
Carel in the Morning Podcast
By Chokarella Podcast Network


Rosena Josselin Orys: Istwa dèyè mizik “SOS” – Mizik, Lafwa, ak Temwayaj
Nan epizòd sa a nan Carel in the Morning, nou chita pale ak Rosena Josselin Orys, atis evanjelik ki dèyè gwo hit “SOS” la. Li rakonte istwa li depi kòmansman li nan legliz rive sou sèn entènasyonal la, kijan li balanse la fwa, mizik, fanmi, ak biznis.

Vedala Vilmond: Soti Aux Cayes rive sou sèn Latin Grammy Awards
Nan videyo sa a, Carel Pedre resevwa Vedala Vilmond, yon jèn chantèz Ayisyèn ki fèt Aux Cayes epi ki te kite Ayiti pou al viv Chili a 11 an. Se la li te dekouvri pasyon li pou mizik, jiska li siyen ak Sony Music Chile a 15 an.Jodi a, Vedala se vokalis prensipal gwoup DARUMAS, yon triyo fanm ki pote yon melanj ant Latin funk, pop ak mizik KarayibGwoup DARUMAS te nomine e pèfome nan Latin Grammy 2024 e afiche nan gwo festival nan mond la.

Taïja ak Paska ap prezante “Lontan” – Yon kolaborasyon ant Ayiti ak Guyàn!
Nan epizòd sa a nan Carel in the Morning, nou resevwa Taïja, yon atis ki sòti Guyàn ak Matinik, ki vin prezante kolaborasyon li ak Paska sou mizik “Lontan”. Yo pale sou jan yo rankontre, koneksyon yo ak kilti ayisyèn, lanmou yo gen pou konpa, ak tout bèl eksperyans yo pandan y ap mete pwojè sa sou pye la te filme Guyàn, epi li pote yon mesaj sou lanmou, inite, ak respè ant kominote kreyòl yo. Pa rate entèvyou sa ki ranpli ak enèji pozitif, vizyon, ak pasyon pou mizik Karayib la!

Richie: 13 Ane Klass, Pwochen Albòm Solo, ak Rèv pou 75 Ane Konpa
Pou 13yèm anivèsè Klass, Mayestwo Richie chita pale ak Carel! Nan entèvyou sa a, li pale ak tout franchiz sou sòti li nan Zenglen, kreyasyon Klass, difikilte ak siksè li rankontre, relasyon li ak lòt atis, enpòtans dwa dòtè, epi vizyon li pou avni mizik ayisyen an epi rèv li pou selebre 75 an Compas ak tout jenerasyon yo ansanm sou menm sèn.

Nadege Fleurimond ap rezante Haitian Restaurant Week
Nan bèl konvèsasyon sa a, chef, otè, ak antreprenè Nadege Fleurimond rakonte pakou li pou mete kilti Ayisyen an an valè atravè manje. Soti nan liv Haiti Uncovered rive nan kreyasyon Haitian Restaurant Week, Nadege montre kijan gastronomi kapab sèvi kòm zouti diplomasi, devlopman biznis, ak fyète nasyonal.Nan videyo sa a, w’ap tande: • Kijan li te ranmase plis pase $70,000 pou pibliye Haiti Uncovered • Kijan li òganize vizit kiltirèl ann Ayiti malgre enstabilite • Kijan li sèvi ak manje kòm pon ant Ayisyen ak rès mond lan • Enpòtans disiplin, pwofesyonalis ak maketing nan biznis Ayisyen • Diferans kominote Ayisyen Florid ak Nouyòk • Lansman liy epis li ak lòt pwojè

Mirline Dort ap prezante “Sa Se Mwen” — Yon istawa kote kouraj, doulè, ak lanmou rankontre.
Yon ti moman enspirasyon ak Mirline, otè liv “Sa Se Mwen”, kote li rakonte batay li kòm yon jèn manman, sòlda, ak fanm ki simonte doulè lavi. Nou pale sou adopsyon pitit li, batay li ak sante mantal, rekonstriksyon lavi li, ak lafwa ki pèmèt li kenbe tèt.

