Madan Jacques
By Christine Coupet Jacques
Podcast Powered by Dagmar.
Madan Jacques Mar 23, 2020
SeeJeanty nan Money Talks ak #MadanJacques
Hugline Jerome nan #MoneyTalks Ak #MadanJacques
Christine Coupet Jacques, #MadanJacques, resevwa Hugline Jerome, pwomotè ayisyen, entreprenè kreyatif. Hugline pataje ak nou kijan relasyon li ak lajan evolye ak laj ak responsabilite, kijan li jere diferan biznis, e kijan atitid gratitid li pèmèt toujou reyisi nan sa lap fè.
Achitèk Christine Laraque pataje anpil prensip nan #MoneyTalks ak #MadanJacques
Achitèk #ChristineLaraque pataje anpil prensip nan jesyon yon kabinè achitèk nan #MoneyTalks ak #MadanJacques. Christine ak asosye li te louvri biznis yo ak yon mòdèl ki dwe enspire anpil lòt moun. Responsabilite moral, sosyal ak fiskal fè pati de plan dafè antrepriz yo. Yo pa janm neglije aspè sa yo. Al koute l !
Money Talks - Christine Coupet Jacques resevwa Frantz Duval, Chèf Redaksyon nan Le Nouvelliste
Frantz Duval, chèf redaksyon jounal Le Nouvelis ak direktè jeneral radyo Magic 9, pale souvan nan medya sou tout kalte koze peyi mè se pa souvan nou tande l pataje experyans pa li. Nan Epizòd #MoneyTalks sa a, #MadanJacques pale ak Frantz Duval sou experyans pèsonèl li ak lajan, leson li aprann depi l te jèn, kijan li devlope yon modèl finansye ki pèmet jèn jounalis yo gen plizyè kòb kap antre. Al koute l !!!
Money Talks - Christine Coupet Jacques resevwa Carel Pèdre de Chokarella
7 leson lavi pou wè bagay yo on lòt Jan #MondayMotivation #MadanJacques
7 ti konsèy pou viv pi byen #MondayMotivation ak #MadanJacques
Kèk ti konsèy pou fini yon apèl nan telefòn - #MondayMotivation ak #MadanJacques
5 ti konsèy pou aprann mande padon lè w an tò - #MadanJacques #MondayMotovation
Aprann koute pou ka mye kominike - #MondayMotivation ak #MadanJacques
5 etap bou byen jere tan w - #MondayMotivation ak #MadanJacques
Nou tout gen men 24è tan chak jou. Jan w organize jounen w, ak jan w jere tan w ka fè yo gwo enpak sou kapasite w pou rive reyalize objektif ou fixe. Al tande 5 ti konsèy pou ka byen jere 24 è tan paw la. #LendiMotivasyon
MadanJacques resevwa Pierre Stanley Baptiste, antrèprenè, ekriven, motivatè nan #MoneyTalks
Pierre Stanley Baptiste te fè yon ti pale ak #MadanJacques sou MoneyTalks. Li pataje visyon li sou kesyon lajan, kijan li te fè edikasyon finansyè tèt li, e li pale de liv li ekri a "The Underdog Revolution" ki pataje yon lòt jan pou wè povrete, inovasyon, ak chanjman sosyal. Li pataje anpil konsèy ak enèji positif, kap pèmèt nou pèse nan lavi a ak jwenn balans nou bezwen pou nou reyisi. Al tande l!
Kijan pou chanje panse negatif an atitid positif #MondayMotivation ak #MadanJacques #ChristineCoupetJacques
Plis ou panse negatif, mwens ou gen chans pou reyisi rèv ou. Tande kèk ti teknik pou apran devlope yon atitid positif.
