Skip to main content
MANTALITID

MANTALITID

By MANTALITID

MANTALITID se yon pòdkas sou sante mantal ak tematik sikolojik. Objektif podkas sa, se rive fè w atenn yon pi bon nivo devlopman pèsonèl ak emosyonèl posib.
Available on
Apple Podcasts Logo
Google Podcasts Logo
Overcast Logo
Pocket Casts Logo
RadioPublic Logo
Spotify Logo
Currently playing episode

Prevansyon SWISID kay jèn yo

MANTALITID Apr 07, 2024

00:00
18:34
Prevansyon SWISID kay jèn yo

Prevansyon SWISID kay jèn yo

Daprè OMS, anviwon 800 mil moun touye tèt yo chak ane. Aprè aksidan machin, SWISID see dezyèm koz lanmò nan mitan jèn ki soti nan laj soti 15 pou rive 29 lane. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale sou kòman ou ka ede nan prevansyon kont SWISID ki se yon pwoblematik sante piblik, sitou nan mitan adolesan yo.
Apr 07, 202418:34
Enpak chatiman kòporèl sou devlopman sikolojik timoun yo

Enpak chatiman kòporèl sou devlopman sikolojik timoun yo

Daprè estatistik OMS soti an 2021, anviwon 60% timoun ki gen laj ant dezan ak katòzan, sibi regilyèman chatiman kòporèl ; yon metòd edikatif ki ka gen gwo enpak sou devloman sikosyol timoun yo pandan y ap grandi e menm lè yo vin granmoun.
Mar 31, 202421:21
Twoub Pèsonalite Paranoya

Twoub Pèsonalite Paranoya

Twoub Pèsonalite Paranoya karakterize pa yon mefyans eksesif, kote yon moun toujou ap nouri lide lòt moun (etranje tankou moun ki nan antouraj li) ap pèsekite l, rayi l, twonpe l, eksplwate l, monte konplo kont li elatriye, san li pa gen prèv pou sa. Sa ka trennen soufrans lakay epi epi deranje rapò l ak lòt moun.
Feb 18, 202414:32
Rezon sikoljik pou pa espere anyen de lòt moun

Rezon sikoljik pou pa espere anyen de lòt moun

Relasyon nou ak lòt moun enpòtan pou asire sekirite afektif ak emosyonèl nou. Li enpòtan lè n gen yon moun nou ka konte sou sipò li lè sa nesesè. Men, lè atant ak ekspektativ yo twò wo, desepsyon ak fristrasyon an pa lwen. E sa pa p ede ni nan byennèt emosyonèl ou, ni nan rapò w ak lòt moun.
Feb 04, 202414:07
Benefis sikoterapi pou sante mantal

Benefis sikoterapi pou sante mantal

Eta depresif, anksyete, estrès kwonik, twoma, sousi tout kalte [...], divès koz ka mennen yon moun fè sikoterapi, yon fòm tretman yo itilize nan domèn sante mantal, non sèlman pou ede yon moun ak yon pwoblèm imedya, men tou jwenn kapasite pou pi byen fè fas ak sityasyon yo.
Jan 21, 202420:36
Kòman pou pi byen bati ESTABILITE emosyonèl ou ?

Kòman pou pi byen bati ESTABILITE emosyonèl ou ?

Estabilite emosyonèl fè referans ak kapasite yon moun genyen pou jere ansanm emosyon li yo de fason pozitif. Sa ki pèmèt li kapab kenbe yon atitid ekilibre nan sityasyon ki ka parèt difisil yo epi adapte l ak nouvo chanjman.
Jan 14, 202417:45
Rezime ane 2023

Rezime ane 2023

Dènye epizòd MANTALITID pou ane a se yon edisyon espesyal. Nan epizòd sa, nou prezante yon ekstrè sou entèvansyon divès envite te fè nan podkas la, sou tematik ki gen rapò ak sante mantal, byennèt emosyonèl moun de fason jeneral.
Dec 24, 202317:31
Doulè emosyonèl