Wildine Aumoithe: Rekò Mondyal Guinness, Modèl & Fyète Ayisyèn 🇭🇹✨
Dekouvri istwa ekstraòdinè Wildine Aumoithe—yon jèn fanm Ayisyèn-Amerikèn ki kenbe 2 rekò mondyal Guinness kòm fanm pi kout ki pa ka deplase ak pi kout modèl pwofesyonèl nan mond lan.Nan entèvyou sa a, li pataje istwa li: kòman li adapte nan yon mond ki pa fèt pou li, kijan li antre nan domèn fashion ak kontni kreyatif, epi kijan li itilize reyalite li pou enspire lòt moun.Wildine ap etidye graphic design, li deja defile nan New York Fashion Week, li sonje vizit li nan Ayiti, epi li di li ouvè pou parèt nan videyo mizik ayisyen.Li rakonte pasyon li pou mizik (li te chante nan yon gwoup), lanmou li pou Bedjine, K-Dilak, Misty Jean, ak J-Beatz, epi rèv li pou bay yon TEDx Talk sou mode ak enklizyon.

Alexandre Ade, Project Manager Haitian Compas Festival la, ap bat tout detay sou 27yèm edisyon an
Nan entèvyou sa a, Alexandre Ade mete limyè sou 27yèm edisyon Haitian Compas Festival la. Li rakonte eksperyans li depi li te kòmanse kòm volontè, rive jodi a kòm Project Manager prensipal. Li dekri tout sa ki ap vini pou edisyon ane sa a: lineup atis yo, plan sekirite, inovasyon nan planifikasyon, ak objektif pou mete nouvo jenerasyon an devan. Yon ti rale anndan tout sa k ap fèt pou bay piblik la pi bon eksperyans posib pandan Fèt Drapo a nan Miami.

Gandhi "LeMetronome" prezante 3 nouvo liv sou Pwezi, Byen-èt ak Espitrityalite
Nan entèvyou sa a nan Carel in the Morning, Gandhi “LeMetronome” prezante 3 liv li pral sòti ki baze sou eksperyans pèsonèl li. Li rakonte istwa dèyè Je pleure avec plaisir, yon liv pwezi ki pale sou emosyon, lanmou ak fragilite. Li pale de dezyèm liv la sou byen-èt natirèl, sante ak medsin fèy. Twazyèm liv la fouye pi fon sou espirityalite, koneksyon ak lanati, ak leson lavi ki soti nan tradisyon diferan.

Paul Beaubrun: Mizik ak J. Perry pou July 7, Albòm ak Dadi, Festival Jazz Montréal ak plis ankò
Paul Beaubrun pataje tout sa li ap prepare pou ane 2025. Li pale de mizik li fè ak J. Perry pou fim July 7, ki ap sòti 16 me nan tout sinema Ozetazini. Li revele yon nouvo kolaborasyon ak tonton li Dadi Beaubrun, yon pwojè ki melanje son rasin ak yon nouvo vizyon modèn. Paul ap monte sou sèn Festival de Jazz de Montréal epi li ap mete deyò nouvo mizik ki montre evolisyon li kòm atis.

Claude Mancuso: Istwa premye fim kreyòl ayisyen, Languichatte ak dokimantè “Haiti Proud”
Nan entèvyou sa a, Carel Pedre resevwa Claude Mancuso, yon pyonye ki make istwa sinema ak televizyon an Ayiti. Li rakonte kijan li te kreye “Ala Mizè pou Rodrigue”, premye fim kreyòl ayisyen ki te chanje tout apwòch sinema lokal la, eksperyans li ak Rodrigue Millien, Languichatte, Boukman Eksperyans, ak lòt atis ki make tan lontan. Li pataje tou vizyon li pou dokimantè “Haiti Proud”, yon fim ki vize mete limyè sou kontribisyon pozitif Ayisyen yo atravè mond lan. Entèvyou sa se pa sèlman yon vwayaj nan tan, men tou yon apèl pou Ayisyen tout kote pran kontrol sou naratif yo epi soutni yon pwojè ki ka fè Ayiti briye. Ale sou HaitiProud.com pou sipòte dokimantè a.