Mete disiplin nan viw #MondayMotivation ak #MadanJacques
5 Etap pou Pran Bon Jan Desizyon - #MondayMotivation - ak #MadanJacques
Nan premye epizòd #LendiMotivasyon mwen pataje 5 teknik ou dwe aplike pou pran bon jan desizyon. Konsèy sa yo ap sèvi w kelkeswa desizyon ou gen pou pran nan lavi w. #MadanJacques
Eske papye w nan lòd ? Eske Relèv ou pare ? COVID-19 la dwe fè w panse sou sa #MoneyTalks ak #MadanJacques
COVID-19 fè ke tout moun ap travèse yon peryòd de chanjman ak ensètitid kote nenpòt mou ka viktim. Se yon moman kote tout antreprenè ak tout mam responsab yon fanmi oswa yon gwoup dwe pran konsyans de nivo risk la, kote yo ta dwe fè yon plan pou asire siksesyon yo nan yon pòs, mete tout papye nan lòd, pale ak pwòch yo sou tout sa ki ta ka reprezante yon sousi si ta gen yon trajedi. Eske relèv ou pare ? Eske ou gen yon plan kontenjans ? Eske si w pa ta la biznis ou ap kontinye ? Eske fanmi w ap kon kijan pou yo jere tout bagay ?
Enpak Covid-19 sou Startup ak PME nan #MoneyTalks ak #MadanJacques
Eske lide biznis ou à toujou rete valid jodia ? Eske startup oubyen PME wap jere a pare pou kenbe pandan 3 mwa anko nan konteks kowonaviris la ? Ki opotinite ki vini ak maladi sila ? Sonje, se pa sa ki pi fò yo kap reyisi, se sa ki adapte yo pi rapid kap rete vivan.
Jere Bidjè w pandan kriz COVID-19 la - EDISYON ESPESYAL #MONEYTALKS
Mèm lè nou konnen sitiyasyon nap viv ak COVID-19 la gen pou l pase, nan moman sa a, fòk nou byen gere bidjè nou. Fòk nou pran konsyans. Fòk nou evite bay tèt nou manti. Fòk nou gere pou nou ka fè fas ak depans nou pandan ke nap sere pou demen paske nou pa konnen konbyen tan pandemi sila, kap boulvèse tout mond nan, ap dire ni ki konsekans dirèk li ka genyen sou vi pa nou ak finans pèsonèl nou. Tande kèk ti konsèy nan edisyon espesyal #MoneyTalks ak #MadanJacques sou gesyon bidjè nan kad #Koronaviris la.
Giovanna Menard nan #MoneyTalks ak #MadanJacques
Mèt Giovanna Menard ap pataje ak nou kijan metye avoka ak pwofesyon dwa sibi yon gwo transfòmasyon depi kèk lane. Li aprann nou ke pou asire yon bon jesyon kabinè avoka, nou dwe jere l tankou yon antrepriz pandan nap fè balans ant respè tout prensip yo, etik ke pwofesyon an mande ak kapasite pou fè lajan.
Angie Bell nan #MoneyTalks ak #Madanjacques
Angie Bell nan #MoneyTalks ak Madanjacques, yon jèn edikatris ki ap gere plizyè biznis ansanm, nan vil Okap ak lòt kote tou, pande li toujou ap editye pou fè metriz li. Li pataje ak nou kijan li jere tan l, kijan li itilize kreyativite l nan tout sa lap fè. Li bay anpil konsèy sou seri kompetans ki pi empòtan pou jèn yo genyen jounen jodi a.
Sandra Florvella nan #Moneytalks ak #MadanJacques
Yon jèn ayisyèn ki kite peyi a lè l te timoun, mè li pat kite idantite l, li pa janm pèdi atachman l ak kilti a. Kom fanm Ayisyèn li reyisi louvri yon antrepriz teknoloji poul bay kominote ayisyen an sèvis ak fè pwomosyon tout sa ki ayisyen. Kompayi sa a se #HaitianBusinesses. Nan tout sa Sandra fè pou l fè lajan, li jwenn mwayen pou li fè pwomosyon Ayiti. Tande kijan li reyisi fè tout bagay sa yo pandan tou ke lap leve 2 timoun.
Daphnée Charles nan Money Talks ak #MadanJacques
Madan Jacques resevwa Doktè Thierry Laplanche ak Doktè Marie Maud Nazon Laplanche nan #MoneyTalks
Madan Jacques resevwa Doktè Thierry Laplanche ak Doktè Marie Maud Nazon Laplanche.