Doulè emosyonèl

Doulè emosyonèl se yon sikatris sichik ki ka trennen gwo soufrans sikoljik nan lavi yon moun. Lè li dire, konsekans yo kapab pwovoke chanjman negatif nan prèske tout aspè lavi moun sa, sitou sou byennèt mantal li.
Dec 17, 202316:43
Benefis jwèt yo nan devlopman sikoljik yon timoun

Benefis jwèt yo nan devlopman sikoljik yon timoun

Anplis aspè divètisman an, jwèt yo ede timoun yo byen devlope divès abilite (kognitif, fizik, entelektyèl, emosyonèl, sosyal) yo genyen. Jwèt yo ki gen divès karakteristik ak diferan fòm, reprezante yon pilye nan devlopman sikoljik timoun yo.
Dec 03, 202318:40
LASYANS : 7 abitid ki rann moun « heureux »

LASYANS : 7 abitid ki rann moun « heureux »

Pa gen pratik ak resèt inivèsèl pou tout moun viv « heureux ». Viv nan « bonheur » kapab depann de chak moun. Sepandan, daprè rezilta divès etid syantifik, gen kèk abitid ki kapab ede nan rann yon moun « heureux ».
Nov 26, 202317:09
Chomaj : yon gwo ènmi pou sante mantal

Chomaj : yon gwo ènmi pou sante mantal

Lè yon moun ap travay, mete sou aspè ekonomik la, sa pote yon sansasyon byennèt ak estabilite (emosyonèl, familyal, sosyal). Donk, chomaj kapab deklannche yon seri sentom sikoljik nan vi moun nan, ki ka afekte nivo sante mantal li.
Nov 19, 202316:02
Ki enpòtans REZILYANS nan sante mantal?

Ki enpòtans REZILYANS nan sante mantal?

Rezilyans fè referans ak pwosesis epi rezilta pou yon moun rive adapte l ak siksè fas ak eksperyans difisil epi defi lavi a, espesyalman gras ak fleksibilite mantal, emosyonèl ak konpòtman li afiche nan advèsite yo. Men, ki enpòtans li nan sante mantal yon moun?
Nov 12, 202317:21
7 kesyon fondamantal sou SWISID

7 kesyon fondamantal sou SWISID

Mwa septanm se mwa prevansyon kont SWISID. Pou prevansyon sa rive reyèlman efektif, gen enfòmasyon enpòtan ou dwe konnen sou SWISID. Nan epizòd MANTALITID sa, w ap jwenn repons a 7 kesyon san dout ou konn poze tèt ou sou SWISID.

Sep 17, 202318:19
10 kesyon esansyèl sou oryantasyon seksyèl

10 kesyon esansyèl sou oryantasyon seksyèl

Oryantasyon seksyèl se yon atraksyon emosyonèl, ewotik, seksyèl oswa afektif yon moun genyen pou yon lòt moun ki dire a travè tan an. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pote repons ak 10 kesyon esansyèl ki ka ede w konprann pi byen oryantasyon seksyèl moun.

Sep 03, 202317:07
Kòman ou ka modifye ABITID negatif yo ?

Kòman ou ka modifye ABITID negatif yo ?

Si abitid pozitif yo kapab rann ou pi pwodiktif oubyen amelyore kalite lavi w, ebyen sa ki negatif yo kapab yon antrav pou byennèt ak devlopman pèsonèl ou. Donk, li enpòtan pou elimine yo.

Aug 27, 202313:19
Ijyèn mantal

Ijyèn mantal

Ijyèn mantal fè referans ak yon ansam aktivite ak abitid ki pèmèt ou pwoteje panse ou, jere pi byen emosyon w yo, genyen yon konpòtman pozitif ak konstritif fas defi lavi a [...], sa ki ap amelyore kalite lavi pèsonèl ou   ak rapò w ap devlope ak lòt moun. 