Ama Makeda ap prezante Abey Wayal – yon gam pwodwi pou sante ki fèt ak myèl ak plant medisinal
Nan epizòd sa a, Ama Makeda ap prezante Abey Wayal, yon seri pwodui natirèl ki fèt ak myèl ak plant medsin pou ede nou viv pi byen. Li pale sou kijan li konbine konesans li kòm apikultris, alchimis, ak fanm ki pratike medsin holistik pou kreye pwodwi sa yo ki soutni sante fanm ak gason.Li pataje vizyon li sou manje konsyan, wòl myèl nan tretman natirèl, ak jan remèd lakay kapab pi efikas pase medikaman chimik. Li mete aksan sou eksperyans li kòm fanm ki soti Ayiti, ki viv Monreyal, epi k ap bati yon pon ant tradisyon ak syans.

Angie Bell: Yon Fanm Okap K ap Travay pou Pwomosyon Kilti ak Edikasyon
Nan epizòd sa a nan Carel in the Morning, mwen chita pale ak Angie Bell, yon fanm ekstraòdinè ki kite tout bagay pou l retounen viv Okap epi mete tout enèji li pou ede chanje Ayiti. Angie se yon otè, yon antreprenè, yon aktivis, yon fanm k ap travay nan kilti ak edikasyon. Li se fondatè òganizasyon Poubel Ayiti, li ap dirije yon lekòl fanmi li te mete sou pye depi 36 ane, epi li lanse yon inivèsite ak yon pwogram espesyal sou lidèchip ak gouvènans pou fòme nouvo jenerasyon lidè Ayiti bezwen.Li kwè tout chanjman ki nesesè pou Ayiti dwe kòmanse nan edikasyon. Nan epizòd sa a, li rakonte istwa li, vizyon li pou lekòl, difikilte ak defi ki gen nan kesyon fatra nan vil Okap, angajman li nan devlopman kominotè, ak rezon ki fè li retounen lakay.

Riva Précil ap prezante Enkantasyon | Yon Vwayaj Espirityèl & Mizikal
Carel Pedre resevwa Riva Précil pou yon bèl konvèsasyon sou nouvo album li Enkantasyon, ki soti 28 mas 2025. Nan entèvyou sa a, Riva louvri sou mizik li, sou vodou kòm fòm espirityalite, sou enèji fanm ak sou jan li itilize libète kreyatif li pou bati yon kominote ki konekte ak rasin li kòm Ayisyèn.
Li pale sou eksperyans li pandan kreyasyon album lan, entansyon li mete dèyè chak mizik, chwa koulè wouj pou postè a, ak kolaborasyon ak atis tankou Steves J Bryan, Johan Dore, ak lòt ankò. Riva ouvè kè li sou tout evolisyon li atravè tan, kòm fanm, kòm manman, epi kòm atis ki vin pi klè sou vwa pa li.

Bayyinah Bello ap pale de komemorasyon 75 ANE KONGRÈ FANM YO AN AYITI
Nan epizòd espesyal sa a, Carel Pedre resevwa istorisyèn Bayyinah Bello pou yon gwo chita pale sou 75yèm anivèsè Kongrè Fanm yo an Ayiti. Evènman sa a ap fèt soti 10 pou rive 12 avril 2025 sou Campus Henry Christophe nan Limonad. Se yon okazyon pou n sonje batay fanm yo, reflechi sou sa yo reyalize, epi mete aksan sou sa ki rete pou fè.Nan videyo sa a, yo pale sou istwa ki efase, memwa kolektif nou ki an danje, sistèm edikasyon ki pa reflechi reyalite pèp la, ak nesesite pou jèn yo re-aprann valè fanm nan batay pou libète, edikasyon, ak jistis sosyal. Bayyinah mete aksan sou jan listwa ekri pou fè n bliye, men Kongrè sa a se yon apèl pou sonje, pou òganize, epi pou bati yon pi bon demen.

Olwith Lindor: Sèl Ayisyen ki nan Disney On Ice !
Tande istwa ekstraòdinè Olwith Lindor, yon jèn gason ki fèt, grandi ann Ayiti, e ki vin tounen sèl patinè ayisyen ki fè pati Disney On Ice. Nan entèvyou sa a, li rakonte kijan li kite Ayiti pou li ale Brésil, kijan li fè fas ak tout difikilte yo, kijan li jwenn pasyon li nan patinaj sou glas, epi jan li rive fè pati youn nan pi gwo spektak mond lan. Olwith pataje tou pi gwo rèv li: tounen Ayiti ak patin li pou l enspire nouvo jenerasyon jèn ki pa janm panse sa posib.