Doktè sa yo, se mari ak madanm, yo se 2 antreprenè ki emplike anpil nan sosyete a. Yo pataje ak nou yon apwòch modèn ak inovatris ke yo mete sou pye pou gere premye biznis yo ki se klinik yo, kijan apwoch sa a pèmèt yo balanse vi pwofesyonèl yo pi byen e bayo tan pou yo fè lòt bagay, e kijan yo gere finans pèsonèl fwaye a. Enjoy
Madan Jacques resevwa Etzer Emile nan #MoneyTalks
Etzer Emile, ecrivain, economiste, entrepreneur … li pataje ak nou poukisa li di nan liv ke li pibliye a ke “Ayiti chwazi pou li pòv”. Nan kontèx ekonomik frajil ke nap viv la, Etzer Emile bay anpil bon konsèy pou moun ki ta vle envesti nan peyi a, ki opòtinite ki genyen ak ki risk ki genyen tou, e kijan pou gere lajan w pou ka toujou rete estab finansyèman.
Rudy Rocourt Nan MoneyTalks ak #Madanjacques
Tout moun konnen wòl dyaspora ayisyen a kòm yon aktè ekonomik nan peyi a. Annou tande envestisè Rudy Rocourt ki lanse yon konpayi transfè nan peyi a ki rele Jetli Transfert. Jèn entreprenè a pataje ak nou kijan li te entegre tèt li nan peyi lakay apre dis lane deyò, kijan li te kòmanse, ki difikilte li te fè fas, kijan li menen operasyon biznis la, ak kisa nou bezwen pou amelyore konpreyansyon nou nan zafè envestisman dyaspora.
Ann Pale Lajan Ak Jhonson Napoleon #MadanJacques
Chak antreprenè gen pwòp istwa li. Ou dwe konnen ki kote ou soti pandan ou rete konsantre sou ki kote ou prale. Sakrifis, detèminasyon, fokis se règ jwèt la. An nou koute antreprenè, ak enfluyensè Jhonson Napoleon, nan #MoneyTalks ak #MadanJacques sou pakou li pou li rive kote li ye jodia, nan tèt Azure University, Napo Dépôt elatrye.
Christina Sanon nan #MoneyTalks ak #madanjacques (4e Epizòd)
Lè w ap pase entèvyou pou yon travay, gen kèk ti teknik ka fè yon gwo diferans. Kijan pou prepare w ? Eske oud we reponn kesyon salè? Eske ou dwe rete tann komayi an fè yon òf? Kijan ou ka negosye salè a ? Eske w gen dwa poze kesyon ? Si’w ta renmen konnen repons yo al tande rekritè Christina Sanon nan #MoneyTalks ak #MadanJacques
Marc alain Boucicault, PDG Banj, nan #MoneyTalks ak #MadanJacques
Èske w janm reve kite travay ou a pou vin pwòp bòs ou? Ou pa pou kont ou. Dapre sa Marc Alain Boucicault pataje nan #MoneyTalks ak #MadanJacques, gen anpil faktè pou konsidere anvan ou remèt demisyon w. Kijan pou pare w? Ki difikilte ou fè fas le w fèk komanse ? lew fin Entreprenè kijan pou jere gwo kriz ? se tout bagay sa yo PDG @Banj la pataje ak nou. Al tande l.
La Femme Moderne Avec Francesca F. Eugene #MadanJacques
Lajan se yon sijè tabou nan anpil relasyon de koup. Lè ou vinn gen timoun se pi rèd. De moun ki renmen youn ak lòt pa nesesèman vle di ke yo pataje menm vizyon nan zafè jesyon lajan. Ann tande kèk ti konsèy na men Francesca Francois Eugène, yon mandan marye, yon manman 2 timoun, yon fanm modèn.
Francky Louis nan #Money talks Ak Madan Jacques
Yon antreprenè se yon moun ki pran kontwòl lavi l ak avni l. Koute premye epizod “Money Talks” kote antreprenè “Francky Louis” ap pataje pakou li ak nou, kisa ki motive’l, ki jan li jere, kijan li fè fas ak difikilte … Al Tande’l