Aug 20, 202312:60
Ki imaj ou gen de tèt ou ?

Ki imaj ou gen de tèt ou ?

Imaj yon moun gen de tèt li se yon reprezantasyon mantal sou kòman moun nan wè tèt li reyèlman. Imaj sa konstwi apati de eksperyans pèsonèl moun nan, sa lòt moun panse de li tou. Li se yon faktè enpòtan nan devlopman pèsonèl moun nan. 

Aug 13, 202315:50
Fè sante mantal ou yon priyorite

Fè sante mantal ou yon priyorite

Yon sante mantal ekilibre ap pèmèt ou atenn pi wo nivo potansyèl ou. Se pou sa, nan tout aktivite w ap fè yo, sante mantal ou pa dwe yon opsyon, men pito yon priyorite. Nan epizòd MANTALITID sa, w ap jwenn 5 pratik pou priyorize sante mantal ou.

Aug 06, 202315:51
Sante mantal, nan ka yon moun ki gen VIH

Sante mantal, nan ka yon moun ki gen VIH

Malgre anpil efò ki fèt, VIH/SIDA toujou rete youn nan pi gwo pwoblèm sante piblik nan mond lan. Estrès, anksyete, diskriminasyon, estigmatizasyon [...], viv ak VIH kapab yon eksperyans sikoljik konplèks, ki afekte sante mantal moun ki konsène a. 

Jul 30, 202315:01
« Homesickness » : sante mantal, nan ka moun k ap viv nan peyi etranje

« Homesickness » : sante mantal, nan ka moun k ap viv nan peyi etranje

Kite fanmi ak zanmi, tout sa w te gentan konstwi dèyè, pou al kontinye osnon refè vi w nan yon peyi etranje, souvan egzije yon depans enèji emosyonèl konsiderab. Sa ki konn afekte sante mantal anpil moun nan pwosesis adaptasyon ak entegrasyon yo. 

Jul 16, 202319:09
Sante mantal, nan ka moun ki paka fè pitit (enfètilite)

Sante mantal, nan ka moun ki paka fè pitit (enfètilite)

Enfètilite se yon eksperyans emosyonèlman epwizan, ki ka pwovoke tristès, fristrasyon, strès, anksyete, mete sou estigmatizasyon ki lye ak sijè a. Sa ki riske gen gwo enpak sou sante mantal moun oubyen koup ki konsène a.

Jul 09, 202319:57
Adiksyon a pònografi : yon danje pou sante mantal ou

Adiksyon a pònografi : yon danje pou sante mantal ou

Konsomasyon eksesif kontni pònografik ka gen gwo konsekans sikoljik sou lavi moun ki adikte yo ; konsekans non sèlman sou sèvo moun yo, sou vizyon defòme yo ka vin genyen sou rapò seksyèl yo, men sou byennèt yo de fason jeneral.

Jul 02, 202313:25
10 ABITID ki ka chanje lavi w konplètman 

10 ABITID ki ka chanje lavi w konplètman 

Woutin yo, tout sa w ap fè chak jou yo, fason w panse, reyaksyon w fas ak defi  lavi a [...], gen gwo enfliyans sou byennèt ou, kalite lavi w ak ak sa w  ta swete reyalize. Se sa ki fè li enpòtan pou w kiltive ABITID ki ka chanje lavi w nan fason pozitif.

Jun 25, 202315:51
Kilè yon moun se yon analfabèt emosyonèl ?

Kilè yon moun se yon analfabèt emosyonèl ?