Ti Klod (Claude Porsenna) pale de karyè li soti nan 5-Lan, X-Tassy, Kaï rive sou Reyinyon Carimi
Nan entèvyou espesyal sa a, Ti Klod rakonte tout wout li nan mizik: kòman li te kòmanse ak 5-Lan, eksperyans li ak X-Tassy, wòl li nan Kaï ansanm ak Richard Cavé, epi kòman li vin travay nan Reyinyon Carimi.

Kareen Ulysse kite tout bagay pou al jere yon lopital nan Cité Soleil
Gheriane “Kareen” Ulysse se yon fanm ekstraòdinè ki te kite lavi konfòtab li Ozetazini pou l tounen Cité Soleil, Ayiti, epi kontinye travay papa li te kòmanse: Centre Hospitalier de Fontaine. Nan entèvyou sa a ki plen emosyon, Kareen rakonte sakrifis li fè kòm manman, pitit fi, ak lidè. Li pataje jan li jere lopital la, jan li jwen finansman, epi jan li kontinye batay chak jou pou amelyore lasante ak edikasyon nan kominote ki pi marginalize yo. Misyon li se mete yon lopital ak yon inivèsite nan chak depatman an Ayiti, epi kreye yon sistèm ki fonksyone, ki fyab, e ki bay moun espwa.

Francis Mercier : Yon DJ Ayisyen ki ap briye sou sèn entènasyonal la
Nan entèvyou eksklizif sa a, Francis Mercier rakonte karyè li soti Boudon, Ayiti rive sou pi gwo sèn mondyal yo. Li pataje jan li kenbe rasin li pandan li mete mizik ayisyèn sou beat elektwonik. Li pale de kolaborasyon li ak atis entènasyonal yo, eksperyans li nan festival atravè lemond, defi li ap fè fas, epi vizyon li pou lavni.

Marc Alain Boucicault sou paternite, BANJ 4.0, ak reyalite viv lwen Ayiti
Nan konvèsasyon sa a nan Carel in the Morning, Marc Alain Boucicault louvri kè li sou eksperyans li kòm papa, kòm lidè, epi kòm sitwayen ayisyen k’ap viv deyò peyi a. Li rakonte kijan li te kite Ayiti pou al etidye, jan li jere lavi fanmi li pandan li tap travay nan MIT e dirije BANJ.

Lindsay François (The Children’s Trust) ap prezante konkou " Young Talent Big Dreams"
Nan entèvyou sa a, Lindsay François, Media Manager nan Children’s Trust, ap prezante pwojè espesyal “Young Talent Big Dreams”. Li eksplike kijan inisyativ sa ede timoun ak jèn Ayisyen nan Sid Florid, ki gen laj 8 rive 18 lane, devlope talan yo nan mizik, dans, pwezi ak lòt domèn atistik. Lindsay pataje objektif prensipal Children’s Trust genyen pou sipòte kominote Miami Dade nan defi yo rankontre, ansanm ak enpòtans opòtinite sa yo pou avni jèn nou yo.

Endometriyoz: Ruth Lainé rakonte batay li ak doulè ki pa nòmal
Pou mwa mas, nou mete limyè sou endometrioz, yon maladi ki afekte anpil fanm men ki souvan neglije. Nan epizòd sa a, Ruth Lainé, yon jèn fanm ayisyèn k ap viv Ozetazini, pataje istwa pèsonèl li ak tout batay li ap mennen chak jou ak maladi sa a.Li pale sou doulè li te konn sibi pandan règ li, difikilte pou jwenn yon dyagnostik, operasyon li te oblije fè, ak jan sa afekte lavi li kòm fanm, kòm pwofesyonèl, ak kòm moun.

