konfli yo.
Sou plan politik, yo jeneralman rekonèt 3 tip de dirijan. Dirijan konfliktyèl, dirijan tranzaksyonèl ak dirijan transfòmasyonèl.