Emosyon yo endispansab nan ekilib ak devlopman nou kòm moun. Men, si yo pa byen jere, yo riske gen gwo enpak negatif sou kalite lavi nou. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale de tout sa ou dwe konnen sou analfabetis emosyonèl e kòman pou fè edikasyon emosyonèl tèt ou.
Jun 24, 202313:31
Self-love

Self-love

Self-love pa yon demach egoyis, ni nasisik. Self-love, lanmou pou tèt ou, se yon pwofon eta apresyasyon pèsonèl, ki tradwi pa yon seri aksyon k ap debouche sou byennèt ou, epanouyisman sikolojik ou ak espirtyèl ou kòm moun.
Jun 18, 202316:17
Non, SWISID pa yon lachte

Non, SWISID pa yon lachte

Daprè OMS, chak ane, anviwon 700 mil moun swiside tèt yo nan mond lan. Ka swisid yo souvan rive nan moman kote moun nan ap fè fas ak yon kriz, ki depase kapasite l pou l afwonte li. Donk ki pa gen anyen pou wè ak lachte.
Jun 11, 202319:37
Twoub Seksyèl

Twoub Seksyèl

Twoub Seksyèl yo, se tout obstak klinikman sinifikatif, ki anpeche yon moun jwi plènman aktivite seksyèl li. Sityasyon sa konn tèlman preyokipe moun ki konsène a, li afekte byennèt li de fason jeneral. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale de tout sa w dwe konnen sou Twoub Seksyèl yo.
Jun 04, 202321:52
Yon gid k ap ede w nan peryòd DÈY

Yon gid k ap ede w nan peryòd DÈY

Dèy se yon pwosesis nòmal, natirèl. Se yon repons fas ak lanmò yon moun ki te enpòtan pou nou. Tout moun pa viv moman dèy yo menm fason. Gen moun ki pa janm rive fè dèy yon moun li te renmen. Sa ki riske pètibe byennèt emosyonèl li. Nan epizòd MANTALITID sa, nou ofri w yon gid pou ede w nan peryòd dèy.
May 28, 202319:33
Konpasyon pou tèt ou, se yon kle pou sante mantal ou

Konpasyon pou tèt ou, se yon kle pou sante mantal ou

Kiltive konpasyon pou tèt ou, se konpòte w anvè tèt ou ak menm lanmou, menm anpati ou t ap rekonfòte yon moun ou renmen ki nan yon moman difisil, aprè yon eksperyans dezagreyab.
May 21, 202315:54
Mwens PLENYEN, plis GRATITID

Mwens PLENYEN, plis GRATITID

Gen moun ki tèlman renmen PLENYEN, yo fè l tounen yon mòd de vi. Se yon atitid ki non sèlman nosif pou byennèt yo ak sante yo, men tou ki afekte rapò yo ak lòt moun. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale pou kisa li enpòtan pou kiltive plis GRATITID, olye w pase tout tan ap PLENYEN.
May 14, 202315:11
Dismòfofobi (obsesyon kòporèl)

Dismòfofobi (obsesyon kòporèl)

Dismòfofobi karakterize pa yon obsesyon ak panse eksesif yon moun pa sispann nouri sou yon defo souvan imajinè li konstate nan aparans fizik li. Pèsepsyon irasyonèl sa fè moun nan gen yon imaj negatif de tèt li. Sa ki ka mete l nan yon soufrans emosyonèl epi afekte byennèt li.
Apr 30, 202316:48
Li enpòtan pou pran yon POZ

Li enpòtan pou pran yon POZ

Responsabilite familyal, obligasyon pwofesyonèl [...], pou yon rezon ou yon lòt, vi anpil nan nou pwograme de fason otomatik. Nan chèche reponn ak egzijans lavi a fè nou, nou souvan bliye pran swen tèt nou. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale pou kisa li enpòtan pou pran yon POZ, konsakre tan ak tèt ou e kòman ou ka rive fè sa.
Apr 23, 202319:52
Twoub Anksyete

Twoub Anksyete

Si anksyete se yon reyaksyon nòmal pi ka genyen fas ak yon sityasyon ki parèt menasan, men lè li pèsiste san rezon ki jistifye l, li ka tounen yon maladi ki paralize epanouyisman w ak pwodiktivite w. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale sou tout sa w dwe konnen sou Twoub Anksyete yo.
Apr 16, 202312:50
Kriz Karantèn