Good Tang lanse pwojè solo li apre Enposib e pale de pakou li nan mizik
Nan entèvyou sa a Good Tang ouvè kè li pou pale sou pakou li nan mizik. Li rakonte kòman li te kòmanse kòm yon jèn ki soti nan yon fanmi mizisyen, eksperyans li ak gwoup X-Tassy ak Enposib, epi kijan li pran desizyon lanse premye pwojè solo pa li.Good Tang mete aksan sou vizyon li kòm atis, jan li viv mizik chak jou, e sa ki enspire li pou kreye mizik ki soti sou premye albòm li "Ma Muse".

Carimi, Kaï ak HMI: Yon konvèsasyon san filtè ak Fito Hyacinthe
Fito Hyacinthe, manadjè gwoup Kaï ak Carimi, pataje eksperyans li nan endistri mizik la ak kòman li te fè pou li mennen gwoup sa yo nan siksè. Nan entèvyou sa a, nou aprann sou pran risk, enpòtans ekip ak kolaborasyon, defi ak opòtinite pou mizik ayisyen nan yon mond ki toujou ap chanje, ak leson li aprann pandan li t ap travay ak pi gwo gwoup mizik Ayiti yo.

Poukisa Asirans Enpòtan? Ruthie (Dam Asirans la) ap bay tout detay!
🔥 Nan epizòd sa a sou Carel in the Morning, Ruthie, yo rele “Dam Asirans la”, ban nou tout detay sou enpòtans asirans vi ak asirans sante, espesyalman pou kominote Ayisyèn lan. 🔥Li pataje eksperyans pèsonèl li, li esplike poukisa edikasyon finansyè enpòtan, epi li revele erè anpil Ayisyen fè ki mete yo an danje finansyèman. 💡SA WAP APRANN:✅ Poukisa asirans esansyèl pou tout moun?✅ Ki jan pou evite dèt lopital ak kriz finansyè?✅ Diferan tip asirans ki egziste epi kijan pou chwazi sa ki pi bon pou ou.✅ Ki jan kwayans Ayisyen sou asirans fè nou pèdi avantaj finansyè.✅ Estrateji pou pwoteje fanmi w epi bati eritaj (legacy) pou jenerasyon k ap vini yo.📌 Pa rate konsèy sa yo! Pataje videyo sa a pou plis moun ka aprann epi pwoteje tèt yo!

Manuel Mathieu: Soti nan Atizay rive nan Pafen - Yon Revolisyon Kreyatif
Manuel Mathieu, yon atis abstrè ayisyen-kanadyen, ap mennen atizay li nan yon nouvo direksyon. Apre li fin make non li nan mond penti ak eskilti, li deside antre nan "parfumerie", kote li kreye yon mak ki charye eritaj ak kilti Ayiti.Nan entèvyou sa a, li rakonte istwa li, eksperyans li nan mize entènasyonal, epi ki jan vétiver ayisyen vin youn nan eleman prensipal pafen li yo. Li pataje vizyon li sou fason atizay ka depase limit vizyèl epi tounen yon eksperyans sansoryèl.

Joann Milord ap pale sou plan estratejik ki pral bay Little Haiti plis opòtinite ak devlopman
Nou pale ak Joann Milord, Prezidan & CEO @LittleHaitiTrust, sou plan estratejik ki vize devlopman ekonomik, lojman abòdab, pwoteksyon kilti ak touris, epi sipò pou ti biznis yo. Plan sa a ap ede Little Haiti grandi epi vin pi atiran pou moun ki vle envesti ak devlope kominote a.Little Haiti Trust ap travay pou mete resous yo disponib pou kominote a epi ouvri pòt pou plis opòtinite. Genyen finansman pou moun ki vle fè aktivite, espesyalman pou Mwa Eritaj Ayisyen an. Si w vle patisipe epi fè tande vwa w, ou ka vizite sit entènèt yo an oswa kontakte yo dirèkteman.🌐 Sit wèb: littlehaititrust.com📞: 786-815-2315

Naomy Grand’Pierre: Soti nan Jeux Olympiques rive nan atizay, maketing, ak kreyasyon vizyèl
Naomy Grand’Pierre, premye fi ki reprezante Ayiti nan Jeux Olympiques nan natasyon, pataje vwayaj inik li soti nan mond espò pou rive nan sinema ak direksyon atistik. 🏊♀️🎬 Avèk menm disiplin li te itilize pou reyalize rèv Olenpik li, jodi a li ap travay pou mete Ayiti sou map mondyal la atravè atizay, maketing, ak kreyasyon vizyèl. Li pale sou defi atlèt ayisyen yo, pwojè li pou Haiti House 2028 pandan Jeux Olympiques Los Angeles, ak fason li vle revolisyone reprezantasyon Ayiti nan endistri mizik, sinema, ak medya mondyal. 🇭🇹✨