Kriz Karantèn

« Kriz Karantèn » se yon peryòd de dout nan lavi nou, kote n ap remete tout bagay an kesyon. Se yon moman bilan ki vini ak kèk sentom ki ka afekte prèske tout aspè nan lavi moun ki konsène a. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale sou tout sa w dwe konnen sou « Kriz Karantèn » nan.
Apr 02, 202315:42
Enpòtans NITRISYON nan sante mantal

Enpòtans NITRISYON nan sante mantal

Manje de fason ekilibre pa sèlman esansyèl pou kò fizik la, men li fondamantal tou pou bon ekilib sèvo a. Nan epizòd MANTALITID jodi a, nou pale sou kòman sa n ap manje yo ka enfliyanse sou sante mantal nou.
Mar 26, 202314:57
Somatizasyon (lè doulè emosyonèl yo transfòme an doulè fizik)

Somatizasyon (lè doulè emosyonèl yo transfòme an doulè fizik)

Eksperyans doulè emosyonèl yon moun te fè nan lavi l, ka anjandre maladi fizik ki reyèl. Fenomèn sa rele SOMATIZASYON. Se de sa nou pale jodi a nan nouvo epizòd MANTALITID la.
Mar 19, 202314:09
« Voye je sou sante mantal ou » - Opak

« Voye je sou sante mantal ou » - Opak

Tematik tankou sante mantal te toujou entèrese Opak nan kreyasyon li. « Pran Swen Tèt Ou » se yon egzanp. Sou tit sa, rapè a enspire de eksperyans pèsonèl li pou envite piblik voye je sou sante mantal li. Li te nan MANTALITID pou pale sou enpòtans sante mantal karyè kòm atis.
Mar 12, 202326:45
Enstabilite emosyonèl

Enstabilite emosyonèl

Enstabilite emosyonèl fè referans ak tandans yon moun genyen pou l prezante chanjman enprevizib e rapid nan emosyon, santiman li de tanzantan san rezon valab. Twoub sa souvan akonpanye de kèk sentom ki ka afekte sante mantal konsène a.
Mar 05, 202315:26
Kòman "Franc-maçonnerie" ka ede nan ekilib emosyonèl yon pratikan ?

Kòman "Franc-maçonnerie" ka ede nan ekilib emosyonèl yon pratikan ?

Mit ak kliche sou "Franc-maçonnerie" yo anpil. Poutan, pou pratikan yo, òganizasyon sa ede yo vin yon pi bon moun nan lavi yo. Se ka pa egzanp Kenley Talmer k ap pale de eksperyans li nan MANTALITID, kòman "Franc-maçonnerie" patisipe nan byennèt emosyonèl li.
Feb 26, 202326:44
Kòman kwayans yon kretyen ka ede nan ekilib emosyonèl li ?

Kòman kwayans yon kretyen ka ede nan ekilib emosyonèl li ?

Kwayans, lafwa, esperans..., kòman estil de vi yon kretyen ka ede nan ekilib emosyonèl li ? Claudelson Thébeau ki grandi nan legliz ap pale de eksperyans li nan epizòd MANTALITID sa.
Feb 19, 202337:37
Kòman pratike vodou ka ede nan ekilib emosyonèl yon moun ?

Kòman pratike vodou ka ede nan ekilib emosyonèl yon moun ?