Candice Mondesir: Ki jan HACCOF ap sipòte antreprenè Ayisyen nan Florid!
Candice Mondesir, Direktè Egzekitif HACCOF, eksplike kijan òganizasyon an ap sipòte antreprenè Ayisyen nan Florid. Li pale sou fòmasyon ScaleUp, opòtinite finansman, mentora, ak rezo biznis pou ede yo grandi.

D-Perfect prezante nouvo mizik li “M Pral Fè’w”
Nan epizòd sa a nan Carel in the Morning, D Perfect vini chita pale ak Carel pou prezante dènye mizik li “M Pral Fè’w”. Li rakonte kijan lide chante a sòti, kisa ki enspire l, epi li pale tou sou jan l ap jere karyè solo li ansanm ak eksperyans li nan gwoup la.

Olivier Duret pale sou "Boomerang" ak Fafà Picault, lavi pèsonèl li, ak pwojè li pou 2025
Nan entèvyou sa a avèk Carel Pedre nan « Carel in the Morning », Olivier Duret diskite sou kolaborasyon mizikal li nan Mizik "Boomerang" avèk foutbolè ayisyen Fafà Picault, lavi pèsonèl li, ak pwojè mizikal li pou 2025. Li pataje tou refleksyon sou endistri mizik ayisyen an e pale de Mikaben.

Zoey Dollarz: Yon Atis k’ap Bati Pon ant Ayiti ak Mond lan
Nan entèvyou sa a, Zoey Dollarz pataje vizyon l pou mete Ayiti sou map mondyal la pandan l ap konekte kilti yo. Li pale sou enpòtans sèvi ak enfliyans li pou ede kominote li, kolaborasyon ak atis entènasyonal tankou Burna Boy, Fat Joe, ak DJ Snake, epi jan li ap ankouraje ekspansyon mizik ayisyen sou sèn entènasyonal la.
Soti nan òganize vwayaj pou zanmi l ale Ayiti rive nan bati relasyon estratejik nan endistri mizik la, Zoey eksplike kijan li vle vin yon anbasadè pou kilti a.

Guerline Elusme: Kijan Pasyon pou Soulye vin Tounen Chic Diann, yon Mak Entènasyonal
Nan konvèsasyon nou jodi a, nou genyen plezi pale ak Guerline Elusme, ki se dirijan ak kreyatris Chic Diann, yon antrepriz soulye k'ap pote yon nouvo souf nan endistri mòd la avèk bèl kalite, konfò ak inovasyon. Li pataje istwa li sou fason li rive fè pasyon li tounen yon biznis k'ap byen mache epi li pataje vizyon li genyen pou Chic Diann. Li kite yon mesaj ankourajan pou jèn antreprenè ayisyen yo: avèk detèminasyon ak anpil travay, ou kapab reyalize rèv ou.🌍 Dekouvri Chic Diann epi achte koleksyon an sou www.chicdiann.com

Richard Cavé | Siksè Carimi Reunion Tour, Nouvo Albòm Kaï & Pwojè K ap Vini
Richard Cavé pale sou siksè Reunion Tour Carimi, repons fanatik yo, ak emosyon li te viv pandan konsè yo. Li diskite sou pwochen albòm Kaï, kolaborasyon posib, ak vizyon li pou mizik li. Li revele tou kèk pwojè k ap vini epi bay opinyon li sou evolisyon HMI a.

Grégory Telfort Ap Prezante 'Loyiz' E Pale de Lòt Pwojè
Nan entèvyou sa a, nou resevwa Grégory Telfort, youn nan atis ki make mizik ayisyèn lan nan ane 2000 yo. Li pataje istwa li, soti nan konkou Chanté Nwèl Telemax rive nan karyè li jodi a. Grégory pale sou enspirasyon l, mizik li, ak kijan li retounen ak yon nouvo vèsyon “Loyiz”, yon mizik ki make anpil moun. Gade videyo a pou dekouvri vwayaj li nan mizik, eksperyans li nan dyaspora a, ak pwojè li pou lavni.
Nouvo vèsyon “Loise” disponib depi 14 fevriye!