Kwayans, prensip, seremoni [...], malgre kliche ak prejije, kòman pratike vodou ka ede nan ekilib emosyonèl yon moun ? Nan epizòd MANTALITID sa, manbo Sophia Fécu ap pale de eksperyans li.
Feb 12, 202340:40
Fanmi disfonksyonèl : enpak sikoljik sou lavi timoun yo

Fanmi disfonksyonèl : enpak sikoljik sou lavi timoun yo

Fanmi an se yon espas fondamantal nan devlopman jeneral timoun yo. Lè kondisyon yo pa reyini, sa riske gen gwo enpak sou byennèt sikoljik yo. Nan epizòd MANTALITID sa, Sikològ Jacques Sinsurin pale sou konsekans yon fanmi disfonksyonèl ka genyen sou lavi yon timoun.
Feb 05, 202337:08
Selmy Accilien : « Pou mwen, ekri se yon terapi »

Selmy Accilien : « Pou mwen, ekri se yon terapi »

Talan, motivasyon, enspirasyon, ekri kòm aktivite entèlektyèl patisipe nan byennèt emosyonèl ekriven yo. Nan epizòd MANTALITID sa, Selmy Accilien ki se otè divès liv ap pale n de eksperyans li ak literati.
Jan 29, 202338:02
Tout sa w dwe konnen sou Dyalòg Sante Mantal

Tout sa w dwe konnen sou Dyalòg Sante Mantal

Dyalòg Sante Mantal se yon pwogram ki vize sansibilize popilasyon an sou enpòtans sante mantal. Nan epizòd MANTALITID sa, Sikològ Frandy Pierre-Louis ki se inisyatè aktivite sa ap bay plis detay sou pwogram nan.
Jan 22, 202333:21
Literati, kòm faktè byennèt emosyonèl

Literati, kòm faktè byennèt emosyonèl

Talan, sous enspirasyon, pasyon pou literati, motivasyon elatriye, aktivite ekri kapab yon faktè byennèt emosyonèl pou yon ekriven. Nan epizòd MANTALITID sa, Samuel Taillefer (powèt) ap pale nou de eksperyans li ak literati.
Jan 15, 202336:38
Èske l nesesè pou PADONE ?

Èske l nesesè pou PADONE ?

PADONE pa toujou yon egzèsis fasil, sitou lè nou nouri rankin ak dezi vanjans pou yon moun ki te koze nou yon tò. Men, kiltive padon enpòtan pou sante mantal ou e li ka ede ou geri sikatris emosyonèl sa k pase a. Se de sa nou abòde nan epizòd MANTALITID jodi a.
Jan 08, 202315:35
7 move abitid ki se yon danje pou sante mantal ou

7 move abitid ki se yon danje pou sante mantal ou

Pou yon sante mantal ekilibre, tout ti detay nan lavi w konte, sitou abitid yo ki souvan tounen yon mòd de vi san ou pa rann nou kont. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pataje ak ou 7 move abitid ki ka yon danje pou sante mantal ou.
Dec 25, 202221:16
MANTALITID : Epizòd 100 (edisyon espesyal)

MANTALITID : Epizòd 100 (edisyon espesyal)

Pou santyèm epizòd MANTALITID sa, nou prezante w yon edisyon espesyal ak ekstrè nou chwazi nan yon dizèn epizòd, kote envite yo t ap pale sou divès tematik ki gen rapò ak sikolji, sante mantal elatriye.
Nov 13, 202228:03
« Etidye Sikoloji fè m vin yon pi bon moun » : Steevens Séraphin

« Etidye Sikoloji fè m vin yon pi bon moun » : Steevens Séraphin

Vokasyon, dezi pèsonèl, enfliyans sosyal, divès faktè kapab detèminan nan chwa karyè pwofesyonèl yon moun. Nan epizòd MANTALITID jodi a, Stevens Séraphin ap pale nou pou kisa l te chwazi etidye Sikoloji, kòman etid sa patisipe nan kalite lavi li.
Oct 23, 202231:54
Ki enpòtans yon bon sante mantal ?

Ki enpòtans yon bon sante mantal ?

Demen 10 oktòb la se ap Jounen Mondyal Sante Mantal. Pou okazyon an, nan epizòd MANTALITID sa, nou pale sou enpòtans yon bon sante mantal nan reyalizasyon w kòm moun ak estrateji pou ka gen yon sante mantal ekilibre.
Oct 09, 202222:04