Stichiz: Yon Pakou Ekstraòdinè nan Mizik ak Medya
Stichiz se plis pase yon atis; li se yon vwa ki pote mizik, kilti, ak enspirasyon atravè radyo ak televizyon. Depi li te timoun, li te konnen li fèt pou kreye, ekri, epi pataje mizik ak mesaj li ak mond lan. Li rakonte kijan li te kòmanse ak pwezi a 7 an, jiskaske li devlope pwòp stil li.
Karyè li te pran yon lòt dimansyon lè li te antre nan radyo, soti nan staj rive sou iHeartRadio epi menm ko-animatè ak The Breakfast Club. Li pataje kijan travay di, lafwa, ak vizyon louvri pòt, menm lè lòt moun panse li enposib.
Nan entèvyou sa a, Stichiz pale sou nouvo EP li, pwojè liv timoun li yo, ak lòt gwo pwojè li ap prepare. Yon konvèsasyon otantik sou mizik, rèv, ak detèminasyon.

Dr. Berthude Albert: Edikasyon, Rezistans, & Lespwa Pou Ayiti
Nan konvèsasyonsa a, Dr. Berthude pataje lanmou li pou Ayiti, enpòtans istwa a, ak wòl dyaspora a nan avni peyi a. Li pale sou pakou li kòm edikatè, efò li nan ranmase lajan pou konstriksyon Kanal yo, epi defi li fas ak menas li resevwa pou pawòl verite li bay sou Ayiti..

Flav Pale Sou Pwochen Albòm Gabel, Dr Love, “Unexpected Love” ak Lòt Pwojè
Nan entèvyou sa a, Flav bay detay sou pwochen albòm Gabel la, eksperyans li ak Dr Love, epi wòl li nan fim “Unexpected Love”. Li diskite sou jan li ap jere karyè li ant mizik ak sinema.

Success Jr vle mete komedi ayisyen sou gwo sèn
Nan entèvyou sa a, Success Jr rakonte istwa li kòm yon komedyen Ayisyan-Ameriken ki vle mete komedi ayisyen sou gwo sèn entènasyonal. Li pale sou difikilte komedyen ayisyen yo ap fè fas, kijan li te kòmanse ak videyo sou rezo sosyal, e poukisa li vle kraze baryè pou plis komedyen ayisyen. Li pale tou de gwo show espesyal li 16 Me 2025, kote li pral fè pi gwo pèfòmans karyè li!

Ayiiti Chita Pale Sou Mizik Li! Nouvo Pwojè, Enspirasyon, ak Avni Li
Ayiiti retounen ak gwo nouvèl! 🎶🔥 Apre yon bon ti tan, li chita pale ak nou sou mizik li, nouvo pwojè li yo, ak vizyon li pou lavni.

Aisha St Lot : 10 Ane Aprè Kansè – Yon Istwa Kouraj ak Rezilyans
A 18 lane, Aisha te resevwa yon nouvèl ki t ap boulvèse lavi li: li te gen kansè. Jodi a, apre 10 ane batay ak rekonstriksyon, li pataje istwa li sou kijan li te simonte maladi a, jan li te oblije kite Ayiti pou al jwenn tretman Ozetazini, ak kijan li rebat lavi l atravè pasyon l pou fotografi ak maketing dijital. Yon temwayaj ki ranpli ak lespwa, kouraj, ak fòs!

Jonise : Siviv ak Kansè nan Tete Stad 4 pandan li te ansent – Kouraj, Lespwa ak Sensibilizasyon
Jonise te resevwa yon nouvèl ki t ap boulvèse lavi li: li te gen kansè nan tete stad 4 pandan li te ansent. Malgre tout difikilte yo, li te batay ak fòs pou li pote pitit li sou tè a epi kontinye ap goumen ak maladi a. Nan temwayaj sa, li pataje eksperyans li, soutyen fanmi li, enpòtans prevansyon ak sansibilizasyon nan kominote Ayisyèn lan. Yon istwa kouraj ak espwa ki montre fòs yon manman!

Séphora Drouillard Prezante ‘Dance & Heal’: Danse, Terapi, ak Empowerment”
Carel Pedre chita pale ak Séphora Drouillard, fondatris ‘Dance & Heal’, yon inisyativ ki melanje dans ak terapi pou ede fanm ak kominote yo jwenn fòs, balans, ak gerizon atravè mouvman.

Teddy Hashtag: Yon nouvo zetwal k ap Monte nan Mizik Ayisyen an
Nan entèvyou sa a, n ap dekouvri istwa Teddy Hashtag, jenn atis k ap fè bri ane sa a nan biznis mizik ayisyen an. Soti nan premye videyo TikTok li yo pou rive nan gwo konsè li yo, atis la pataje tout pakou li.

PASKA - Nouvo Chapit, Nouvo Mizik, Menm Vizyon
Nan entèvyou sa a, Paska pale sou rekòmanse sou yon lòt baz, chanjman k ap fèt nan lavi li ak karyè li, defi li leve, epi plan li pou 2025. Malgre obstak, li rete fidèl ak mizik li epi vizyon li pou mete mizik ayisyen sou pi gwo sèn yo. Se yon nouvo PASKA, menm pasyon, menm direksyon!

Ralph Papillon: Soti nan Mizik rive nan Bondye – Istwa yon Transformasyon
Yon konvèsasyon enspiran ak Ralph Papillon, atis mizik Ayisyen ki te fè siksè nan ane 2000 yo. Apre li te kite Ayiti pou Etazini epi li te kite sèn mizik la, Ralph te antame yon vwayaj espirityèl. Kounye a, li tounen ak yon mesaj sou la lafwa ak espiratyalite.

Cadelouse: Mizik, Pasyon, ak Detèminasyon
Nan entèvyou sa a, nou plonje nan istwa Cadelouse, yon atis ki te kòmanse chante nan koral legliz ann Ayiti e ki fè yon non pou tèt li nan endistri mizik la kòm chantez Gwoup Klass. Depi premye jou li nan mizik levanjil rive nan kolaborasyon ak pi gwo atis ak pibliye chante ki fèt fò, Cadelouse pataje istwa pèsèvèrans, pasyon, ak kwasans li. 🌟 Sijè Nou Kouvri: • Wòl li kòm atis ak chantèz pwofesyonèl • Defi li rankontre pandan karyè li nan endistri mizik la • Eksperyans li nan travay ak atis renome tankou Richie

Emily Cadet: Pwofesè Lang, Globetrotter ak Kreyatè Kontni Ayisyen
Nan entèvyou sa a, Carel Pedre chita pale avèk Emily Cadet, yon pwofesè lang ki pale 5 lang e ki vizite 43 peyi. Emily pataje eksperyans li kòm yon kreyatè kontni, pasyon li pou lang ak la kilti, ak objektif li pou enfòme ak enspire lòt Ayisyen atravè travay li nan edikasyon ak vwayaj. 🌟 Sijè Nou Kouvri: • Pasyon Emily pou aprann lang ak anseye lòt moun • Eksperyans li nan 43 peyi ak enpòtans vwayaj • Wòl li kòm yon pwofesè ak kreyatè kontni pou kominote Ayisyen an

Vanessa Joseph: Yon Modèl Lidèchip pou Kominote Ayisyen nan Sid Florid
Carel Pedre Chita pale avèk Vanessa Joseph, ki se premye fanm nwa ki Clerk Vil North Miami ann Eta Florid. Vanessa pataje pakou li kòm yon lidè, avoka imigrasyon, ak yon moun ki angaje nan sèvi kominote Ayisyen an nan Sid Florid ak lòt bò. 🌟 Sijè nou kouvri: • Wòl inik Vanessa nan North Miami • Defi nan travay li kòm avoka imigrasyon • Travay li fè pou ranfòse kominote a ak angajman sivik

Manito ap prezante "Sweet Mangoes" nouvo EP li e pale de Gwo Lobo
Manito ap prezante "Sweet Mangoes" nouvo EP li e pale de Gwo Lobo